Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Revue & présentation de livres
Book Reviews & presentation
Revi ak prezantasyon liv

A glimpse at Haitian Literature
Un coup d’œil sur la littérature haïtienne
Yon koutje sou literati ayisyen

Koutje sou Anba Bòt Kwokodil (I)

—Yvon Lamour, edikatè

Nan sant Anba Bòt Kwokodil se kijan diktati boutdi Divalye yo te drese malsite, pikankwenna ak peripesi pou tout kouch sosyal nan peyi a ki te blije oubyen ba yo lebra, oubyen ba yo legen. Sa ki pat kontan: mouri poul yo, mouri, oswa anbake. Tout tras lavi Jozafa ak Malèn sèvi pou charye lide santral-prensipal sa a. Egal, si Patrick Sylvain, kreyatè zèv la, fè Jozafa, Malèn, Èzila, Delfis, Bòs Pengal, Dariyis, ak Madoun posede tout bèl kalite, epitou Rafayèl, Jera Mak-Antwàn, Madan Ogis tout move defo ki sou latè, se pou yo ka soutni lide santral li vle deplòtonnen pou lektè a. Pèsonaj sa yo, lè yo bon, yo bèl tou nan tout fòm kò yo, fòm figi yo ak bafon gwobonnanj yo; mentou, lè yo se demeplè, lèdte anvayi yo ni nan kò fizik yo ni nan etadam yo. Rete tann ou fin kontre ak pèsonaj sa yo pou w wè si w ap dakò ak mwen.

La couverture de Anba Bòt Kwokodil.

Kòm lektè, gen kèk kesyon pou w poze tèt ou ki ka ede w degiste epi konprann Anba Bòt Kwokodil. Kisa ki t ap pase nan peryòd la? Ki tras Lokipasyon Amerikèn kite nan liv istwa Ayiti? Kijan François Duvalier te prezante tèt li, lè li te kandida alaprezidans? Ki tretman rejim li an te bay patizan li, opozan li, ansanm ak rès moun nan sosyete a? Kijan rejim nan te itlize kilti ak tradisyon natif-natal yo kòm poudozye pou li te lolo patizan, kaponnen opozan, epitou anglouti ak anvlope peyi a? Kijan opozan te konn òganize tèt yo anba bòt kwokodil rejim nan? Poukisa otè a foure non kwokodil nan tit zèv la, lè se pentad ki te senbòl rejim nan? Kwokodil ak bòt reprezante kisa? Èske ou ta renmen fè konesans, oswa rafrechi memwa w sou tranch istwa lokipasyon meriken ak pasaj rejim makout la nan istwa global peyi a? Kòdsansib tankou non Desalin ak Petyon, zafè nwa ak milat, koze lavil ak andeyò, kesyon vodou ak krisyanis se kòdsansib rejim nan te itilize agogo pou li bouche zye, mòfreze sèvo, antòtye konsyans, epitou boulvèse gwobonnanj moun yo. Anba Bòt Kwokodil kapab sèvi w repons kesyon sa yo nan bon ti mamit, kòmsadwa, ak latriye detay kòm degi mete sou ou. Dizondi, si w te viv nan epòk la, Anba Bòt Kwokodil ap fè w reviv li; si w pat viv li, l ap louvri zye w sou li; si se premye fwa w ap li sou bout istwa Ayiti sa a, ou p ap kapab depoze liv la atè, lè w tanmen li li.

