Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Onnè Respè «Tilingual Press» !

Ayibobo ekip Tanbou.com !

—pa Manno Ejèn

Mèsi anpil pou tout sijè yo ou pataje avè nou. M pran anpil plezi dekouvri dividal otè vivan k ap ekri koulyea : Fred Edson Lafortune, Janie Bogart, Tontongi, elatriye. M reyisi fè efò nan Kreyol, paske m jwenn anpil bèl tèks nan men w.

Anne sa a, m fèk ekri trwa ti powèm. M ta byen renmen konnen kisa ou panse : ou ta pataje avi w avè m ?

Jounen Mondyal Dlo

Today at 12:27 PM

Bonjou Tontongi,

M komanse korije fòt òtograf mwen jwèn nan tèks yo. M remèsye w pou tout atansyon ou ban m !

Mwen ta renmen pataje tèks revi Tanbou.com. Lè m te komanse li revi a, sa te yon zouti pou m fè pwogrè nan lekti. Plis m dekouvri otè, plis m pran plezi ak lang manman nou. M ta renmen pataje eksperyans sa nan lekti piblik : ou ta otorize m pale de Trilingual Press, revi Tanbou ak li kèk tèks ?

Jounen Mondyal Dlo

Yon ti gout dlo, li tou piti
Ki sa n ap fè avè li ?
De ti gout dlo, yo pa menm gran
Ki lè n ap gen tan ?
Twa ti gout dlo, se lasisin
E powèm sa a fin

Egzanp

Bayakou se yon fyète
Pou tout moun yo gen respè
Nou rele yo pou afè dlo sal ak lasante
E tout kote yo pase, yo fè pròpte

Bayakou se yon kado
Lò nou reflechi, nou tout bezwen yo !
Pa gen pèsòn ki pa fè poupou, ki pa fè popo
Oswa nou t a tout fè vwèl pou peyi san chapo

Bayakou se yon sous lò
Yo jwèn plis pase lòtbò
Pitit yo pa rete andeyò
Men aprann lekòl pou yo vin fò

Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay
Pran plezi, fè kòb, gen yon tan pou tout bagay
Chita pa bay : ou aranje kay w, anvan gen loray.
Yo pa rantre nan tripotay, nan lavil tankou a lakanpay
yo fè anpil pou nou, men tròp yo tròp rete nan lonbray

Bayakou se yon egzanp
Yo fè kòb, yo swe, yo gen tranp
se pa sèl «bwè, manje, jète» : yo fè rant
Lavi a rèd, e lavni yo gen bon sant

Bayakou se proteksyon
Yon travay pou ajoute nan dividal anbisyon n
Ekonomi bag, plantasyon, Anviwonnman, progrè lanasyon
Nan men bayakou gen bèl lorizon

Bò kote m

Pou dat yo konnen,
Li di l :
«Wi doudou !
Ou damou, ou fou pou mwen
Lanmou w sere m, antortye m
Ou damou, ou fou pou mwen
Wi doudou !

Cheri doudou : sanble ou timid ?
Ou pa yon vye gason fwonte
K ap simen pitit li tout kote
Ou pran tan w
Lè ti trou a pare pou ou :
Ou plante nan mwen.
Anne yo ap pase,
Ou pa mande rete :
Ou fouye m, lannuit kou lajounen
Ou fouye m.
Nannan mwen, ou pouse
Tankou se fon zantray mwen ou chache.
Pa gen sezon,
Ou fouye m, lannuit kou lajounen
Ou fouye m.
Nannan mwen, ou pouse
Tankou se fon zantray mwen w ap chache

Ou pa menm di ditou !
Pa gen okèn kay, ou paka bite m pi rèd ankò
Ou t a fè menaj avè m tout kote !

Cheri Papa : pitit nou yo pouse, yo grandi
Tim-Tim !
Ann al chache ti Pyè !
…pitit sa sanble rive avan nou !

M renmen ti lodè w
M ap swiv ou, k ap swiv mwen
Ou rete avè m, menm lè m ap glise
Avè w m santi konfyans ak lasante
E tout vye ravèt yo fini danse
Ou gen lespri, ou pa nan pale franse
M gens chans krontre ou : se verite !

Lavalas mèt tonbe, mwen konnen ti vetivè m
Ap toujou veye sou mwen menm : ti tè li a, li renmen
Vètivè gen anpil gwo kalite :
Annou sèvi avè l tout kote !

—Roseny Kemwana

Lavni beni

Kreyòl pale, kreyòl konprann
Vin eseye : n ap vin pi fò ansanb

Pa janm sispann pran plezi
Pa janm sispann pale an daki
Pa janm sispann reve je louvri
Pa janm sispann renmen lavi
Pa janm sispann aprann ak li
Pa janm sispann koute e ri
Pa janm sispann chante, danse tankou yon kabri

Kreyòl pale, kreyòl konprann
Vin eseye : n ap vin pi fò ansanb

Pa janm sispann proteje lanati
Pa janm sispann dekouvri lòt mèzi, lòt kilti
Pa janm sispann kontre vrè zanmi
Ansanb, ou mèt chita, oswa mache nan lari
Pa janm sispann pran nouvèl fanmi
Pa janm sispann kwè nan agrikilti
Pa janm sispann dekouvri lòt kilti, lòt peyi
Pa janm bliye Ayiti

—Roseny Blanca, 2017

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com