Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Ayiti pa gen tankou w sou latè beni

—pa Etzer Cantave

Gade non, bann medizan mal palan ki chita sou do Ayiti k ap pale l mal, teke fren n ! N ap betize ak yon peyi ki se manman Libète, gwo defansè Egalite, egzanp vivan Fratènite. Nou menm Ayisyen, nou sot Sen Domeng an 1779, n antre Savana (Savannah), nou bay san nou pou defann endepandans Etazini, lè l te ti katkat. Kèlkilanswa vèni ou ta lage sou do nou, ou pa p sis. Ou pa p wete yon pwèlyèm sou fyète nou kòm Ayisyen natif natal. Okontrè, se plis jarèt ou ban nou pou n rekonèt bel mèvèy nou fè pasipala. M pral montre n pa gen tankou Ayiti Toma sou latè beni.

Jean-Baptiste Point du Sable (1750–1818)

Jean-Baptiste Point du Sable (1750–1818). Wickipedia di «pa gen okenn pòtrè [JBPS] moun konnen pandan lavi li. Reprezantasyon sa a soti nan liv A.T. Andres la History of Chicago (Istwa Chikago—1884)».

Jou k te 1e janvye 1804 la, Ayiti gaye wonn jwèt la ak yon revolisyon ki te alafwa kont lesklavaj, kont rasism e kont sistèm prije peze souse kolon franse yo. Nan dat sa a, Jral Janjak Desalin pwoklame endepandans peyi a apre 13 lane batay sovay gason (ak fanm) pa kanpe avèk lame fann fwa Napoleyon Bonapat la ki t ap fè e defè tout kote l pase ; li te fè k sot kase biskèt Ejip. Kanta pou Lewòp menm, li te met sa ajenou, fè l mande padon. Kidonk, lame Napoleyon an debake Sen Domeng an brizin. Men fout, se te byen konte mal kalkile, byen jwenn byen kontre. Paske yo te jwenn a zo grann yo nan lesefrape ak Jral tankou Tousen Louvèti, Janjak Desalin, Anri Kristòf, Aleksann Petyon, Kapwa Lamò—ak fanm ofisyèz kouwè Sanit Bèlè, Marijann Lamatinyè. Gason ak fanm vanyan sa yo, bravedanje sa yo, te bat lame Napoleyon an kou tanbou pou te bay Ayiti endepandans li1. Yo merite ochan ayibobo kòtakòt ak pi gwo chèf militè latè janm konnen.

Pataswèl sa a Napoleyon te pran nan men Jral an chèf Desalin nan te desounen misye si tèlman ke l te sètoblije vann blan meriken yon valè tè ki te kolekole avèk tè pa yo ki te rele « Louisiana Territories ». Kidonk, eta meriken tankou Akannsa, Kolorado, Ayowa, Kanzas, Lalwizyàn, Minesota, Mizouri, Montana, Nebraska, Dakota diNò, Oklowoma, Dakota diSid, Wayoming—si yo pa t engra, yo te dwe rele Desalin Papa.

Depi lè sa-a, Ayiti tounen yon limyè tou limen pou tout pèp k ap chache chimen libète. Premye ladan yo, se te rejiman polonè Napoleyon to voye Sen Domeng an 1801 ak lespedisyon li an pou te plonje koloni a nan lesklavaj pirèd. Pa pita ke 1802, Polonè te konprann jwèt la ; yo pran lyann y al pote kole ak lame endijèn la kont blan franse. Lè lagè a te fini, Polonè yo te chwazi viv lib an Ayiti pito pou yo ta tounen Lapolòy al viv sou lobedyans lòt peyi. Desalin te apresye sa. L te anbrase yo kòm frè dam, fè yo sitwyen ayisyen, epi ba yo tè. Jouk jounen jodi a, gen desandan polonè k ap viv Kazal, an Ayiti.

Desalin te demele l kou mèt janjak pou detounen komès esklav nan zòn nan e chavire sistèm nan. Li te peye kapten batiman $40 pou chak esklav meriken nwa yo te mennen Ayiti. Li te achte esklav afriken nan men blan angle ki t ap mennen yo Jamayik, epi l lage yo libelibè an Ayiti. Chèf Leta ki te vin apre Desalin yo to kontinye zèv li sa a. Nan lane 1817, Prezidan Petyon te tchuipe yon kolon angle ki te vin reklame 15 esklav jamayiken ki te chape poul yo e fè vwal pou Twou Bonbon. Petyon manche Atik 44 Konstitisyon Ayiti a pou fè blan sa a konnen ke depi nèg yo te met pwent pye an Ayiti yo te danble sitwayen ayisyen. Li te derefize remèt yo. E blan yo to bije mache pòs yo.

