Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2003

Page d’acceuil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Ayiti, inyon pou endepandans, ou lanmò

—pa Dumas Fils Lafontant

Dezyèm Pati
Motif Boukman: Vanjans Ras

S

onje Vennde Dawout Mil Sèt San Katreven-onz (8/22/1791), Bookmann te di nèg Bondye ekzòte yo a vanjans. Filozofi Desalin lan te retounen anba manda divin sila. An nou koute esplikasyon Carruthers osijè pèspektiv sila a: «Desalin te genyen kouraj pou li apreyande reyalite e metsoupye plan aksyon nesesè e efektif pou akonpli emansipasyon nèg. Revanj, finalman, te fason natirèl pou korije mal nèg te soufri pandan lontan, e yon gwoup oprese k’ap lite pou liberasyon pa dwe denye sa. Revanj defini reyalite an tèm konkrè. Nèg pat ap goumen pou konsèp abstrè tankou libète, egalite e fratènite. Yo t’ap goumen pou vanje mal.» (Carruthers, paj 83)1

Defiance —par Aaron Douglas, 1926
Defiance —pa Aaron Douglas, 1926

Nou wè Vanjans Ras se te motif Boukmann e Desalin pou atenn yon bi, olye fè san koule nan limenm. Desalin, plis pase tout lòt lidè nèg kèk istoryen dekri tankou yon mons, atitid li se te: «Ki mele m ake opinyon jenerasyon kontanporen e lavni ap pwononse sou konduit mwen? Mwen fè devwa m, pwòp estim mwen rete, sa sifi m.» (Madiou, vol. 3, paj 180) Alwè, emosyon vanjans sila te nonsèlman sanble jwenn manda Bondye men li te annakò ak firè lanati. Men kouman Desalin te dekri espri revolisyon an: «Anvan li apwoche, espedisyon militè Bonaparte nan Sendomeng, espri agase Ayiti, sòti nan lanmè, parèt, menas fwon li soulve vag, eksite tanpèt, pwisans men li kraze osnon dispèse bato, lwa lanati obeyi oson vwa redoutab li, boukandife, maladi, lapès, famin, pwazon akonpaye l sèten. Men pouki depann sou sekou klima e eleman yo? Èske m bliye mwen kòmande yon pèp san parèy, grandi nan tray, odas li enève douvan obstak, grandi douvan danje? Kite yo vini, kowòt kriminèl sa yo, m ap tann yo ak yon je fiks, mwen kite rivaj e plas kote vil yo te ye, men malè pou sa ki apwoche twòpre mòn. Li tap miyò pou lanmè anglouti yo nan abim pwofon olye se kòlè pitit Ayiti ki devore yo.» (Madiou, vol. 3, paj 181)

Plan endepandans Desalin pat yon senp kontinyasyon pwojè Tousen Louvèti jan Aimé Césaire sijere, men pito Desalin te depase Tousen Louvèti, mwen vle di, li te desezi libète e egalite pou yon lòt konsepsyon sou Sendomeng, ki te pi matche reyalite nèg, e ki se, Inyon, Endepandans oubyen Lanmò.

Ann efè, filozofi Boukmann lan te menm filozofi kominote Mawon Libète yo ki te tabli nan kèk pati nan koloni an. Pèspektiv silaa te demake kad konesans tradisyonèl la, dayè kad silaa te eklate ak Tousen Louvèti ki te anba enfliyans pwodui filozofi espekilatif oksidantal, lit pou libète e egalite. Pa egzanp, ekriven kouwè Walcott rakonte ak aparisyon Tousen Louvèti sou sèn politik Sendomeng, pou premye fwa Lame Fransè te fè fas ake yon gwoup revòlte òganize e disipline, taktik rebèl yo te chanje olye yo te batay san pwoteksyon, yo te kache nan raje ap tann sòlda fransè. Men avèk Desalin lit pou libète e egalite te fini san poutan libète pat aneyanti, sepousa nan lit endepandans plizyè karaktè libète te pèsiste nan yon sèten mezi. Depasman an se fen lit pou libète e egalite ki pat aneyanti pou otan paske nan yon sèten mezi li te pèsiste nan lit pou endepandans ki te konsève kèk nan karakteristik libète yo.