Otè a itilize anpil dyalòg ak rakontay pou li kenbe lide prensipal-santral la nan tras li. Fraz long ak fraz kout manbre, balanse tribòbabò, makònen anba anpil mo nouvo k ap simen deskripsyon ak detay ponmen, fen, fètefouni. Pèsonaj yo anpenpan nan wòl yo chak ap jwe yo, epitou non yo pote senbòl ak makfabrik ki depi nou repete yo nou rekonèt yo lapoula kiltirèlman. Konsa, Èzila pa sèlman yon bèl fanm, men otè a detaye tout langay ki souke tout sans nou yo pou fè nou santi bote ak gangans manman ak madanm Jozafa sa a. Ogoul ak Ayida se 2 ti marasa ki pi replè epi pi entèlijan ki rive fèt, kale nan Difò. Ti chyen Jozafa pa vle wè a, pa sèlman mèg, men maleng sou do li, jan li jape ba li yon plas espesyal nan istwa epi anndan imajinasyon nou tou. Tout ti detay nan tout trajè Jozafa fè yo, depi li kite Difò, pase pa Maryani, al tonbe Kafou jouk li rive Pòtoprens, se detay ki deploye kat jeyografi zòn nan nètalkole. Makoutis dizuikara Onora parèt tou limen, toutouni nan defans kin msye pa janm sispann fè pou rejim nan. Ositou, nanpwen pyès kachelonbrit nan pwoteksyon sanpousan msye bay lafami Bwanèt. Pran san w epi pran tan w pou w tòtòt chak sèn, chak sitiyasyon, chak evènman; apresa, pije yo ansanm pou gou ak dekiprevyen zèv la vin retonbe sou lang ak nan gòj ou. Detrese tout jès, tout siy, tout siyal ak tout pawòl pèsonaj yo ki pou ede w devwale etadam yo, peripesi yo ak bivize yo. Al dekouvri koutkodak listwa, al degiste bèlte lakilti, al pran beny lengwistik total Anba Bòt Kwokodil rezève pou ou alèzman nan eskèlèt ak zantay li. Anba Bòt Kwokodil vin kore vansman lang kreyòl, literati ak oralti natif-natal ayisyen potorikman. Gade wè si se vre!

Wè pa wè, lide prensipal-santral la fofile kò li nan tout rakwen, tout fetay, ak tout bafon Anba Bòt Kwokodil; latriye senbòl ak konparezon tonbe deplòtonnen nan vatevyen toupatou. Senbòl ak konparezon ki vini sou fòm analoji, fòm metafò, fòm mistik-lafrik, ak fòm kwayans doukla. Pwezi melanje ak pwòz nan jan pèsonaj yo kontanple, dyaloge, epi entèraji yonn ak lòt. Sanble tout pèsonaj yo maton nan kore ak konpare santiman ak aksyon yo avèk fòs pyebwa yo, dousè mango, bèlte syèl la ak rès peyizaj nan kanton Difò a. Langaj figire, sispens, iwoni, konviksyon, ak pwisans tradisyon lakay fè kenken anba bouch ak jès Delfis, Madan Ogis, Mari, Madoun, Jozafa, Malèn, san nou pa bliye Èzila ki pran premye mayòl pou konviksyon li. Istwa peryòd la layite tout longè anba bouch pèsonaj yo. Gendelè menm, lè fanmi Bwanèt ap manje ansanm, lè Delfis ap simen lanmou sou Èzila, lè tout moun nan Difò rasanble pou selebre maryaj Jozafa ak Malèn, atout anpil sitiyasyon sosyal malokipe kontinye pandye sou tèt Difò, nou kòm santi kontantman ak tèt-ansanm sa yo vin tounen jèvrin pou ede popilasyon an sikonbe epi reziste anba koutpye kwokodil la sere anba bòt li pou yo.

Pou m fini, mwen ta vle se ou-menm menm ki pran san ou ak tan ou pou ou li epi al dekouvri pèsonaj ki anndan Anba Bòt Kwokodil yo. Piga bliye founi sèvo w pou iwoni ak sispens ki kache nan lanmò Rafayèl ak Bòs Masèl la pa chape anba zye w. Anba Bòt Kwokodil pote yon rezèvwa pou chak lektè ka puize nan michan koutkodak istwa sa a, ansanm ak lakilti ak richès lang kreyòl ayisyen nou an. Sekans lan pati konsa: repozwa, rezèvwa, epi repètwa. Dizondi, Anba Bòt Kwokodil se yon rezèvwa istwa, kilti, ak lang natifnatal lakay; al puize ladan li pou ou bati pwòp repètwa pèsonèl pa ou, menm jan otè a te ale nan repozwa idantite nou pou li te ka jwenn zengredyan pou bati zèv li a. Puize nan Anba Bòt Kwokodil pou w aprann pale, li, epi ekri kreyòl ayisyen; fè konesans ak pèsonaj ki charye senbòl ak tradisyon lakay nan konpòtman yo; dekouvri kreyativite Patrick Sylvain kòm ekriven. Moun ki fèk kòmanse li kreyòl ap jwenn pa yo, sa ki gentan maton pral benyen sèvo yo nan deskripsyon fètefouni ki charye digdal detay ak presizyon. Rès sa ki rete pou fèt la, se ou-menm ki pral plonje benyen byen fonn nan lekti zèv la lapoula.

