Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Yon antoloji pwezi trileng

Tè mwen renmen an :Yon antoloji trileng pwezi ayisyen kontanporen / This Land, My Beloved : A Trilingual Anthology of Contemporary Haitian Poetry / Cette terre, mon amour : Une anthologie trilingue de la poésie haïtienne contemporaine

The front cover of This Land, My Beloved: A Trilingual Anthology of Contemporary Haitian Poetry

Edite pa : Elizabeth Brunazzi, Denizé Lauture, ak Tontongi

Prefas : Edwidge Danticat

Trilingual Press : PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 / Tel. 617-331-2269; E-mail: trilingualpress@tanbou.com

***

Pou yo pran o serye yon lang denigre, fòk moun ki pale li yo angaje yo nan pwojè valorizasyon ak devlopman li. Nou ka wè dènye reyalizasyon pwosesis valorizasyon sila a nan piblikasyon antoloji trileng This Land, My Beloved / Tè mwen renmen an / Cette terre, mon amour, edite pa Elizabeth Brunazzi, Denizé Lauture ak Tontongi, e pibliye pa mezon d edisyon kolektif Trilingual Press.

Antoloji trileng sa a mete lang ayisyen an, yon lang ki te ostrasize depi lontan, nan parite egalego avèk franse e angle, ki kreye yon veritab fèt dans lengwistik, ak divès tèm mare ansanm ki pwodui, alafendèfen, yon senfoni amoni.

Pwezi ayisyen, kouwè kuizin ayisyen, eritye bèl savè Ewòp, Afrik ak Amerik yo san bliye lespri endijèn Ayiti anvan debakman Kristòf Kolon. Nanm powetik ayisyen an, tankou nanm vodou a, miltip e jèminen pa yon varyete eleman alafwa kosmik e egzistansyèl. Antoloji sila a p ap alimante okenn sansiblite espesifik, ni yon manifès ideyolojik espesifik, ni ankò mwens yon lekòl panse patikilye, men pito ekspresyon powetik nanm miltip ayisyen an kondanse nan yon sèl koleksyon e ki reflekte santiman ak eksperyans Ayisyen, kit l ap evolye nan lil la kit nan dyaspora.

Nan yon lemond kote pèp yo ap petri anba atak konjwen militarism ki pi dominan e repiyan—jan nou wè l nan lagè kont Ikrèn lan, ann Izrayèl oswa nan Palestin anba okipsyon, oswa tou nan nòmalizasyon rasism ak rayisman lòt moun, jan nou wè l nan peyi Etazini jounen jodi a, oswa ankò nan gansterizasyon Leta ak lavi menm, jan pèp la ap viv li kounye a ann Ayiti—, se yon bèl bagay pou wè powèt nou yo kontinye ap pwodui, chante vinisman yon lòt reyalite, devwale richès peyi a sou yon lòt lòd valorizasyon ak detèminasyon de sa ki « rich » oswa « pòv ». Wi, ki jan yo ka rele l « pòv » yon peyi ki akouche yon si gran jayisman bèlte ak mèvèyman powetik ? !

Alafendèfen, pa ta ka gen yon pi bon moman pou soti antoloji sila a, ki reyafime grann kapasite pou lespwa, senpati ak rebelyon tout moun konn pèp ayisyen genyen yo. Pandan menm n ap ekri liy sa yo (oktòb 2023), yon grann pati nan Pòtoprens ak anpil pwovens anba kontwòl gang ame vyolan, ki detèmine ak entansyon kriminèl e predatè, k ap mitile, vyole, touye jan yo vle, nan enpinite total ak anba siveyans pasif—si se pa apwobasyon tasit—yon gouvènman santral fèb e kowonpi, ki “gouvène” pa dekrè, epi ki konplètman ilejitim, e ki pran avantaj de laperèz ak dezòd gang yo kreye pou l rete o pouvwa.

Editè yo dedye antoloji a nan memwa senk nan kontribitè ki pi ilis li yo: Janine Tavernier, Emmanuella Turenne, Jack Hirschman, Josaphat-Large ak Monica Hand, ki mouri anvan piblikasyon li. Yo espere ke “devouman yo pou lajistis sosyal ak devlopman lespri ap kontinye enspire jenerasyon k ap vini yo.”