Carruthers enimere de konponan filozofi revolisyon an te genyen, youn se Inyon filozofi Desalin lan te plase kou pyè angilè revolisyon an; enperatif inyon sa a te enplike, ka Desalin, yon konsepsyon senp de lènmi an. Nèg se frè e blan se lènmi. Inyon fèt atravè menm zansèt nèg Afrik e menm opresè blan Fransè. Se poutètsa Desalin retire distenksyon koulè ant desandan nèg Afrik. Ak ki senbolize akonplisman sila se lè Desalin rache bann blan nan labanyè, ble, blan e wouj, ki te sou tèt lame endijèn lan.2

Dezyèm konponan filozofi revolisyon an se Indepandans ou Lanmò. Deklarasyon Ak Endepandans lan bay yon rezime pozisyon silaa: «Nou jire douvan mond lan, noumenm, pou nou renonse Frans ajamè, e pou nou mouri olye nou viv sou dominasyon li, pou nou goumen jouk nan dènye souf pou endepandans peyi nou.» (Madiou, vol. 3, paj 150) Desalin te ensiste nèg pa dwe depann de lidè pou bay e kenbe libète yo, se yo menm ki pou angaje pou li. Li raple yo: «Se te sou pèsistans e kouraj ou mwen te depann lè mwen te premye rantre nan karyè libète goumen kont despotism.» «Filozofi sila a rekonèt yon pèp pa dwe konfye libète li a yon lòt pèp. Yon pèp nonsèlman dwe konkeri liberasyon li men li dwe tou kenbe libète li.» (Carruthers, paj 80)

Men ki sa Carruthers, ki analize enfliyans Revolisyon Ayisyen e Vanjans Ras la sou mond nwa a, di sou lidèchip (leadership Desalin reyalize pou pèp Ayisyen an: «Diran twa san zan koulè nèg se yon krim yo te pini pa tòti, vyòl, krim. Desalin wete krim pa pwoklamasyon tout sitwayen deziyen anba tèm jenerik nwa. Diran twa san zan koulè nèg te kondane li nan tòti, vyòl, krim. Desalin wete krim pa òdone ekzekisyon tout moun ki te komèt atwosite, vrè kriminèl yo.»

Pèmèt mwen esplike entèpretasyon panse ki souliyen dekrè, konstitisyon, ki te pwomilge 28 Jiyè 1805, pou nou pran konsyans sajès e ladrès lidè sila, kilès ki premye benefisye, e sa nou dwe fè pou nou retounen gran favè Anperè Desalin fè nou.

Konstitisyon, ki se lwa wayòm lan, vle di byen òganize, pou konstitye. Pa egzanp, kat kichòy tabli konstitisyon yon mi: wòch, lacho, metesab e nivelaj dwat. E parèyman, yon peyi, pèp, wa, e lwa kan yo mete ansanm, fòme baz pou tabli yon gouvènman, e konsèp yo ini ansanm rele konstitisyon. San nou pa endike diferan tip prezantasyon ki te prezante kòm kondisyon e prensip ki dwe aplike pou ankadre konstitisyon nan mond lan. Nou ap di li te posib pou Desalin gouvène selon jan l vle tankou wa lontan e aji selon kapris li; men li abandone tout sa, pa pwòp volonte e jenerosite li, tabli yon baz fèm pou mete gouvènman li kanpe e bay pèp li libète andedan yon ankadreman lwa. Lè li te fè sa, li pat pouse nèg chwazi yon tip lwa patikilye e viv anba li pa yon senp tradiksyon konstitisyon youn nan nasyon swadizan sivilize. Okontrè, Desalin asire konstitisyon li bay Ayiti ann akò ak koutim peyi a, nivo edikasyon nèg, difikilte ekonomik, sitisyasyon jewopolitik e espri mond lan. Dapre nou, koumanse ak konstitisyon 1806, e tout lòt ki vini apre yo, ki fèt nan imitasyon se yon detriman olye yon avantaj pou nou.