—Yvon Lamour, MEd, MSW
Edikatè SDKA-Sant Devlòpman Kreyòl Ayisyen
Cambridge, Massachusetts, Etazini, me 2015

Koutje sou Anba Bòt Kwokodil (II)

—Josaphat-Robert Large, ekriven

Ou annik louvri roman Anba Bòt Kwokodil Patrick Sylvain an, gen yon ekriti siwolin ki kòmanse trase chimen l’ nan lespri ou. Depilò a, ou kòmanse jwi ak rekòt bèl mèvèy k’ap fleri nan chan paj yo. Chay silab yo, bèl òganizasyon fraz yo ki ekspoze nan gadmanje zèv la, kenbe atansyon ou, fè w pa fouti depoze liv la. Enpi, menm lè blakawout nwaye limyè lakay ou, pou goumen ak anvayisman fè nwa, lè sa a, ou limen balèn, ou kapte tibout limyè lalin melanje ak zetwal, pou rapouswiv lekti roman an. Ou pa kapab mete liv la akote, ni ou pa kapab nonplis tann solèy leve pou plonje nan paj kote ou te rive a, anvan blakawout la. Se nan konsa, lantouraj ou vlope ak tibout limyè adwat-agòch, ou repran lekti a, pou vale pleziman liv la. Sijè roman an chita sou 2 kat jewografi kote wout lepase vinn kontre ak wout leprezan, pandan y’ap travèse, depak-anpak, bèl chan kiltirèl peyi nou an. Wout lepase a tèlman byen klere, li fè w konprann pi byen, ki direksyon wout leprezan an ap pran, epi poukisa peyi a ap woule tout boulin nan yon katastwòf pèpetyèl.

La quatrième de couverture de Anba Bòt Kwokodil.

De pwotagonis enpòtan nan istwa a se Èzila ak Dèlfis, de manm potomitan nan peyizannri a ki plonje rasin yo nan yon epòk chanyè nan dewoulman istorik peyi Dayiti a. Pou jenès ki wè lejou apre ravaj diktati a, liv sa a, s’on sous inepuizab kote evènman ki te make letan istorik peyi nou an ap jayi san rete, soti nan peryòd Okipasyon 1915 la, rive nan eleksyon tètchat ki te sele chwal pou mete diktati a opouvwa. Yon diktati ki te rive galope jan l’ pito, nan savann tout depatman nou yo, soti nan Nò rive nan Sid, lè li finn kraze-brize nan Nòdwès, nan Latibonit, nan Lwès ak nan Sidès.

Sepandan, pou moun tankou m’ ki te viv yon bon pati nan tranch listwa sa a yo, lekti delisye liv la, se kòmkidire m’ te chita nan yon bèl sal sinema kote m’ap rewè, devan je m, depi epòk kout rigwaz lakay frè-de-lenstriksyon kretyèn yo anvan w’al tonbe anba lasimay kokomakak jandam byen fòme lame Meriken yo te kite pou nou, san bliye wonwonman DKW nan mitan lannwit, lè Makout ak Fiyèt Lalo t’ap mache ranmase kretyen vivan pou al lage kadav yo, toutouni, nan fòs komin diktati a te bati, nan yon simityè istorik ki rele: Fò Dimanch!

