Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2003

Home page  |   Table of Contents  |   Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Pwezi pa Tontongi

Sa Pè Breda ta di

(powèm sa a dedye a Tousen Louvèti; mwen te li li nan Faneuil Hall, Boston, jounen 4 me 2003, ann okazyon komemorasyon 200 anivèsè sakrifis Tousen nan Fò-de-Jou)

Li te sèmante sèt fwa
depi lavi pase sou tè zansèt Ginen
jiska kacho fè nwa Fò-di-Jou nan Jira
pase nan lakou bòfrè Napoleon mèt zafè
pou rasin libète ret donnen
menm sou chimen malakwa.

Pè Breda ta mande pou vanyan zile yo
remonte nan memwa depi tan vant mare
pou jwenn solisyon lagè malediksyon
kolon malveyan lage nan sen fanmi
pou simayen dezinyon deblozay.
Pè Breda ta renmen menm lè l pa ta la
pou ti zanj plantasyon vize wo
menm lè sousèzo vle diskòd
ant zòt yo kape chante lespwa.

Pè Breda pat kriye
menm lè l te santi li maljwe
nan mennen Hédouville
makonnen ak Rigaud tou de bò
pou twonke jou leve avèk lanwit tonbe
Pè Breda tap gen anpil lapenn
lè li wè pyetinman ekite nan lalwa
nan rapò pèp ak pèp
e peyi ak peyi e peyi avèk pèp
paske sa pa tap fè monnonk Sam plezi.

Pè Breda ta mande
pou lanmò Dominique jwenn vanjans
pou yo lage Noriega avèk eskiz sadwa
pou moun manje vant plen Dimanch Pak
pou laviktwa jistis nan lanmò Sandino
pa trikaj rizezri ta vini yon epifani
pou afimasyon dwa moun
Pè Breda ta mande
pou peye reparasyon lanmò Tonton Chalmay
e pou desten lil lan depi de syèk lanfè Leclerc
te tabli anba kòd kraze-zo avèk fòs
vin tounen yon temwayay laglwa
banbou yo ap pliye men ki pa vle kase.

Pè Breda ta mande
pou Irak pa vin sen ni pretèks
ni pou viktim mize libreri bonbade
ki mouri anba lapli misil ann Arabi
pa tounen pyon laglwa onorab enperyal.

Nan kacho nan Jira
Pè Breda te jire pou zetwal li plase
nan konstelasyon nan kwen nwa
pou blayi reyonnman libète
li te sèmante pou sa ki te pase
pa t retounen pou kwafe delivrans
— Pè Breda tap mande pou lapè reye.

Sa pè Breda ta di
si l ta wè de san zan
pat pote yon wazis laplenn fleri
nan kè malediksyon plantasyon?
Sa l ta di si solèy pat leve
si komin Kapwa ta vin detwi
sa l ta di si wosiyòl pat chante jou maten?

Sa Pè Breda ta di
si nou pèdi lespwa?
Sa l ta di si sa yo ki sove nan zile
retounen memwa yo resplandi
pou bati Ayiti?

Sa Pè Breda ta di
si maswife pat grenpe premye janvye?
si bazilik pat konn kwape chanm ante?
si Antwann nan Gome te sèl pap?
sa l ta di si l wè moun pedevi
pote flè bay anvayisè ansòselè
sou plas Baghdad an plen nè CNN?

Sa Pè Breda ta di si l santi l
pèp fache jwenn ak Bonapat dekalke
pou dekonstwi tout sa k te la
sa l ta di devan poud nan je
medya sou koudjyak ap lwanje.

Kouman Pè Breda ta santi l
lè li wè Pòtoprens fin dekonstonbre
anba eksplozyon chay kretyenvivan
k ap kouri anba lonb sosyal pèdisyon
sa Pè Breda ta di si nou pa ret anvi
pou kontinye reve
pou yon lòt jounen louvwi?