Men yon ti rezime Konstitisyon, siyen 27 Jiyè 1805, Desalin bay Ayiti:

  1. Pèp ki abite il yo te rele Sendomeng fòme yon eta lib, souveren e endepandan de tout lòt pwisans linivè, anba non Anpi Ayiti.
  2. Okenn blan, kèlkilanswa peyi li, pap pile tè Ayiti ak tit mèt osnon pwopriyetè, e pap kapab nan lavni posede pwopriyete.
  3. Preferans koulè sispann pami pitit yon menm fanmi, dezòmè yo ap konnen kou Ayisyen dapre non jenerik Nwa.
  4. Pèp la rekonèt Jak Desalin Anperè e Chèf Siprèm Lame, vanjè e liberatè sitwayen li.
  5. Kouwòn lan elektif e non ereditè.
  6. Anperè a, ni okenn siksesè pa genyen dwa, nan okenn ka e sou nenpòt pretèks, antoure li ak yon kò patikilye e privilejye, ak tit gad donè, oswa tout lòt denominasyon.
  7. Lalwa pa admèt ankenn relijyon prensipal
  8. Libète kilt tolere
  9. Tout pwopriyete blan fransè te posede konfiske san konteste e ak dwa opwofi Leta.
  10. Nan chak divizyon militè, yon lekòl piblik dwe louvri pou enstwi jenès la.

Men yon ti kòmantè sou lwa ki sòti nan Otobyografi Hailé Sellassié: «Lwa siyifi obligasyon gouvènman pou defini chak kontra ki fèt ant moun, afenke sekirite e lapè kreye kondisyon lavi nan mond lan. Dayè, lwa se yon fòs gran e san defi ki òdone pou ekziste ant moun nan pirte, bonte, e onè; se yon ekzijans lapè pou pwoteje enterè yo ki la ant moun. Sa ki pwoteje lwa limenm se fidelite li nan vrè netralite e senserite akonplisman kontra ki lye nan pak sosyal la (…) «Kontra sila ki makonnen ak yon pak, refere lwa, espesyalman mete-angad nan chak okazyon moun nan mond lan, nan krent pou yo pa vyole limit jis nan okipasyon jounalye yo; lwa defini limit yo pou yo, mete yo ann amoni, e delivre yo de hèn..» (Haile Sellassie I, vol. 1, paj 188)

Kididonk, Desalin te adopte metòd gouvènman ki te rezilte nan konviksyon ki te konfòm ak kondisyon Ayiti te ekziste, ki se, gouvènman Anpi, ak Anperè ki posede plen otorite e detèminasyon prensipal lwa pa volonte enperyal, tandiske yon Konsèy Leta e Chèf Administratè epitou tribinal lokal tap fè machin gouvènman mache kòmsadwa. Yo deziyen tip Gouvènman sila a règ ini ki detèmine pa lalwa.

An nou konpare l ak demokrasi, pa egzanp, ki jiskaprezan nou sèlman ka defini kou yon miltitid enstitisyon entènasyonal kap jwe wòl entèmedyè nan terapi entènasyonal pou pwopaje radòt e vyolans. Alwè, demokrasi entrodui yon rezo mediatè adisyonèl ant pèp la, pati politik, kolektivite teritoryal e gwoup nan sosyete a. Demokrasi pote yon jwèt konplèks e nouvo responsablite; li ouvri e epapiye sèk enterè yo. Fòm gouvènman repibliken sila a pa pou moun ki pa edike e ki sou wout devlopman. Menm nan peyi devlope souvan demokrasi koze gwo problèm e fè san koule. Kididonk, Sèt Fevriye mil nèfsan katreven sis, Ayisyen revòlte kont destine yo fasonnen pou li, fizikman asonmen pa famin e maladi, terè e ravaj, yon represyon sevè ki rezilte nan trant Septanm mil nèfsan katreven onz. Chak fwa yon etalaj, ki se espas demokratik, espas konsètasyon, konvèjans demokratik vin kreye, e yon trap vini apre, ki se, akò il Gouvènè, retounen demokrasi, akò Òganizasyon Eta Ameriken. Se dwa mas la pou li reziste parèy kondisyon ki denye ekzistans li, paske kou nou demontre klèman lelit la pat janm rive pwopoze yon pèspektiv lit.

