Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Plent #1: Ròchnansolèy

—Papadòs (Fritz Dossous), 1994

(Ròchnansolèy se yon pyèsteyat ke m ekri anvè lib nan ane 1991 men ki te pibliye nan ane 1994. Mwen te dedye èv la bay gran powèt revolisyonè Pòl Larak, yon gwo powèt ki toujou enspire pou klere e lave je pipiti)
(powèm de Papadòs)

(Yon tikal ladan li)

Nou pase anpil move nuit
Je nou wouj.
Loray, tanpèt
Anpeche nou dòmi.
Lougawou banbile nèt alkole
Yo bat zèl
Pyafe sou do kay nou.

Anpil farinay lapli tonbe!
Mayi nou pwofite
Pouse flèch moute.
Anpil sezon sechès kanpe ankwa
Pou anpeche mayi nou pouse zepi.

Lajounen nan fè kous ak lannuit
Fè mont lavi kouri pi vit
Tinèg fi n blaze, pachiman
Lavyeyès akapare nanm nou
Fini tout vagabonday.

Ekzistans nou pase floummm
Pou granmesi lan sakpay
Bwèbyen san swe!
Malgre tout goumen
Malgre tout met men
Manzè Libète poko janm
Wonfle, dòmileve avè nou.

Libète cherikòt,
Map pote ou plent:
Zanmi Ròchnandlo debake
Yo vin privatize tout bagay
Yo rive privatize menm non moun.
Manman m te rele m Alsiyis
Yomenm yo rele m Ròchnansolèy
Depi jou sa a,
Map dòmi ta, leve bone.

Yo detere kòdlonbrit mwen
Avèk awogans yo deklare:
Moso tè sa se frenk pou yo
Yo vini plante Legliz yo
Otèl yo, Baz yo, Palè yo
Lekòl yo, mizè nou
Epi yo deside:
Yo se Wa
yo se Pap
yo se Leta.

Men yo pantan lè yo tande
Lan mitan lannuit
Vwa Powèt la kap kònen
Rele, babye, pwoteste
Pou lonbrit timoun nou yo
Ka rete antere nan timoso tè sila a!

Yo di mwenmenm ak Ròchnandlo
Se raytren Asko kap kouri
Nou youn pap janm kontre lòt
Menmsi nou bouti lan pwent letènite
Entelektyèl, mounsave, konesè di
Nou se 2 dwat paralèl kap fè kous.

Yo di ankò mwen se pitit deyò
Matchòkò, nen larim Pèletènèl
Malerèz teteplat zafèpabon
Ap souke sou bra
Ròchnandlo se pitit lejitim Pèletènèl
Ki toujou jwenn tout sa li vle
Mande, ekzije, desire.

Mezanmi, se pa kont
Mwen renmen chache
Lè m rete lwa bosal mwen
Moute lan tèt mwen
Mwen tonbe ponpe
Pyafe, pete lòbèy!
Wòl, bisnis Ròchnandlo
Se krabinen Ròchnansolèy
Se kase l pou l tounen pousyè.

Si map chante vwa m anwe
Se misye kape trangle m
Si map chante ak dlo nan je
Se yo ki foure twa dwèt lan je m
Si ou wè m kilbite, tonbe sou bouch
Se yo ki pouse m pa do
Si ou wè map kalonnen wòch
Se dèyè mechanste yo.

Ooo nou pap antre
Priye nan legliz yo ankò!
Yo pote yon bann ti bondye
Ki pa pale lang nou!
Lè nou di priye pou nou
Yo konprann se pi-ye nou!
Lè nou di benise nou
Yo konprann se betize nou.

Ooo nou pap antre
Priye nan legliz yo ankò!
Yo pote yon bann ti bondye
Ki pa pale lang nou!
Lè nou di priye pou nou
Yo konprann se piye nou!
Lè nou di benise nou
Yo konprann betize nou.
Ayibob!

—Papadòs (Fritz Dossous), 1994

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com