—Tanbou 29 oktòb 2023

The back cover of This Land, My Beloved: A Trilingual Anthology of Contemporary Haitian Poetry

Ekstrè

Anvan-koze

Se avèk anpil plezi n ap prezante bay piblik la michan koleksyon sila a de yon gran ganmèl powèt ayisyen ki reprezante divès sensiblite ak estil powetik. Nou fè yon chwa konsyan pou n pibliye antoloji nou an nan twa lang. Tou dabò pou sousi enklizyon ak reprezantasyon lengwistik, ke nou konsidere enpòtan nan pwoblematik ayisyen jounen jodi a, epitou tou pou rekonèt e bay lang matènèl 99% Ayisyen ak Ayisyèn—lang ayisyen ke yo rele kreyòl la—plas enpòtan li merite nan literati ayisyen. Yon pati an kreyòl ayisyen, ki ann egalite ak pati angle e franse yo, anrichi liv sa a pou lektè ak etidyan ki enterese seryezman nan literati ayisyen an. Valè ajoute sa a ka sèvi tou pou edike piblik la ak etablisman literè a..

Kontrèman ak literati ayisyen 19èm syèk la, nan tan Coriolan Ardouin ak Etzer Vilaire, ki te yon jakorepètisyon literati ewopeyen ak franse, pwezi ayisyen kontanporen an jwenn orijinalite li nan « kreyolizasyon » li deklennche—pou pale kouwè Edouard Glissant—atravè plizyè sous enspirasyon li : sous karayib la, afriken an, amerik latin lan ak ewopeyen an. Li nouri tou de eksperyans lavi chak jou, ki rete trajik ak douloure, akoz yon pase ewoyik ke peyi a kontinye ap peye pri a, ansanm ak dinamik vivan yon dyaspora angaje ki fè de egzil yon pratik pou rekonkèt. Kou nou ka kontaste nan anpil powèm isit lan, menm lè y ap konfwonte ak tribilasyon, Ayisyen ak Ayisyèn kontinye ap pran plezi nan jwa de viv ak jwa reve...

Soti nan Anvan-Koze Tontongi a / A suiv...

Entwodiksyon

Powèt ak powèm yo nou seleksyone pou patisipe nan antoloji trileng sila a, This Land, My Beloved / Tè mwen renmen an / Cette terre, mon amour, reprezante yon envitasyon ak lektè yo, kit gran piblik la an jeneral, kit espesyalis yo, pou yo dekouvri refleksyon ak entèpretasyon istwa ak kilti ayisyen, selon jan powèt ayisyen sa yo ap viv e enskri yo atravè dyaspora a o Zetazini, o Kanada, ann Aytiti, oswa an Frans.

Patikilarite asanbleman vwa sa yo konvèje nan konsepsyon kò a : kò a kòm manman latè Ayiti ; kò a kòm kò yon byenneme ; kò yo vyole a, malmennen an ; kò an soufrans lan ; kò a kòm lamantasyon ; kò kòm rezistans e lokalite pou renouvèlman ; epi kò kòm langaj li menm apre vag apre vag evennman istorik, katastwòf ak deplasman, kidonk jan kò a entegre nan mo ak estil powèt ayisyen kontanporen sa yo adopte e reenvante.

Soti nan Entwodiksyon Elizabeth Brunazzi a / A suiv...

Prefas

Atizay kòm defi anfas dezespwa, opresyon, ak touman

—pa Edwidge Danticat

Chimen mawon an, jan Charlot Lucien endike l nan powèm li ki louvri baryè koleksyon sa a, chankre nan chan kann yo jouk nan nway yo. Se menm santiman sa a ki eklate nan li Tè mwen renmen an: Yon antoloji trileng pwezi ayisyen kontanporen. Ayiti te toujou gen yon tradisyon powetik djandjan ki marye fòlklò, espirityalite ak rezistans. Ekriven ki prezante nan koleksyon sa a se eritye tèt drèt fyè tradisyon sa a, k ap eksplore listwa, rezistans, revandikasyon, lanmou, lanati ak migrasyon, pami tandòt tematik, menm jan zansèt yo te fè.

Nan « Middle Passage », defen Ella Turenne bay zansèt nou yo ochan. Yo te mennen batay revolisyon an pandan plis pase yon deseni pou akouche premye Repiblik Nwa nan lemonn. Men sa li ekri sou zansèt sa yo : Those same Spirits cannot be forgotten and / Their energy cannot be broken (« Menm Lespri sa yo pa kapab pase anba pye sabliye epitou / Enèji yo pa kapab tounen migan »), nou ka sèvi ak pawoli sa yo tou pou bay manmzèl ochan, piske jounen jodi a, li menm tou, se zansèt nou. Kwak powèm nan depenn latoumant, li kònen lanbi gerizon, sou fòm pijon an ki plane anlè orizon an pou beni nanm ki anba dlo yo.

Soti nan Prefas Edwidge Danticat a / Tradiksyon Lunine Pierre-Jérôme / A suiv...