Epi, nan ane 2015 lan kote mwa jiyè sa a pral make santnè Lokipasyon amerikèn lan, lektè Sylvain yo gen pou emèveye anba bèl dekouvèt istorik yo pral fè, nan tout paj liv la. Tout konsekans, tout eritaj, ansanm ak tout deblozay pasaj Lokipasyon an kite sou sòl nasyonal la, yo tout tonbe anba analiz anfinès ki gen pou retni atansyon lektè yo. Eske zòt te konnen, anvan li te vire paj premye chapit yo, ke Blan Meriken, sòlda Merinn yo, te konn achte bèl fanm ayisyèn ke yo te pran kòm metrès, nan lakou lakay yo? Yo pa te bezwen liyen medam yo, yo pa t’ menm bezwen pale avè yo, pou fè lakonesans. Y’annik pwofite de sitiyasyon ekonomik andepatya lafanmi yo, pou achte medam yo, lajan kontan. Se youn nan tematik ki pi solid nan liv la: acha Èzila Merinn Ernst Anderson te fè. Lè sa a, li te bati yon kay mete manzèl, sou yon pwopriyete 3 kawo tè, nan pòtay Difò. Se manman Èzila, Mari-Jo, ki te mennen negosyasyon yo, san Èzila pa janm konnen pou konbyen yo te achte li. Kay la te gen 5 pyès, kuizin enpi yon latrin nan lakou a. Èzila se te yon nègès siwomyèl, yon fanm ki te kanpe sou yon fòm alapèfeksyon, yon bote dlo dous nan kannari, ki, lè l’ t’ap pase nan lari, te rale je tout gason, depi sa ki te deyò rive sou sa ki t’ap swiv nan jalouzi fenèt lakay yo. Grasadyemèsi pou Èzila, sòlda Anderson ki te pi gran pase li, te anbake, pi-vit-ke-previ pou vwayaj li nan peyi san chapo. Kifè, bèl nègès la te reprann libète li, alòske bote li t’ap klere toujou anba limyè solèy. Nan estad chapit nan liv la ki relate chanjman enpòtan sila a nan lavi Èzila a, lektè yo tonbe sou dewoulman yon pwoblèm ekzistansyèl, yon deblozay ki soti nan eritaj istorik nefas ki lakòz pitit peyi a ap goumen ak gwo kontradiksyon kote avni yo makonnen ak kontraryete, soti nan yon jenerasyon ale nan yon lòt.

Ki pòt ki louvri devan yo, nan koulwa kote y’ap mache tankou avèg, sou wout ekzistans yo? Pou nou tounen nan roman an ak plis presizyon, ki pòt ki te louvri devan Jozafa Bwanèt, yon jenn gason k’ap mache nan tout paj liv la? Jozafa, se pitit Èzila ak nouvo mari li, Dèlfis. Wi, ki pòt ki louvri devan l’, ki ta pèmèt li rantre nan ekzistans li, ou jan pou l’ mennen yon vi makonnen ak fyète?

Sitiyasyon ekzistansyèl Jozafa a, ki se yon patriyòt, yon revolisyonè lan nanm li! Yon sitwayen ki pa renmen direksyon peyi a ap pran, ak yon lame boure ak jeneral, kolonèl, kapitèn; yon lame Blan Meriken kite dèyè yo, tankou yon siga ki limen nan 2 bout.

Wi, kisa lavi a gen pou li ofri yon jenn gason tankou Jozafa? Yon jenn ki gen yon konsyans ki leve nan kò l’ ak fòs solèy la, yon jenn ki marye ak yon filozofi ki vizyone yon Ayiti k’ap emèje ak pwòp pwodui alimantè li, nan mitan pwòp kilti li. Jozafa pa te mete konfyans li nan sistèm eskolè ki t’ap tanmen nan epòk li a: yon sistèm k’ap mete lang kreyòl la akote, pou l’ leve drapo lang franse a, ak tout djakout kiltirèl li bwote avèl la, nan kouran konesans pwofesè ap boure nan nan tèt elèv yo. Ale lekòl: se tonbe nan yon sistèm edikatif k’ap voye kilti peyi Lafrans monte, pandan l’ap kraze valè kiltirèl pa nou yo, avèk èd, osnon apui Monpè ak Pastè k’ap mande jandam lame tètchat la pou yo kraze-brize tanp Vodou nou yo: Oumfò, Lakou, enpi mande yo arete Bòkò ansanm ak Hounsi, ansanm ak Hougenikon, ansanm ak Chanpwèl, ansanm ak tout sèvitè ki ofri relijyon pèp la konfyans yo. Yon sistèm eskolè ki deklare kreyòl pa yon lang tankou tout lang, kidonk, sa vle di: se sèl moun ki konn pale franse ki merite lapatri.

