Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Yon Lòt Figi Ayiti • Un Autre Visage d’Haïti • Another Face of Haiti

Yon dispatch

Masmedya yo chaje ak kliche, ki anpire apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ki pèsiste di Ayiti se «peyi ki pi pov nan emisfè oksidantal» la. Anyen pa pi lwen reyalite.

Ojis, malgre dal koudeta an seri yo, malgre rivalite ant ti chèf e fyèf yo, malgre imaj povrete yo, kriz pèmanan yo, malvèsasyon ak medyokrite administraktif gouvènan yo, ki souvan konronpi, ensousyan e sanginè, malgre tout negatif sa yo, Ayiti toujou rete yon nasyon ki pat pè fè Lespay fache pou l te ede konbatan endepandantis Sebastian Francisco de Miranda (1806) ak Simón Bolívar (1816), de ewo endepandans Lamerik Latin.

Ayiti pa sèlman sèl nasyon ansyen anslave ki pran libète yo pa fòs zam e pa fòs jeni estratejik yo, men li se tou peyi ki te louvri pòt li bay tout moun nan lemond yo te anslave, patikilyèman Afriken-Ameriken ki t’ap lite pou liberasyon yo. Ayiti se peyi ki te defann endepandans Lagrès, e li se manm fondatè Òganizasyon Nasyon Zini.

Konpare ak lòt peyi yo, Ayiti se peyi ki gen pi gran nonb, per capita, de ekriven, powèt, tirè kont, mizisyen, atispent, ak atis an jeneral, epitou li se youn nan ra peyi nan lemond ki devlope yon lang ak yon kilti ki endepandan de modèl epistemik oksidantal yo.

Seri ekzibisyon penti ak lekti pwezi ki ap mennen, depi 2011, nan Boston, Cambridge, Newton, Canton, West-Roxbury, etc, sou tit «Lè Penso Yo Te Tranble», fè pati de jefò pou mete an valè yon lòt figi Ayiti. Òganize pa Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt, an kolaborasyon avèk enstitisyon ak òganizasyon lokal kouwè Meri Boston, Cambridge Health Alliance, Meri Cambridge, Massachusetts School of Professional Psychology (MSPP), Haitian Mental Health Network, Greater Brockton Society for Poetry and the Arts (GBSPA), ak Le réseau des artistes-peintres de Jacmel, seri ekzibisyon yo espere ede fè pwomosyon imaj pozitif Ayiti an, ansanm ak atikilasyon, layite vèbalman, yon narasyon ki diferan e ki konstriktif sou Ayiti.

Se nan menm lozay sa a, Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt, ansanm avèk Unicef Funds for Haiti ak Massport Authority, ap òganize ekzibisyon penti ki titre «Koulè Ayisyen an Tranzit» lan nan Ayewopò Entènasyonal Logan, nan Masachisèt, pou, kouwè feyè entwodiksyon an di a, «sipòte atizay ann Ayiti e mete an valè andirans ak detèminasyon atis yo… nouvo aspirasyon yo, nouvo rèv, nouvo orizon ak nouvo estil yo…» Inisyativ sa a patwone tou pa Ansara Family Funds, Boston Foundation, Konsila Ayisyen nan Boston, Brockton Arts Inc, ak Meri Boston.

Ekzibisyon nan Ayewopò Entènasyonal Logan lan, nan Masachisèt, ap louvri de janvye a mas 2013, nan Tèminal Delta.

Kòm konpleman a ekzibisyon an, sou tèm «Yon lòt figi Ayiti», mezon dedisyon Trilingual Press, ansanm ak Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt, ap prezante, sware Samdi 12 janvye 2013, an komemorasyon twazyèm anivèsè tranblemanntè a, yon gran aktivite kiltirèl k’ap gen ladann lekti miltip de plizyè nouvo liv ki ekri pa yon layite de ekselan ekriven ayisyen.

Pwogram lan ap genyen ekriven ak atis sila yo

Jean-Claude Martineau ap prezante nouvo liv li:
L’Histoire d’Haïti en six leçons.

Nicole Titus ap prezante nouvo tradisyon an kreyòl ayisyen 3 zèv Platon:
Apoloji, Krito, Fedo / Apology, Crito, Phaedo.

Prof. Frantz-Antoine Leconte ap prezante nouvo zèv kolektif an sou dyekson li:
René Depestre: du chaos à la cohérence.

AAAM Prezantatè

Doumafis Lafontan ap prezante nouvo rekèy powèm bileng li (kreyòl ayisyen/anglè):
Krik? Krak! Dèyè mòn gen mòn / Mountains Behind Mountains.

Patrick Sylvain ap prezante nouvo rekèy powèm ayisyen li:
Masuife.

Ewald Delva ap prezante nouvo woman kreyòl ayisyen li:
Adelina.

Tontongi ap li de nouvo koleksyon kritik literè an kreyòl ayisyen e fransè li:
Memwa Baboukèt / La Gueule du trublion.

Charlot Lucien ap prezante nouvo CD kreyòl ayisyen li:
San bri, san kont.

Rebecca Zama, Malaïka Lucien ak Sebastien Lucien nan yon zèv kolektif

Mizik pa Idi.

Prezantasyon penti pa yon atis Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt.

Dat: Vandredi 11 janvye 2013

: 7:00–10:00 pm

Lokal: Arts at the Armory
191 Highland Avenue, Somerville, MA 02143
lyen sit entènèt lokal la: http://artsatthearmory.org

Info: tontongi@yahoo.com, reference: http://www.tanbou.com / Trilingual Press

Pakin Gratis Disponib

Tèks prezantasyon liv

Platon an kreyòl ayisyen : yon liv Nicole Titus / Plato in Haitian Creole: A book by Nicole Titus

Frantz Leconte sur René Depestre

Kèk mo sou liv Doumafis Lafontan an / A few words on Doumafis Lafontan’s book

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com