Apresyasyon

Antoloji, diran tout tan, ilistre yon kwayans fòmidab nan libète konseptyèl, sètadi rechèch yon bèlte powetik pliryèl, seduizan e kontajye. Kit li pote tit rekèy moso chwazi an pwoz oswa an vè, krestomati (koleksyon), florilèj, oswa yon opus otè klasik ki pi popilè yo, li se prèske toujou yon tour de force ki tire siksè l sèlman nan yon chwa avantire, ensèten e savan alafwa. Elizabeth Brunazzi, Denizé Lauture ak Tontongi rive reyini avèk yon pasyans ti zanj koulè, mo, son, pafen ak emosyon kontanporen ki bati ak dekri avèk yon deksterite ki ra LANMOU pwofon sa a ke powèt yo santi pou latè mitik yo an : Ayiti.

—Frantz-Antoine Leconte doktè an literati, kritik literè

***

Powèt ki patisipe

Coutechève Lavoie Aupont, Karine Belizar, Franz Benjamin, Roseny Blanca, Vilvalex Calice, Marie-Ange Claude, Louis-Philippe Dalembert, Gary S. Daniel, Ewald Delva, Berthony Dupont, Patrick Etienne, Christ Falin-Oralus, André Fouad, Danielle Legros Georges, Lenous Guillaume- Suprice, Michel-Ange Hyppolite, Dary Jean-Charles, Jean-Dany Joachim, Gary Klang, Doumafis Lafontant, Fred Lafortune, Alex Laguerre, Denizé Lauture, Charlot Lucien, Mario Malivert, Jan Mapou, Michèle Voltaire Marcelin, Jean-Claude Martineau, Iléus Papillon, Marilène Phipps, Gahston Saint-Fleur, Jean Saint-Vil, Elsie Suréna, Patrick Sylvain, Janine Tavernier, Tontongi (Eddy Toussaint), Emmanuella “Ella” Turenne, Emmanuel Védrine, Jean-Robert Christian Victoria, Isaac Volcy, Frantz Kiki Wainwright.

Edite ak : Elizabeth Brunazzi, Denizé Lauture & Tontongi

Prefas & Apresyasyon : Edwidge Danticat, Frantz-Antoine Leconte

Konpayon powetik ayisyen yo : Indran Amirthanayagam, Bernard Block, Ricardo J. Bogaert-Álvarez, Elizabeth Brunazzi, Jack Hirschman, Aidan Rooney

Tradiktè : Samuel Barthélemy, Joseph Bocchicchio, Nancy Naomi Carlson, Marie-Cécile Corvington Charlier, Monica Hand, Chantal Kénol, Josaphat-Robert Large, Lunine Pierre-Jérôme, Charles Rice-Davis, Maggie Vlietstra, Elizabeth Brunazzi, Tontongi, Danielle Legros Georges, Patrick Étienne, Mario Malivert.

Enfòmasyon pou achte :

This Land, My Beloved, A Trilingual Anthology of Contemporary Haitian Poetry
Tè mwen renmen an, Yon antoloji trileng pwezi ayisyen kontanporen
Cette terre, mon amour, Une anthologie trilingue de la poésie haïtienne contemporaine

Edite pa: Elizabeth Brunazzi, Denizé Lauture ak Tontongi
Prefas: Edwidge Danticat
Konpozisyon tipografik: David Henry, www.davidphenry.com
Penti sou kouvèti a: «Family bird» pa Levoy Exil, © 2023

Trilingual Press Logo

Trilingual Press

Pou achte l, klike sou lyen Trilingual Press la, oubyen ekri a: PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 ; Tel. 617-331-2269.

Ou ka achte liv la tou sou sit Barnes & Noble ak Amazon.fr.

Tablo kontni

Dedikas
7
Remèsiman
15
Avankoze redaksyon an pa Tontongi & Jill Netchinsky
183
Entwodiksyon pa ko-editè Elizabeth Brunazzi.
187
Prefas pa Edwidge Danticat
191

Ouvèti

Charlot Lucien, «Ti chimen nèg mawon»
193
Coutechève Lavoie Aupont, «Anfas solèy la k ap kouche m renmen ou»
194
Boadiba, «Jeremi cheri»
194
Lenous Guillaume-Suprice, «Kou n ap pale a menm», «Dezekilib»
195–196
Karine Belizar, «Somnium Caelum»
197
Tontongi, «Harvard Square, yon aprèmidi ann ete»
197
Patrick Sylvain, «Frangmante», «Zòtèy»
198
Danielle Legros Georges, «Powèm pou peyi ki pi pov nan emisfè lwès a»
198
Emmanuella «Ella» Turenne, «Pasaj milye a»
199