Ki lòt opòtinite ki sou wout ekzistans Jozafa? Rantre nan lame, al fè jandam? Lè sa a, w’ap vinn yon pyon nan kan lennmi pèp la. Nan kan kote ou pral simen kout baton sou pwòp frè ou yo. Lektè yo gen pou dekouvri, nan finès analiz yo, sipò ak konpreyansyon Èzila ak Dèlfis, paran Jozafa yo, ki ap mete tèt yo ansanm pou ede pitit yo dekouvri wout lavi li. Wout ki byen trase pou l’al debouche, tout boulin, nan sa ki konsène peyizannri ayisyèn nan!

Nou pa gen entansyon, nan ti prezantasyon sila a, pou nou devwale tou sa ki nan bwat sekrè roman Anba Bòt Kwokodil Patrick Sylvain an. Nou te senpman vle trase yon ti santye pou ede lektè yo rantre nan chan bèlte liv la. Sepandan, fòk nou ajoute ke metriz otè a nan keksyon lekriti kreyòl la, li pa gen parèy li nan literati nou an. Tout detay ki tonbe anba plim sa a, yo jwen yon demonstrasyon estetik ki fè yo parèt, klè kou dlo kòk. Kanta pou bèl imaj ki simaye nan paj liv la, yo eklate ak tout limyè yo, nan tout chapit yo. An nou, pou n’ fini, mete kèk nan imaj sa a yo atè, nan tèminezon prezantasyon nou fè la a, san nou pa anpyete sou bèl sipriz ki pral anvayi lespri lektè yo, nan avansman lekti yo nan liv la.

  1. Depi kòk chante, teyat lavi kòmanse jwe!
  2. Zizi, tèlman mwen renmen ou, si m’ te kapab foure kòm nan kò ou, m’ ta rantre floup pou kò m, fonn andedan ou jiskaske nou tounen youn pou letènite.
  3. Mabouya ap gazouye sou pouvwa, peyizan tounen machann, machann tounen vòlè, vòlè tounen militè, militè tounen popetwèl.
  4. Chante lakou a te byen klase nan zòrèy Jozafa ki t’ap wose drapo lakilti pa l’ nan konba lajenès kont tilititi sosyal.

Mezanmi, lè ou fin li bèl imaj sa a yo, kijan pou gen odas pou kanpe epi deklare, ak tout sanfwa ou: kreyòl pa yon lang ki kapab ofri kilti ayisyèn nan yon literati.

—Josaphat-Robert Large, ekriven

A collective publication and collective publishing house, to buy books, click here:
pour acheter des livres, cliquer ici:
pou achte liv, klike la a:

Les dards empoisonnés du denizen

de Denizé Lauture : une inévitable épiphanie poétique

—par Frantz-Antoine Leconte

La vallée de Jacmel, petite ville du Sud d’Haïti, nous a fait un cadeau significatif en faisant émigrer à la mégalopole de New York l’aîné, très talentueux, d’une famille paysanne de treize enfants en 1968. L’ouvrier, soudeur de Harlem, se promène durant les premiers jours dans cette ville mythique, puis, fréquente l’université pour parachever sa révolution et sa métamorphose. Les étoiles de l’appareil de soudure sont vite mises en veilleuse au profit de l’éblouissante lumière du monde de la culture, des lettres et du soliloque.

La couverture de Les Dards Empoisonnés du Denizen.

Ce nouveau monologue intérieur qui aspire à traduire les espoirs multiples, s’amplifie pour explorer les rêves d’un immigrant, d’un étranger, d’un ermite, d’un animal littéraire, prisonnier d’un pays triptyque. En permanence. C’est que, le créole haïtien, le français et l’anglais, bien plus que des langues, créent des cultures qui pèsent chacune à sa manière sur le quotidien de ce denizen, son habitat, ses cellules, son être et son âme.

Pour véhiculer les impressions, sentiments et réflexions, et surtout le message de soi et de la collectivité, on doit aller sur les bancs des écoles supérieures. Les langues, la sociologie et la pédagogie s’érigent en un passage obligé efficace. Il l’aide à construire cette capacité ou cette pratique multiple, polyphonique, tout bonnement providentielle. Ce savoir étendu devait transparaître si bien dans les pages de Black American Literature Forum, Artist and Influence, Callaloo, Drum Voice Review, Littéréalité, Présence Africaine et Tanbou, de prestigieux magazines des États-Unis et du monde international.