An jeneral, dapre sa nou aprann sou tansyon, patikilyèman, tansyon group, montre ann Ayiti, andedan sistèm ki konstitye sosyete Ayisyen, pap janm gen solisyon vyab ki pa pèmèt Ayisyen eklèsi an premye e nan noumenm sistèm valè nou. Yon tach difisil pou esplike e sipòte, konsideran akizasyon zenofobi, tilespri e rasism, yo chaje moun dèke yo sipòte nesesite prese pou nou repare pwòp tèt nou, san asistans oubyen medyasyon ni detou sou konpreyansyon. Menm jan remèd pou sida endispansab, remèd endispansab pou geri peyi nou ap rete yon dezilizyon defèt si panse a an premye pa jayi nan pwòp konsyans Ayisyen apre li refè anba sezisman.

Nan dènye analiz, entwodiksyon anperè a nan Konstitisyon Ayisyen orijinal la te planifye pou tabli Vanjè Ras la kòm gadyen revolisyon an, li te resevwa kou privilèj espesyal otorite siprèm . Desalin bay nèg lwa fondamantal sosyete a e avèti nou se sèl chimen kòrèk pou suiv objektif revolisyon an: «Kolonis, osnon Ewopeyen, pa andwa janm foule teritwa a ankò ak tit mèt ou pwopriyetè.» Lwa fondamantal sila a efektivman te kapab transfòme sosyete a, e si li te kontinye respekte konsa lavi Ayisyen tap chanje. Granmèsi Desalin ki pwoklame pou tout tan lwa detèmine gouvènman Anpi Ayiti.

Kenz mwa apre, nèg ak nèg koulè te mete ansanm pou demantilbile anpi konstitisyonèl Desalin te tabli a. Li evidan de faksyon òlalwa sila yo, chame pa Zonbi Libète, pat kapab anvizaje viv nan yon lòt linivè ke fransè, asireman pou yo revolisyon an se te fè blan sou do nèg, ki vle di, akapare tout tè e richès peyi a pou yo; yo mete ansanm pou touye anperè Desalin. Petyon te dirije yon mouvman ki te akouche yon nouvo konstitisyon ak yon prezidan, e yon lejislati plen pouvwa. Kristòf ki te konprann jwèt la imedyatman revoke akò li. Menmlè a lagè sivil pete ant nèg ak nèg koulè rezilte nan divizyon peyi a, wayòm Kristòf nan Nò e repiblik Petyon nan Lwès e Sid. Jouk koulyeya lit ant de lelit sila yo, ki makonnen ak valè ewopeyen, kontinye ronje peyi a. Epitou li kondui a yon dikotomi ki fè yo deziyen Ayiti premye repiblik nwa, men dènye nasyon. Se kòmsi viktwa revolisyon an anven pwiske enpozisyon kilti fransè alyene Ayisyen ak pwòp nouvo valè lit li mennen pou kase chenn pote. Kou Madiou souliye, Desalin te bay yon avètisman sou retou sistèm kolonyal la ann Ayiti, e te deklare l «yon absidite dezonorab, genyen yon fason pou nou esklav.»

Desalin nan plizyè deklarasyon piblik te denonse posiblite alyenasyon sila a, e li te franchi etap konkrè pou devlope fyète e estim nèg, esansyèlman li te enpòtan pou renonse Frans. Desalin te retabli ansyen non Chemès yo te deziyen il la, Ayiti. Ayiti, dapre Madiou non di primitif, raple yon pèp ki te prefere lanmò olye sèvitid. Vennde Fevriye 1804, Li te òdone ekzekisyon tout Fransè ki te komèt krim kont nèg. Kolonis yo pat janm ezite eksplwate, vyole, tòtire, asasinen nèg yon fason pou avili e derobe nèg tout aspè li kòm moun. Lè Tousen Louvèti te ofri yo favè patisipe nan yon sosyete miltirasyal, yo te prefere konplote kont rejim li an. Kidonk, Desalin te espere konsyans kolektif pèp Ayisyen tap reflete repitasyon li; pèp la te vanje milye pitit Afrik ki te soufri esklavaj e zòt yo ki te mouri lanmò kriyèl nan goumen pou libète, epitou li te deklare li vanje Lamerik. Li tabli deklarasyon inivèsèl fratènite nèg, pou nèg mentni presye akò, amoni kontantman, ant noumenm, se gaj byennèt nou, sali nou, siksè nou; se sekrè pou nou rete enbatab. Li te òdone verifikasyon tit pwopriyete, isi santral gouvènans ann Ayiti.