Kanta pou Prezidan Bwaye, (rayi chen di dan l blan) li te voye segretè nan peyi blan meriken pou negosye voye esklav nwa an Ayiti pou retire yo nan esklavay. Li te peye pou voyay yo, fè yo sitwayen ayisyen, ba yo tè ak kay. Ta gen dizon 13,000 meriken nwa ki te vin an Ayiti jouk nan lane 1850 yo.

Kout kòn lanbi Ayiti te soufle an 1804 la te rive jis nan ziltik nan tou zorèy tout pèp ki t ap batay pou libète yo. Bouch an bouch youn di lòt. Sa w tande a, youn apre lòt yo debake vin nan sous la. Youn ladan you te rele Simón Bolívar (Simon Boliva). Ayisyen pa pèp ki regadan. Li nan nannan nou pou n pataje ak lòt. Petyon te bay Boliva gwo koutmen an 1815 pou l t al toke kòn li ak Lespay ki te gwo potanta nan zòn nan. Granmesi lèd li te jwenn nan men Petyon (zam, zòm, danre, plan militè), li te rive rache Bolivi, Kolonbi, Ekwatè, Pewou ak Venezyela anba grif Lespay. Petyon te mande Boliva yon sèl sèvis, se te pou l te aboli lesklavay nan tout peyi li ta delivre yo. Boliva te fè sa.

Mezanmi, m ta vle kwè n ap dakò ke travay Ayiti fè nan listwa pèp sou latè beni pa gen parèy. Men tann, se twòkèt la, chay la dèyè. Tande…

Èske n te janm konnen ?

Ayiti te jwe yon wòl nan endepandans Meksik ? Francisco Javier Mina, moun peyi Lespay, te pran pati Meksik kont pwòp peyi l nan lagè ant 2 peyi yo. Msye te desann an Ayiti an 1817 al pran poul nan men Petyon nan sekrè batay epi ti tchotcho pou finanse l. Gran mèsi kout men Petyon an, Mina te debake Meksik ak 300 zòm 15 avril 1817. Nan kòmansman lagè a, Mina te kase met nan men Lespay wi. Men alafen dèfen li pa t gen repondong ase. Kidonk, li febli e fè bèk atè. Men Meksik rekonèt Mina kòm youn nan ewo li yo.

Èske n te janm konnen ?

An 1821, revolisyonè grèk yo t ap chache sipò toupatou pou wete Lagrès anba lobedyans Latiki ? Tout gwo palto Lewòp yo, ni Lafrans, ni Langletè, ni Lalmay pa t pete nan koton ba yo santi. Sa yo te fè ? Yo vire bò kot Manman Libète—Ayiti. Yo ekri Bwaye pou mande l koutmen. Podyab Bwaye, li te nan kont detire l ak keksyon lokipasyon Dominikani. Li pa t ka ba yo sipò militè. Epitou kès leta te asèk, li pa t ka ba yo lajan. Men li voye yon kokenn lèt pou monte moral yo avèk yon kagezon 25 tòn kafe. Revolisyonè te pran yon pati pou bezwen pa yo e lòt pati an, yo te vann li pou finanse batay la. Alafendèfen, yo te fin pa gen laviktwa. Ayiti te premye peyi sou latè ki te rekonèt endepandans peyi Lagrès.

Èske n te janm konnen ?

An 1935, Ayiti te sèl peyi ke te leve lavwa pou pwoteste lè Itali te anvayi Etyopi ? Pa youn nan gwo potanta Lewòp yo te leve yon ti dwèt pou te defann Etyopi. Jral Alfred de Nemours, nan yon diskou wòdpòt, te pati ak on bò Itali e l te mete nan bòl gwo potanta bann ipokrit karesan yo. E l te ba yo madichon : « Nou menm gwo peyi nou fè yon makòn ak Itali pou l toupizi ti Letyopi. Men pinga ! Jou va jou vyen, fètatansyon pou youn nan nou pa vin Letyopi yon lòt peyi. » Msye te wè lwen : mwens ke 10 zan apre sa, Lafrans te vin tounen Etyopi pou yon lòt peyi. Lalmay te okipe Lafrans pandan 2èm gè mondyal la.

Èske n te janm konnen ?

Apre Japonè te bonbade bato degè meriken yo nan Pearl Harbor, Ayiti te pami premye peyi ki t al pote kole ak Etazini lè l te deside antre nan 2èm gè mondyal la ? Prezidan Eli Lesko te bay meriken kèk santèn milye goud pou kore yo nan lagè a. Adye, li te menm pran tè pou fè kawotchou pou lame meriken. (Sa s on lòt keksyon, na vin sou li apre.)

Èske n te janm konnen ?