—Tontongi Boston, 4 me, 2003.

(Note: Read the English version of this poem in “Poetry in English”)

Powèm pa Edner Saint-Amour

Revolisyon milwisankat

Nan lane milsenksantwa
Kolon blan se te sèl rwa.
Yo fè ti nèg nwè soti Lafrik
Vin fè lesklavay sou tè Lamerik.

Nan kalvè lanfè lesklavay
Nou te pase twa syèk nan tray.
Nou tap sekle anba kout frèt
Nan men kolon ki te sèl mèt.

Men te gen anpil mouvman
Pou soti nan grif kolon blan
Menmsi tout pa genyen siksè
Lit esklav yo te sou rout pwogwè.

Makandal se te rwa mèt maronay
Ki te konn fè kolon pase anpil tray.
Misye te konn sèvi ak gwo pwazon
Pou fann zizi pete fyel blan kolon.

Nan lane milsètsankatrevenwonz
Tout esklav te move tankou kong
Boukman te fè yon gwo soulèvman
Tout eskav te patisipe an gran jan.

Tousen Louvèti bò lane milwisan
Te mete kanpe yon lame anganman
Li te pwoklame otonomi peyi ya
Leklè rantre li gaye jwèt kat la.

Desalin di si yo depòte Tousen an Frans
Pa gen lapenn pou kolon nan soufrans.
Misye sèmante tan pou li sèvi kolon yo
Li prefere mouri antere nan tonbo

Lane milwisantwa nan mwa novanm
Tout esklav te pran zam kanpe djanm.
Kout kanno tap limen tankou zèklè
Se konsa tout blan te kouri vole gagè.

Nan jou premye janvye milwisankat
Enben kat lanfè esklavay la te rebat,
Sendomeng te vin Ayiti Endepandan
Se konsa nou te soti nan grif kolon blan.

Sètase

Lane milwisankat te rive
Yon lòt son klòch te frape
Ogou Badagri di sètase
Esklav yo di nap fon kanpe.

Nan kole refleksyon ak lide
Tout esklav te vin reyalize
Bèf pa kapab ab bay kwi po
Pou ale fè djenn kouto

Bout kouto madichon ranvwa
Ki prepare pou touye l labatwa.
Nou pa kapab fè kabann jon
Sèlman pou do blan kolon

Alòs nou menm ap dòmi atè
Tankou yon grògman tafyatè.
Se lè pou nou sispann sekle savann
Se lè pou nou sa kouche sou kabann

Jodi pou chasè demen pou jibye
Se konsa balon an roule jwèt la jwe

—Edner Saint-Amou oktòb 2002

Pwezi pa Fouad André

Pope ekwatè

Reyon solèy miyanp miyanp
nan pye ou
fè m fè won lè kat sezon
mache tout kote
nou mache jouk nwaj yo vlope nou
alenfini
kè n an akòde yon dan griyen
prentan a mil koulè fèmen louvwi pòt.

Lari sispann ri m tande

M’ap mache pye atè do touni
nan lari peyi m
nan lari Pòtoprens
lari ap gade m m’ap gade l tou
lari sispann ri m tande
ou vòlè rèn mwen
ou fè rèv mwen tounen lafimen
nan recho dife ou
lari ou se yon lari rizèz lari
lari ou se yon lari malerèz lari
lari ou se yon lari k’ap ban m madou lari
lari ou se yon lari k’ap bave lari
lari sispann ri m tande

—Fouad André

Pwezi pa Emmanuel Védrine

Anpàn mo

Bonbon siwo
Dlo sikre
Godrin
Krèm pipòp
Ladouskivyen
Lèt kondanse
Mant alta
Mant toli
Nannan kokoye
Piwili
Rapadou
Sik bètrav
Sik blan
Siwo kann
Siwo myèl…
Tonèr!
M pa fouti jwenn mo
Pou dekri dousè lanmou w.