Lit pwopriyete istorikman palan se goumen ant de lelit, ki parèt tankou lit ant nèg e milat, ann efè se pa lit de klas, men se de goup lidè anbisye ake menm filozofi ki nan konfli pou dirije destine Ewopeyen fasonnen pou nèg. Desalin te kanpe ankwa, li deklare: «Nou te fè lagè pou zòt, avan nou pran zam kont Leclerc, nèg koulè, pitit blan, pat reklame byen papa yo; kouman fè, depi nou chase kolon, pitit yo ap reklame byen yo? Nèg nwè, ki gen papa yo ann Afrik, pap gen anyen? Mwen konnen yo pa sezi san abitasyon osnon kay nan Sid, e sepandan mwen te fè disparèt tout fanmi kolon. A! msye, si sa ap kontinye konsa, bagay yo pral mal. Yo pa kontante yo vole Leta, yo ap monte konplo, yo vle kanpe kont mwen; men yo mèt pran zam yap peye sa chè. Èske yo deja bliye lagè sivil sou Tousen kont Rigo? Mwen genyen nan chak bouk, moun mwen ka konte sou yo; zafè sa yo ki pral ajite… Pinga, nèg e milat, nou tout te goumen kont blan; nou tout posede pwopriyete yo nou konkeri nan san koule; entansyon m se pou m fè pataj jis.» (Madiou, paj 309)

Pou Laroche, mwen di ou, se nèg Ayiti, pa ekselans Janjak 1e, ki opere redresman non sèlman nan pawòl men nan aksyon paske li pote viktwa vyolans revolisyonè ayisyen kont vyolans esklavajis kolonis fransè e ewopeyen. «Pèsonaj Janjak 1e andwa rete kòm figi santral pratik e diskou kolektivite ayisyen. E sans diskou sa a pran plis presizyon lè nou konsidere sèl pawòl otantik liberatè ayisyen, nou vle di, yo pa tradui, ki vini jwenn nou se lòd an kreyòl: Koupe tèt, boule kay.» (Laroche, Maximilien, La Littérature, paj 53)

Mwen te suiv mouvman liberasyon zansèt yo te patisipe jouk yo rive bati yon nasyon, okòmansman yon gwoup esklav ki te tabli nan mitan pèp etranje, yo kreye alyans, e gras a apui sila a, fòs e riz, etann tankou yon tach lwil, antoure pwen kote yo te tabli, rive depase fwontyè natirèl yo pou fonde sivilizasyon ayisyen.

Sepandan, Hurbon di: «Yon ideyoloji klas, eritaj kolonyal esklavajis, sosyete a toujou kenbe, ki travèse tout gwoup sosyal nasyon Ayiti; sistèm edikasyon antye ki dekalke sou Ewòp, lang fransè ki rekonèt kòm lang sivilizasyon pa ekselans, relijyon kretyen ki rekonèt kòm relijyon pa ekselans, kontribye pou vire ayisyen kont pwòp tèt li, epi kenbe mas pòv yo nan kondisyon sibòdinasyon ekonomik e sosyal. Yon bò, nèg lavil viv nan yon sistèm valè Ewòp detèmine, dayè se nan monn sa a yo konsidere yo fè pati. Yon lòt bò, nèg ki pale Kreyòl, yo konsidere ki pa sivilize viv nan monn mistik Ginen.» (Hurbon, paj 84)

Pou mwen bay plis detay sou liy kiltirèl sila a ann Ayiti, mwen ap aplike obsèvasyon Glissant konsènan Matinik. Lè yo te fè antant pou apeprè di pousan, dapre Laroche, moun nan sosyete a aprann li e jwenn konesans, pa mwayen ansèyman elitis, dezekilib ki te rezilte a pa te jeneral. Pifò lelit minoritè e rich sila a depale sou nouvo syans lan tandiske majorite mas pòv yo te prezève pou yon bout tan, e bò kote delir sila, ekilib li.