Ce grand travailleur des lettres ou ce héraut de revendications existentielles dans un lyrisme toujours beau, simple, éloquent et voire cosmique, se souviendra de sa terre originelle, de ses premiers pas, comme de sa langue première dans Boula pou yon mètamòfoz zèklè (« Les chants de notre métamorphose nationale », 1987), Madichon sanba dlo nan sensè (« La malédiction de la rivière Sincère », 2003). Certains des poèmes traduisent une souffrance viscérale centenaire et collective, l’honneur et la fierté du guerrier noir, ainsi que les espérances des citoyens, véritable somme de travail et d’efforts placée dans un cadre poétique séduisant qui sert à la défense de la collectivité.

On relève de la même veine remarquable dans : When the Denizen weeps (« Les sanglots du dénizen », 1989), The Black Warrior and Other Poems (« Le guerrier noir et autres poèmes », 2006) et Denizens of Hope (« Citoyens de l’espoir », 2013). Denizé Lauture sait mieux que nous qu’il faudra passer la torche ou le flambeau à la jeunesse montante. C’est pourquoi il écrira avec soin et une pénétrante sensibilité cette manifestation de solidarité : Father and Son (« Le père et l’enfant »,2009), Running the Road to ABC (« Sur la route de l’ABC », 2000), Mother and daughters (« La mère et ses filles », 2004), qu’il espère être une forme d’héritage ou peut-être d’initiation à la jeunesse. Denizé après les ouvrages de cette littérature pour la jeunesse rédige des nouvelles que Stories From the Bottom of my Heart (« Histoires du plus profond de mon cœur », 2011) illustre. Cependant un grand nombre de poèmes seront aussi publiés dans des ouvrages collectifs.

La quatrième de couverture de Les Dards Empoisonnés du Denizen.

Puis, viennent à la suite d’une publication constante les prix et distinctions littéraires : en 1993, la NAACP (National Association for the Advancement of Colored People) lui décerne un certificat de mérite pour Father and son (1993). La bibliothèque Donnell à New York devait aussi retenir en 1997 Running the Road to ABC (qui a reçu le Coretta Scott King Award) comme l’un des cent livres à lire et à partager. Donc, de glorieux et inoubliables antécédents nous conduisent vers Les dards empoisonnés du denizen (2015), son plus récent recueil de poèmes. Quelle est notre réaction vis-à-vis de cet ouvrage ?

Dès le début, Denizé fait preuve d’une très convaincante créativité. Le mot « denizen » qu’il emploie témoigne d’un souci d’ordre phonique d’une part, parce que le vocable reproduit presque entièrement son prénom. Il n’a qu’à éliminer le n final de l’anglais pour ajouter un accent aigu sur e. Le vocable en anglais et en français s’articule dans un ordre de synonymie étroite. La préoccupation sémantique fait preuve d’une grande imagination. D’abord et surtout, un « denizen » a une charge polysémique. Il demeure une entité qui cherche son implantation dans un milieu quelconque. Ce qui suggère déjà un processus d’émigration et d’immigration et même la recherche du bonheur au-delà du pays natal. S’agit-il d’un ermite, d’un être, d’un monstre qui habite une contrée dont il ne fera jamais partie ou à laquelle il ne sera jamais tout-à-fait intégré ? Peut-il demeurer un être de nulle part?

Alors que ce débat risque de continuer à l’infini, son odyssée ou du moins celle qu’il décrit semble introduire un être indestructible que « l’essence cosmique » a engendré, qui habite dans la braise, dans le feu, dans les flammes et qui réussit, à l’instar d’un alchimiste, la fusion de tous les cœurs : la « communion universelle ». La chaleur du feu, les douleurs aiguës des brûlures, les flammes rougeoyantes, un cœur déchiré, des poitrines frustrées peuvent constituer ensemble une épreuve d’épuration de l’être et une libération de toutes les contraintes et de tous les carcans qui permettent d’atteindre au « plus désintéressé amour ». Faut-il véritablement croire que la plus grande violence possible puisse permettre l’accès à « l’amour le plus désintéressé » ? Encore de profondes contradictions. Mais la surprise ne serait créée que par leur absence, car la poésie de Denizé semble se nourrir d’elles sans cesse pour augmenter sa tonicité et accentuer sa tension et sa profondeur.