De flè nan jaden lavi

Mwen sonje lè reyon solèy la
Te frape sou flè solèy ou
Kouman l te blayi toutouni
Pou fè myèl mwen jedou
Pandan l t ap vonvonnen nan w van lespwa
Epi l vin poze sou li
Yon gwo apremidi
Kote l t ap dodomeya
Men yon nyaj pase li bare je solèy la
Epi flè sa a fèmen bèldriv
Lavi a ban m payèt
Prentan m fleri flè kenèp mal
Lespwa m tenyen
Tankou yon flè dizè

Dènye lendi

Se dènye lendi mwa Jiyè.
A nevè dimaten,
Plaza de Anaya byen kalm nan Salamanca
Ou ka tande sèlman son klòch
Ansyen Katedral la k ap sonnen nèf fwa,
Ki fè m sonje klas ou genyen an
Ki kòmanse a nevè

Gen yon moun ki manke
Yon moun pa t grenpe ti mòn Calle Tostado jodiya
Oubyen ti mòn Cueva De Salamanca*
Pou chankre sou Calle San Vicente Ferrer
Pyebwa Cueva De Salamanca yo tris
Akoz absans
Lonbray remakab ou ki ta
Mouvmante nan pa yo ki ret an plas
Pou kreye amoni.
Li kalm anpil akoz absans ou

Pa tèlman gen anpil machin
K ap desann Calle San Pablo
San Polo,
Otèl kote ou kite mak pye ou
Sa gen de jou
Li kalm anpil nan ri Calle San Buenaventura,
Kote ki fè m sonje dènye avanti nou
Samdi maten a 8:50.
Tout sa pase konsa akoz absans
Lonbray ou bò andwa sa yo
Pou kreye lanmou ak amoni.

* Salamanca: vil espayòl sitiye nan nòdwès Espay.

Douz liy pou li

Si w santi w fatige
Vin repoze nan bra m
Si w vle kabicha
Vin apiye sou zepòl mwen
Si w fatige ak lavi
M ap ba w yon plas nan kè m pou repoze
Si w santi w swaf nan lavi a
Mwen se fontèn kote w ka bwè
Vin bwè dlo m pou koupe swaf ou
Si pesonn pa vle tande kri kè w
Zòrèy mwen tande soufrans ou
Mwen pre pou reponn priyè ou.

File se yon lotri

File se yon lotri k dwòl
Dèfwa w jwe l ou soti
Dèfwa w jwe l ou pèdi
Men sa k bon ladan l
Sèke w pa bezwen peye
Boul yo anvan tiray
Son w lotri k dwòl:
Ou pa konnen lè w ap soti
Ou pa konnen lè w ap pèdi
Men fò w jwe l pou genyen
Tyala file dwòl,
Li ka reze w.
Ou ka reve bèt volay,
Ou jwe vennkat
Epi karannde fè lo
Ou pa janm konnen ki boul
K ap fè premye, dezyèm, twazyèm lo.

—Emmanuel Védrine Ekstrè de Koze Lanmou II
yon koleksyon pwezi sou lanmou
Pou plis enfòmasyon: E. W. Védrine Créole Project, Inc. PO Box 255 110 Dorchester, MA. 02125-5110 (US)
Paj Wèb: www.hometown.aol.com/ewvedrine/Dizan.htm

Powèm pa Berthony DuPont

Krizdeta

Se koutye yo ye
Yo pa konn wont
Anyen pa janm kont pou yo.
Yo fin vann lanasyon
Y ap goumen pou komisyon
Pwodiksyon yo se konfizyon
Kanpe de bò lari ap joure
Pou fè moun konprann se pa yo
K ap souse pèp
Pete pèp
Bwè san pèp
Nan chalimo etranje.