Etid epapiye, san pou otan etid la separe kole sou yon pratik akizisyon otonòm apropriye, depale lelit la fonn vini òdinè ki li tou vini epapiye, fason sila a peyi a antye pèdi, Ayisyen nan pasivite konsanti pou ranvwaye nati nou, devwa pou nou reyalize, fòseman kilti nou.

Palan de sitiyasyon Matinik, Edouard Glissant obsève: «Poutètsa yon operasyon konsa ekzèse kont Ayisyen e tradisyon oral nou ak mak sekrè li, ekriti, enposib e ireparab, deposesyon riske vini mòtèl.» Pa konsekan ezzaminen deposesyon sila a se yon lit kont diminisyon Ayisyen osnon Antiyè. Pa egzanp, yo grefe imaj sen Jak, sen Patrik, e suit, sou lwa panteyon vodou Ayisyen olye vèvè ki koresponn ak lwa a. Li wè vodou se yon sistèm individyèl e familial, tandiske nan nivo etanasyon yon sistèm jideokretyen te vini anvigè. E la nou remake endividi a lè li rive nan laj matirite te deja soufri dezekilib psichik paske ant fanmi e etanasyon pa genyen entèjwèt, fanmi-etanasyon pito endividi a ki rele pou asime yon fonksyon leta dwe fè yon chwa ant fanmi e sosyete jideokretyen. San dout se sa ki esplike lè yon moun rive nan tèt leta oubyen asime yon pòs minis ou toujou tande plenyen li pa fè anyen pou fanmi osnon boukjaden li te fèt.

Nan yon mo se te faz alyenasyon lit endepandans te pwofizwaman defèt pou defann Ayisyen antanke moun. Kolonis te lage kreyati li nan lavi politik. Lelit la, prese pou li te jwenn respè e onè, te jwe jwèt la san pwoblèm. Yo kondui Ayisyen nan denigre tèt li kòm yon kolektif, pou yo te jwenn yon tronpri egalite endividyèl. Diplikata te sèl règ, e yo te deklare nenpòt devyasyon yon krim. Anfen, se te tou epòk literati diplikata, diplike modèl fransè onivo edikasyon, relijyon, kod jidisyè, elatriye. Tandiske lelit la ki gen wòl fèwè pran depale. Pita mas la tou pran depale. Alyenasyon an vini konplè. Nou vin bouwo tèt nou pou tout tan.

Men mwen pa yon lach. Mwen pa griyen dan sou natifnatal Ameriken paske mwen konprann reyalite yo. Kolonis franchi etap goumen kont natifnatal, kominism e, koulyeya, terorism, men li pa janm mete fen nan opresyon, eksplwatasyon, diskriminasyon, elatriye. Nan yon mo, nou pap konfwonte dilèm ale goumen ak yo osnon resevwa etikèt teroris. Men nou dwe konsevwa posiblite lapè. Si sosyete jideokretyen rann lavi nou difisil pou pozisyon sila a, objektif nou pa dwe chwazi demon ki mwen demon ant de demon; okontrè, objektif nou, dèke motivasyon nou rive nan konsyans, se pou pozisyone nou pou aji anvè reyèl sous konfli a, ki se, anvè estrikti sosyal la.