Katastwòf yo

Boadiba, «Blues apre tranbleman», «Eritaj»
203
Charlot Lucien, «Espwa yon rechape»
205
Michel-Ange Hyppolite, «Zile Karayib»
206
Patrick Sylvain, «Endiyasyon»
207
Iléus Papillon, «Bondje bon !», «San limit»
207
Roseny Blanca, «Konpoze», «Fatra kouri»
209
Doumafis Lafontant, «Ayiti cheri», «Lapriyè Boukman»
211–212
Denizé Lauture, «Kout manch pilon nan mitan sèvèl tèt»
212

Istwa tan prezan an

Charlot Lucien, «Replik»
217
Tontongi, «Alterite nan kontenjans»
218
Jean-Dany Joachim, «Yon lòt pawòl»
219
Jacques Hirshman, «Egzoterik an V»
220
Emmanuel W. Védrine, «Palab kandida patri-pòch»
222
Kiki Wainwright, «siloyiz»
223
Berthony Dupont, «Kote pyebwa yo ?»
224
Fred Edson Lafortune, «Enposib», «Ki moun ou ye»
226
Elsie Suréna, «Tan ki pase ale»
228
Jean-Claude Martineau, «Dayiva»
228
Denizé Lauture, «Touf kann lanmò»
230

Ayiti entim

Coutechève Lavoie Aupont, «nan pandri ou m ekri tout boulvès mwen»
235
Roseny Blanca, «Tou rete rete», «Bò kote m»
235
Patrick Sylvain, «Ravaj»
237
Ewald Delva (Konpè Zòf), «Pa gen tankou fanmsaj Chansrèl»
238
Fred Edson Lafortune, «Pari Nil»
239
Marilène Phipps, «Nèg bale», «Limyè parèt sibitman»
240–242
Indran Amirthanayagam, «Peyi bò kote a», «Monn lan parèy», «Pawòl lib»
242–243
Kwitoya (Jean-Robert Victoria), «Kilti mwen», «Ranm pou ranm», «Plongaye»
243–244
Christ-Falin Oralus, «Chèmèt chèmètrès»
245

Reyaksyon ak rezistans

Tontongi, «Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato»
247
Gary S. Daniel «Vannen pitimi lavi»
251
Denizé Lauture, «Vòlè zonbi bèl powèm», «Yon pitit gason yon pye monben», «Yon tè yo pran nanm li»
253–254
Michel-Ange Hyppolite, «Fanm»
255
Patrick Sylvain, «Desizyon final»
256
Ella Turenne «Nou kanpe»
257
Berthony Dupont, «Reveyenou !»
260
Patrick Étienne, «Solèy kanibal»
261
Charlot Lucien, «Apali men lapè»
263
André Fouad, «Pwezi #1», «Pwezi #2»
265
Jean-Claude Martineau, «Bourik la»
266
Kwitoya (Jean-Robert Victoria), «Ayisyen an se bon jòf tande»
267

Nanm Ayiti

Jean-Dany Joachim, «Peyi mwen»
269
Jack Hirschman, «Egzoterik mond Vodou an»
269
Elsie Suréna, «Syèl la bite sou nyaj k ap woule»
271
Patrick Sylvain, «Leson final»
272
Ewald Delva (Konpè Zòf), «Kite mele m !»
273
Marilène Phipps, «Sèv», «Kòd yo», «Yon plim»
275
Boadiba, «Tanbou Mamelad», «Vwayaj jenetik»
276
Coutecheve Lavoie Aupont, «Ti peyi gwo lanmou»
277
Gary S. Daniel, «Kako (4-2-4)», «Malè malere»
277–278
Jan Mapou, «Kalinda», «Ja»
278–279
Kwitoya (Jean-Robert Victoria), «Gran trezò», «Nou nou menm menm»
280
Mario Malivert, «Lajan Petwokaribe», «Tan kouri»
281–282
Patrick Étienne, «Pwomnad nan mònn la»
282
Biyografi
285
Luxurious Nature, by Michèle Voltaire Marcelin

Luxurious Nature —pa Michèle Voltaire Marcelin

Priestess Officiating the Wedding of the Drum and the Moon, by Charlot Lucien, 2017

Priestess Officiating the Wedding of the Drum and the Moon —pa Charlot Lucien, 2017

Tontongi, Milady Auguste, Jill Netchinsky and Danielle Legros Georges at the Cambridge Public Library, October 28th 2023

De goch rive a dwat: Tontongi, Milady Auguste, Jill Netchinsky & Danielle Legros Georges nan Cambridge Public Library jou 28 oktòb 2023 pou lansman antoloji trileng Tè mwen renmen an. —foto Tanbou, 2023.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com