Ayiti te sove yon bann a on pakèt Jwif anba Olokòs pandan 2èm gè Mondyal la ? Menm ke yo te deyò peyi a, Ayiti te demele l pou fè yo sitwayen ayisyen e ba yo paspò ayisyen ki te pèmèt yo chape poul yo. Kèk santèn Jwif te ka kite Lalmay. Si se pa t sa, yo t ap fè vwal pou peyi san chapo.

Èske n te janm konnen ?

Izrayèl, Lalibi, ak Somali te vin eta souvren granmesi Ayiti ? Nan tou lè twa ka sa yo, ambasadè Emil Sen Lo, nèg gwo gagann, oratè fopaplis, te vote pou Izrayèl te vin eta manm Nasyon Zini an 1947, Lalibi an 1949, ak Somali an 1960. Vòt pou Izrayèl la te bay anpil kè kase. Te gen anpil rale mennen vini. Lè Sen Lo te lage vòt li a, lakontantman te gaye tou patou. Fi kou gason te pran lari al banbile. Yon jounalis Izrayel te deklare se pi gwo dans « hora » (dans jwif) li janm wè nan vi l. Nan ka Lalibi a, Sen Lo fè yon bagay retsezi nan zafè diplomasi : Lafrans, Langletè, ak Litali te mare sosis yo pou depoze yon pwopozisyon pou ta divize Lalibi an myèt moso. Sen Lo kanpe li di pa gen sa pyès e li demonte agiman 3 peyi yo pakanpak. Kidonk pwopozisyon an te tonbe e Lalibi pa t divize. Yon jounalis franse ki t ap kouvri vòt la te si tèlman sezi li te deklare : « 𝑆𝑖 𝑏𝑖𝑒𝑛 𝑝𝑎𝑟𝑙𝑒𝑟 𝑒𝑠𝑡 ℎ𝑎𝑖̈𝑡𝑖𝑒𝑛, 𝑛𝑜𝑢𝑠 𝑠𝑜𝑚𝑚𝑒𝑠 𝑡𝑜𝑢𝑠 ℎ𝑎𝑖̈𝑡𝑖𝑒𝑛𝑠. » Poulapenn, gen yon gwo boulva nan Lalibi ki rele « Rue Haïti ».

Lè vaksin dekolonizasyon an t ap bouyi sou kontinan Afrik la, Ayiti te devan bann nan kòm majòjon.

Èske n te janm konnen ?

Apre lendepandans anpil peyi afriken nan lane 1960 yo, Manman Lafrik te voye chache pwofesyonel ayisyen pou ede l met peyi l yo ovanmplanm ? Ayisyen te vide laba a pou pote konkou yo nan edikasyon ak administrasyon. Peyi afriken ki pale franse yo pa t vle lage keksyon edikasyon timoun k ap leve nan men blan franse atoufè. Yo te pito pran sa nan bon timamit nan men Ayiti ki te gen yon repitasyon fopaplis nan zafè edikasyon.

Èske n te janm konnen ?

Kanada te frape pòt nou tou ? Depi lane 1950 yo jouk 1970 yo, Kebèk te louvri fwontyè l bay entelektyel ak pwofesyonel ayisyen. Lengwis e kritik ayisyen Robert Berrouët-Oriol te byen di l : « Nou menm ayisyen nou modènize Kebèk gras a konpetans nou, konesans pratik nou, talan nou, puisans kreyatif nan lopital, lekòl, endistri, finans, komès, inivèsite e rechèch. » [Tradiksyon nou]

Gad on peyi !

Wi, Ayiti se yon ti peyi. Men li kontkòl. Li pa janm sispann fè bagay enkonprenab. Wi, li enkonprenab ke ansyen esklav nèg nwè, malgre anpil ladan yo t ap kenbe silabè tètanba, ta ka imilye sou chan batay lame blan Napoleyon an—yon lame maton ki te pase nan tout kalte lagè epi t ap bat lòt peyi devan dèyè. Pa t gen pi gwo lawontèz pou ras blan yo, sitou blan rasis yo !

Nan fè wont sèvi kòlè, yo monte sou do Ayisyen, denigre ak dyabolize yo. Yo te lage blakawout sou tout bèl mèvèy nou fè pou zòt pa okouran. Youn nan blan rasis sa yo, Comte Arthur de Gobineau, pase ras nwa nan rizib ; msye te tabli l sou teyori yo rele « eugénisme » lan (ras plan siperyè) pou l te trete ras nwa kòm on ras enferyè parapò a ras blan an. Li te fè radiyès li pibliye sa nan yon liv ki rele De l’Inégalité des Races Humaines. Kòmkidire, ras kretyen vivan ta yon mach eskalye kote ras blan se premye mach epi ras nwa a ta dènye mach la. Woy, bonèt entelektyèl ayisyen yo chavire. Nèg yo fè koukourouy sou Gobineau. Yo di msye, seswa jamè ! Yo p ap pran sa nan men l.