Se koutye yo ye
Yo pa konn wont
Anyen pa janm kont pou yo.
Yo pran tout non
Pou yo pretann yo lenmi
Epoutan se zanmi, se fanmi
Elèv menm klas sosyal
Batiman yo kwochte
Sou menm waf Washington.

Se koutye yo ye
Yo pa konn wont
Anyen pa janm kont
Pou yo.
Yo tankou fatra
Van ap degaye
Van ap mennen pasipala

Pou sal lari Ayiti
Pou sal figi Ayiti
Anba kriz nètale
Kriz anwo pa desann
Anba pa monte
Lamizè kanpe rèd.

Se koutye yo ye
Yo pa konn wont
Anyen pa janm kont
Pou yo.

Pawòl Machann

O Solèy!
Ou limen
Toulimen
Kon boukan dife lanfè

O Solèy!
Sèl pen kotidyen
Sèl kliyan malere
Malere k ap chache chimen lavi
Ak yon bak sou tèt.
Malere
K ap pwomennen
Tout lasentjounen
Anba solèy cho
Solèy se mizè nou
Li boule vre!
Men toutotan li klere
Gen lespwa lavant.

O solèy!
Bichèt nou chaje
Nou poko vann
Lakay ape tann
Pa gen limyè
Pa gen bwapen
Poko kouche

Solèy!
Pa lage n nan fènwa
Ak yon machandiz
Ki pa ka tann demen.

—Berthony DuPont

Read the English version of this poem in Poetry in English

Pwezi pa Edner Saint-Amour

Ban m vye tanbou m

Ban mwen fout vye tanbou m
pou m chante pou Ogou
bèl ti chanson lanmou
Kon kòk sou jouk douvanjou
k’ap chante koukouyoukou.

Se nan mirwa kout tanbou
nan seremoni vodou
m’ap ka wè figi
ak zantray kilti m.

Se nan koudjay kout tanbou
chak jou nan mitan kalfou
ma’p ka frape lestonmak
san pè ni pè ni pap
pou rele byen fò
kon Tijean Dantò,
grenn nann mwen plante an Afrik
li boujonnen an Amerik.

—Edner Saint-Amour

Pwezi pa Franz Benjamin

Di m ki bò

Di ki lesyèl je ou fiske
wout kè ou trase
pou m tounen wosiyòl
k ap djaye nan pawoli lanmou ou

Di ki bò ou aprann lekriti ti lèt
sou ki ban klou gagit ou t al goute sèl
pou silabè m kontre ak pa ou

Di nan ki tèt sous
dlo kò ou ap layite
pou m ka tounen larivyè
Fè m w atèmiyò ou
pou m repoze mèt minwi m
jouk solèy leve mache sou nou

Di m ki bò ou sèvi lwa
pou m ka tounen laplas dèyè kay ou
montre m peristil ou
pou m plante poto mitan m
Tanpri prete m ogatwa ou
pou m limen yon lanp banbou pou Dantò

Kay Banbou

Anba mapou
lajen`es krabinen lavi
analiz lojik pou ti lòlòj
teyori teyoris pou chanje peyi
filozofi zo devan
pou sèvèl sirik anba dan reken

Anba mapou
gwo midi Dyonizòs-Legba
fè lago tisangle
sou tab plezipeyipwezi

Anba mapou
jèn banbou lavi maspinen
bayila kwaze lewit
pou lajounen pa tounen lannwit

Siwèldodo

Bwèt
kabwèt
tout se jwèt

Timoun peyi m
gade lalin
anba yon gwo solèy
ki briye tout zetwal.
Mèt Minwi nan lari
zobop pral pase
fè dodo tibebe
lannwit vanse rive

Timoun peyi m
benyen nan larivyè
naje kou mabouya
nan yon rèv avadra.
Papa sot peche krab
manman fin krabinen
fè dodo tibebe
lannwit pre rive

Timoun peyi m
pye atè rapyetè
filange lamizè
anba kout rigwaz
fè dodo tibebe
lannwit preke rive