Pou Frantz Fanon limenm, misye di: «Si kesyon inivèsèl jeneral te jamè parèt, li te parèt sèlman nan mezi li te angaje tèt li e vwazen li nan tach pou prezève nan tout relasyon yo respè yo pou valè elemantè ki konstitye yon mond imen.» Kontrèman ak kèk Ayisyen, kouwè Lesly Manigat, ki apwiye sou asistans Petyon te bay Bolivar pou sipòte teyori inivèsèl. Men lè nou byen obsève e nou reflechi sou kominote, vil, ak baryè kap bati, e entèdiksyon deplasman yo enpoze sou yon kouch nan sosyete a, nou konkli etadefè sila a demanti inivèsalite. An verite nèg epapiye, li pa dwe reklame inite, inivèsalite, men ann efè nenpòt kote lale li rete nèg. Ewopeyen te kraze mond nèg, nèg ann Ayiti bati yon nouvo mond. Inite pwofon tankou Mandjo. Inite ki ekziste anvan plas e tan, ki se, Sendomeng kolonis esklavajis.

Koulyea, Ayisyen ap eseye chape chay kontradiksyon atravè angajman konfòtab non-ekzistan, ankouraje pa kliyantelism pasif, ki vle di, ki pa akonpaye ak yon pwodiksyon otonòm aktif. Li suiv Ayisyen fèmen andedan twazyèm domèn, ki se, mendèv bon mache ki dwe travay nan faktori, li poko kapab transfòme an panse teknoloji teknik pratik li eritye. Privilèj sila a rezève pou Blan-Anglo-Sakson-Protestan Flèdme.

Pou nou konkli, Istwa te mete sou gran chimen Ayisyen yon tach istorik: likide esklavaj e konstri yon nasyon. Nou pap sispann repete sa, zansèt yo te reyalize yon revolisyon tip espesyal, sa vle di, anba lòd labourè; nan yon mo, yo konkretize premye etap Revolisyon Ayisyen, yon Revolisyon entènasyonal anti-esklavaj e antikolonyalis.

Nouvo Mond lan te tranble sou baz li nan yon fason siyifikatif; premye sitadèl enperaylism, an patikilye, Etazini, Angletè, Frans, Espay, mouvman nasyonal oprime te ebranle peyi sila yo e li pat bay yo chans chape kontradiksyon entèn, ni okenn posiblite pou yo te jwenn chimen pou konsilye e peze kontradisyon entèn sila yo.

Kòmanse ak Ayiti an 1804 rive apre lagè sivil Ozetazini an 1865, libète te simayen ann Amerik Latin; libète reji koulyeya majorite peyi sou latè. Anmenm tan, plizyè peyi ann Afrik ki te resevwa asistans pwofesyonèl ayisyen yon fason pou yo te chape nan yon sèten mezi kolonyalism nan goumen pou liberasyon-nasyonal ann alyans kole kole ak nouvo imanism revolisyon ayisyen te bay egzanp.

Kan moun dezòmè te pran tèt sivilizasyon, li andwa rive depase blòk akrèk materyalism nan prèske tout domèn ekonomi, kilti, syans, garanti sosyal e teknik militè. Se sèten, istwa mete nèg an mouvman, men nou andwa afime san kontestasyon se Tousen Louvèti ki te gid aksyon liberasyon nèg, dirèkteman oswa endirèkteman, se li ki te akselere chanjman ekstrawòdinè nan mond lan. Pou Aimé Césaire, Laroche di, se ann Ayiti «nèg leve kanpe pou premye fwa e di li kwè li se moun.»

Sa pa anpeche an fonksyon menm sikonstans sila yo, idewològ ansyen mond lan bay tèt yo dyòb eseye denigre Ayiti, yo fòse demontre Ayiti te pran libète twò bonè e lòt peyi pa dwe suiv li, mete li nan ranka, osnon toutomwen korije li, aksyon devlopman demokrasi ap fèt pi vit e pi byen. Granpanpan e jeni envantif idewològ sila yo nan falsifye e fè maji tèlman laj, ede nan zak sila a tout renega libète, tout transfij mouvman travayè, tout bourik Biridan, menm nan peyi pa nou, ak kontinye pwopaje tèz libète twò bonè kap taye banda nan mitan entelektyèl, e nan kouch dirijan, jouk li twouble kèk konpayon chimen mouvman liberasyon nasyonal. Tout moun ki pa ka konsilye konfò pèsonèl yo koulyeya ak lit revolisyon rezoud e san konpwomisyon prete zòrèy chame bay teyorisyen libète twò bonè. Se poutètsa ann Ayiti ak lòt kote, li enpòtan pou ratibwaze gran echafo libète twò bonè e devlope batay idewolojik nan batay la. Desalin limenm te di: «Abandonnen konstitisyon sila a ap sèlman kondui nan mizè e rann moun esklav.»