Encore des images incandescentes : la torche produit de la lumière, du feu, qui s’unissent aux rayons dorés du soleil. Il faut aussi prendre en compte les étincelles qui créent « une fournaise pour illuminer un monde en liesse ». Le seigneur qui est « le roi des rois », « le grand des grands », « la lumière des lumières », par un surprenant paradoxe, peut être aussi les ténèbres des ténèbres : la plus grande clarté, mais aussi, la plus grande noirceur. Peut-on conceptualiser un être ou une entité pouvant être à la fois l’extrême clarté et l’extrême ténèbre : une chose et son contraire pour l’éternité ?

On relève aussi une sorte d’hagiographie négative quand dans un décor wagnérien : un ciel rouge, des éclairs fulgurants, des orages, du tonnerre, le narrateur nous fait surprendre la « très sainte Vierge et son enfant sacré, unis voluptueusement » dans ce qu’il faudrait appeler un inceste d’ordre divin. Est-ce que la poésie de Denizé Lauture ferme tout accès à la rédemption spirituelle ou mystique ? Le narrateur n’est-il pas parvenu tout près d’un gouffre blasphématoire ? Comment peut-on être certain qu’il ne fera pas le plongeon ? S’agit-il ici de tendances ou de tentations de vantardise, d’héroïcité ou d’héréticité, ou des trois à la fois ? Est-ce la folie avant la raison ? Mais, est-ce que trop d’objectivité ne torpillerait-elle pas la mission de la poésie comme bâtisseuse de rêves ? Et la condamnation de la divinité ne correspondrait-elle pas à une sorte de défi ou d’accusation prométhéenne ou plutôt à une hyperbolisation ou surenchère poétique. Très peu d’entre nous osent prendre autant de risques par ces périlleuses interrogations de la divinité.

Encore en véritable alchimiste ou plutôt dans une veine paradoxale, il organise une authentique orgie cosmique. Cet être qui baisait « toutes les lascives prunelles » et qui, par son « essence de feu, a forniqué avec toutes les braises, toutes les étincelles » pour réaliser l’orgie entre la chair et les astres, des éléments qui n’appartiennent pas aux mêmes règnes. Ne pourrait-on former une école à partir de l’œuvre de Lauture qui parviendrait à un statut paradigmatique ? Hélas, les États-nations et leur diaspora ne se communiquent pas aussi intensément qu’on le voudrait. Il y a des pans de la culture autour desquels on n’engage pas de dialogue. Regrettablement.

C’est vrai qu’on doit s’armer de courage et de patience pour effectivement appréhender l’univers éthique, métaphysique et symbolique de Denizé Lauture qui nous fascine. En revanche, malgré toutes les interrogations qui subsistent sur et dans son œuvre, sa poésie demeure intelligible. Certainement. Cependant, elle s’annonce comme un puzzle qu’on doit reconstruire lentement. Une quête qui incite à l’exploration d’un univers de contraste, paradoxal, multicolore, ou une mosaïque merveilleuse qui semble être rassemblée par une opération magique ou alchimique. Et qui nous entraîne au-delà des bornes des êtres, dans l’inconnu, vers l’infini ou plutôt vers une inévitable épiphanie poétique.

—Frantz-Antoine Leconte, essayiste, docteur ès lettres

A collective publication and collective publishing house, to buy books, click here:
pour acheter des livres, cliquer ici:
pou achte liv, klike la a:

Critique de la francophonie haïtienne

Paris L’Harmattan, 2007, ISBN 978-296-04323-7; Pp 240, 21,00 €.

—a review by Flore Zéphir

La Professeur Flore Zéphir m’a gratifié d’une excellente recension de mon livre publié en 2007. Dans seulement deux pages de textes elle a capturé l’essentiel des points fondamentaux que j’y ai soutenus, et cela avec une clarté discernante qui m’a beaucoup impressionné. Nous avons grand plaisir à la partager ici avec les lecteurs de Tanbou.

La couverture du «Critique de la francophonie haïtienne.»