Èske n te janm konnen ?

An 1885, yon ayisyen save yo te rele Antenò Fimen (Anténor Firmin) ki te gen doktora nan antwopoloji te pati ak onbò Gobineau pou radiyès pèmèt sa a nan yon liv wòdpòt ki rele De l’Égalité des Races Humaines (Tout rasmoun egal ego) ? Li rale Gobineau l mete msye chita pou montre l keskelefrekan. Ak metòd lasyans li te demontre pa a plis b ke teyori « eugénisme » la se bobin, li pa chita sou anyen.

Yon lòt gwo save plimeyank, doktè Lwi Jozèf Janvye (Louis-Joseph Janvier) ki te chaje kouleba ak on valè gwo diplòm, te demantibile pakanpak agiman medizan malpalan ki te chita sou do ras nwa e t ap vèni l nan liv li te ekri an 1884 ki rele L’Égalité des Races.

An n fon chankre pou n wè Ayiti pa t pran zafè egalite ant ras pèp an jwèt. An 1893 te gen yon gwo kokenn espozisyon ki te layite kòl nan Chikago yo te rele « The 1893 World Fair ». Se te yon evenman kote gwo peyi vin taye banda, chante kantamwa, e montre bèl bagay yo fè lakay yo.

Èske n te janm konnen ?

Paviyon ayisyen an nan espozisyon sa a te sèl prezans nwa nan mitan blan je vèt yo ? Prezidan Florvil Hyppolite (Mabyal) te vle Ayiti kanpe djanm egal ego, nasyonal nasyono ak tout lòt nasyon yo. Li te komisyone yon batisman ki te gen nen nan figi l. Lòt batisman yo pa t wete yon plim sou do Paviyon Ayisyen an. Si on jou nou ta pase nan Jackson Park (Chikago) nou ka wè anplasman kote Paviyon ayisyen (The Haitian Pavilion) an te kanpe a. Devine kiyès ki te nan delegasyon ayisyen an : Federick Douglass, yon gwo potanta meriken nwa ki avan sa te diplomat an Ayiti.

M ta manke lizay si m pa ta pale de doktè Jan Prays Mas (Jean Price-Mars) ak michan liv li te ekri an 1929 la ki rele Ainsi Parla l’Oncle (Pawòl Vye Granmoun). Msye te etnològ. Li te tanmen yon mouvman ki te pran jarèt nan tan sa a. Li te fè konprann ke sous pwoblèm nou se paske nou wont rasin afriken nou. Nou derefize asepte ke sèt dizyèm eritaj nou se afriken li ye. Poutètsa, li mande Ayisyen pou nou « retounen nan sous nou », ranmase eritaj afriken nou epi mete Manman Lafrik ak kilti li an valè. Mesaj sa a te blayi toupatou epi l te vin tankou on leman ki rasanble entelektyèl nwa tout kote. Se konsa ekriven endijenis ayisyen yo ak lòt tankou Langston Hughes (yon powèt meriken nwa ki te vizite Ayiti anpil fwa), Nicolas Guillen (nèg Kiba), Aimé Césaire (nèg matiniken), Léon-Gontran Damas (nèg Lagiyàn), Léopold Sédar Senghor avèk Cheik Anta Diop (tou de, nèg Senegal) te pike devan ak mesaj la e yo leve flanbo Negritid la disètotè. Se poutèt sa yo konsidere doktè Jan Prays Mas (Jean Price-Mars) kòm papa Negritid.

M ta vle fini gwo rale sa a ak kèk mo sou yon lòt ayisyen gason kanson ki, tankou ewo lendepandans yo, te fè yon bagay enkonprenab. M vle pale de Jan Batis Pwent DiSab (Jean-Baptiste Pointe DuSable), papa Chicago. S a k ta di yon nèg ki sòti Sen Domeng, peyi chalè, ta fonde youn nan kote ki pi frèt nan Etazini ? Sa k da di ke jenonm sa a ki te soti Sen Mak alaj de 25 an ta ka fonde, nan mwens ke 10 zan aprè l te debake, Chikago ki twazyèm vil Etazini, youn nan pi bèl vil sou planèt la, yon potomitan nan komès entènasyonal, e youn nan peyi touris plis visite ?

Mezanmi, sa n sot tande a se makfabrik Ayiti nou an. Kidonk pa gen tankou Ayiti Toma sou latè beni.

—Etzer Cantave

Nòt otè a

1.Lè n ap pale d yon fanm vanyan an jeneral nou di li se yon “Marijann” men pèsonaj nan listwa nou an se Marijàn.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com