Timoun peyi m
kouri grenpe do lòt
bon tivan pase
vole kou wosiyòl
dòmi non tibebe
lè Tonton Nwèl pase
wa jwenn gwo kabwèt
machin bwèt alimèt
tout se jwèt

Valkanday

Ou ka vole fly away
pran bòz sou Andremène
lavi machòkèt file
lavi se kòd gita
atansyon pou l pa kase

Feeling siwolin kanbral
van file tout mitan janm li
sezon zaboka rive
Happy New Year Merry Christmas
tout kochon griyen dan
bò on larivyè letan ma labou

pou le drapo pou ton kado
lavi nan dlo

De nwit kilbite sou nat
rat manje tout mayi sou galta ou
yon ti vuelta bò bodmè
nou okipe Chalmayperalteman

Lanmou krizokal gratis
karanndiseyas pou piyay
nou kapote all the way
chat manje rat tou vivan

Nou pèdi pye
nou pa nan batay
gagè n pran rak
peyi n aladriv
pou le drapo pou ton kado
mouri è bo

Lopital ranpli kou kong
simity`e ka dire si m wrong
de kout fizi twa gouyad
Tifanfan gen tan blayi sou do

What’s hap man? allright man!
lòt bò kannal
gen lè fò n gen plis pase fyèl

Kokayin koko makak
mitonnen rèv lavi miyò
si lavi pat lanmò pou nèg lakay
nou ta fè lanmou ak jistis san kapòt.

—Franz Benjamin tire de Valkanday, Les Éditions Paroles, Monreyal, Kanada, 2002

Pwezi pa Barbara Victomé

Dyapopo

Lò nan bouch
Pakèt chenn lò nan kou
Devan pòv inosan
Krizokal pase pou lò alèz
Pil malèt kap debake
Pèpè ak rad nèf melanje
Kwense nan mitan tyanpan
Dyapopo pral desann

Anba Kreyòl
Lang li lou kou blòk
Anglè tèt chat
K ap vole pasi pala
Prèt pou eklate zòrèy
Moun ki konn sa ki rele tentennad
Avanyè la dyapopo resi monte avyon
Li pa menm ko gen en nan
Nan peyi blan an
Wa pa bòpè l
Prezidan pa papa l
Menm solèy li paka pran
Dyaspora ap benyen kè malere
Ak manti
Montre foto kay ak machin
Ki pa menm pou li
Alewè!

Nan yon restoran
Dyapopo ap lave asyèt
Nan dlo cho
Pou li ka peye
Ti koulwa kote
Yo bal dòmi

Pou tout rès jou
Dyapopo vin pase
Sou tè Dayiti
Peyi etranje se yon paradi
Soufrans pa egziste la
Lajan donnen sou tout pye bwa
Lakay menm
Se yon twou pèdi
Pa gen lavi
Nanpwen chanjman
Ki merite disparèt
Sof lè fredi ak travay di
Kase ren l
Li bezwen vin nan masaj.

Pwason woz

Ti pwason woz
Kole ak lamidon
Gwosè yon kreyon
Pi piti pase yon dwèt
Ap fè ale vini
Nan yon tenbal
Dlo pwòp
Dènye timoun
Pran admire l

Ti pwason blanchi
Nanpwen vi
Vòlè fin dechapiye
Souse san li
Fann li de bout
Jete nan twou rego

Ti bebe
Cheve siwolin
Fèt san pouse
Anndan yon sache papye

Ti bebe gra
Kou bèf
Plen ak lèt
Moun aplodi
Koze ki pa kad nou

Ti pwason woz
Blanchi ak lacho
Nanpwen moun
Nanpwen vi

Mwen fini pa konprann
Poukisa
Ou twoke lavi w
Ak pa m.

—Barbara Victomé Extrè de Randevou nan labrin, Edisyon Linivè Kreyòl, Nouyòk, 2002

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2003

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com