Nan mitan trayizon e mechanste kriyèl Nouvo Mond lan, te gen kichòy sen e pafè, pami yo se te inyon nègnwè iletre. Lè nou konsidere desizyon yon nèg, pou kite mond kolonyal esklavajism, rantre nan mawonnaj te lou ake konsekans vyolans, chatiman ki pi kriyèl bra, janm, zorèy koupe, prizon, echafo elatriye, malgresa priz konsyans nèg te kondui li chwazi libète, menmsi kolonis te pral estwopye li, touye li olye li te rete antye viv nan sosyete kolonyal esklavajis.

Istwa Ayiti se egzanp pi konkrè lit ewoyik e kouraje, fyète nèg nwè e sètitid absoli n ap pote laviktwa; li koule yon langaj endepandan dapre verite zansèt yo te viv. Ak inisyal pwezi sila a te pwononse 1e Janvye 1804. Premye pawòl kolektif e inisyatè pwezi sila a rete pou akonpli.

—Dumas Fils Lafontant 2002 Boston, MA

Lis liv ak atik site:

Carruthers, Jacob H. (1985) The Irritated genie, The Kemetic Institute. Chicago, IL

Césaire, Aimé. (1981) Toussaint Louverture, Presence Africaine. Paris, France

Charles, Christophe. PH. (2000) Pawòl Kreyòl, Editions Choucoune. Port-au-Prince, Haïti

Centre de Linguistique Appliquée. (1989) Hommages au Docteur Pradel Pompilus. Imprimerie Henri Deschamps, Port-au-Prince, Haiti

CRESFED. Présence de Jacques Stephen Alexis, Port-au-Prince, Haïti

De Lamartine, Alphonse. (1998) Toussaint Louverture, University of Exeter Press. Exeter, England

Diop, Cheik Anta, (1974) The African Origin of Civilization, Lawrence Hill Books. Chicago, IL

Fanon, Frantz. (1971) Peau noire, masques blancs, Editions du Seuil. Paris, France

Fouchard, Jean. (1988) Les Marrons de la Liberté, Editions Henri Deschamps, Port-au-Prince, Haïti

Gates, Henry Louis (1988) The Signifying Monkey, Oxford University Press. New York, NY

Glissant, Edouard. (1981) Le Discours antillais, Editions du Seuil. Paris, France

Présence Africaine, Histoire Générale de l’Afrique, volume 2. (1987) Edicef, Unesco. Paris, France

Hurbon, Laennec. (1987) Dieu dans le Vaudou Haïtien, Editions Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haïti

James, C. L. R. (1989) The Black Jacobins, Random House. New York, NY

Laroche, Maximilien (1981) La Littérature haïtienne, Les Editions Lemeac. Québec, Canada

Madiou, Thomas. (1989) Histoire d’Haïti, volume 3, Imprimerie Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haïti

Roumain, Jacques. (1995) When the Tomm-Tom Beats. Azul Editions. Washington, DC

Sellassié, Hailé. (1997) My Life and Ethiopia’s progress, Research Associates School Times. Chicago, IL

Senghor, Leopold S. (1998) Anthologie de la nouvelle poésie nègre et malgache, Presses universitaires de France. Paris, France

Walcott, Derek. (2002) The Haitian Trilogy, Farrar, Straus and Giroux. New York, NY

Nòts:

1. Tout sitasyon yo tire de lis liv nou pibliye apre tèks yo, refere nan nimewo paj nou endike yo.
2. Nòt Editè: Desalin nan menm sans lan tou pat avegle pa yon fanatisism rasyal, jan nou wè de trètman li de sèten blan, kouwè Plonè yo, ki te solidarize avèk lit pou lendepandans lan.
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2003

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com