Dès le titre, la lectrice peut déceler que le principal objectif de Tontongi est de mettre en question les raisons qui poussent beaucoup d’écrivains haïtiens à s’obstiner à écrire seulement en français, langue qui selon lui représente encore un héritage de domination. À cette fin, Tontongi propose dans son ouvrage “une perspective de redressement dans le sens d’une parité qui établisse la balance et le respect entre les deux langues et cultures”.(9)

Aucun des grands écrivains n’échappe à sa critique. Il reproche à Price-Mars, à Roumain, à Stephen Alexis et à Depestre de n’avoir pas compris que la libération sociopolitique et culturelle d’Haïti ne saurait être complète si la langue créole n’était valorisée. Ici, on présume que Tontongi aurait voulu que cette valorisation fût reflétée dans leur choix du créole comme langue d’écriture. Il ne voit pas non plus de bon œil la formule adoptée par les écrivains de l’indigénisme qui écrivaient “dans un français parsemé d’images créoles”.(16)

En effet, il dénonce violemment cette formule d’écriture qu’il qualifie de “syncrétisme créole-français” qui, selon lui, favorise le français dans le rapport de force. En outre, il estime que dans beaucoup de cas (excepté peut-être pour Roumain), ce syncrétisme conduit “à la bâtardisation des deux langues” et qu’il ne saurait créer “des œuvres sérieuses dans la langue créole.” Bien au contraire, Tontongi prétend que le syncrétisme ne fait que pérenniser la condition subalterne du créole. Son message pour les écrivains haïtiens est très clair: Pas de mélange, car ce mélange est encore de la “francitude colorée”.(17)

C’est dans cette optique qu’il remet sérieusement en question la notion de métissage ou de mélange proposée par Condé. Il préconise la continuation de la production d’œuvres uniquement en créole, qu’il considère comme une rupture avec l’indigénisme qui avait produit un syncrétisme plutôt néfaste, ou même avec la négritude de Césaire qui, finalement, a davantage contribué à l’embellissement et à l’enrichissement de la langue française qu’à l’avancement de la langue créole.

La couverture du «Critique de la francophonie haïtienne.»

Tontongi semble avoir un penchant pour le manifeste, Éloge de la créolité, de Bernabé, Chanioiseau et Confiant, bien que leur éloge ne soit pas tout à fait exempt de critique. Il applaudit leur dénonciation de la francité de l’Antillais comme forme d’aliénation, de perdition de la part d’un “colonisé dénudé de lui-même, fondamentalement “frappé d’extériorité”(21). Tontongi accueille donc toute tentative d’arrêter une dégringolade vers l’extériorité. Les vrais pères de la créolité, selon lui, sont les écrivains qui écrivent totalement en créole: les Morrisseau-Leroy, les Castera, et les Martineau.

Tontongi veut opérer une éradication de la domination culturelle du créole par le français, et tout au long du livre, il retrace l’historique de cette domination et étaye sa discussion des rapports de force entre les langues. En outre, il offre aussi des anecdotes et récits (chapitres 9 et 10) pour faire ressortir la façon dont les rapports de force entre le français et le créole sont journellement vécus en Haïti. Il invite tous les écrivains, éducateurs et chercheurs haïtiens à “se mettre à la tâche de développement et de valorisation de la langue et de la culture créoles haïtiennes” en produisant des œuvres écrites créoles “dans les multiples facettes et disciplines de la connaissance”(51). Montrant l’exemple, il termine son livre avec trois essais écrits en créole qui traitent respectivement des concepts centraux de la religion vaudou, des questions de langue et d’identité.

Ce volume est une œuvre provocatrice qui porte à réfléchir. Elle remet en question les motifs et les idéologies de tous les Grands. Ont-ils vraiment contribué à leur insu à maintenir le créole dans sa position de subalterne et à rendre le français encore plus omnipotent? Ont-ils causé plus de tort que de bien en écrivant sous une forme de syncrétisme français-créole? En conclusion, verra-t-on clans les années à venir un redressement de la parité qui existe entre les deux langues? Une augmentation des œuvres écrites en créole impliquera-t-elle une augmentation des lecteurs?

—Flore Zéphir University of Missouri, Columbia
Recension publiée pour la première fois dans la revue French Review, (volume 83 #2: p. 466–467), décembre 2009.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com