Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Bravo Pòl Larak

—pa Berthony Dupont

Ala bèl mouri bèl
Lè w mouri pwòp
Pwòp san okenn tach
Sou ou

Ala bèl mouri bèl
Lè w mouri gran
Gran san okenn repwòch
Gran san okenn madichon
Sou ou

Ala bèl mouri bèl
Lè w mouri gran
Gran tankou Jakwoumen
Gran tankou Morisolewa

Lè w mouri gran
Non ou rete avi
Nan kaye lavi
Lè w mouri gran
Non ou rete vivan
Nan memwa listwa

Ala bèl mouri bèl
Lè tout yon peyi
Tout yon pèp
Ap rann ou omaj
Lonmen non ou
Pasipala

Respè sa a
Lonè sa a
Se pa tout moun ki jwenn li
Respè sa a
Lonè sa a
Se pa tout moun k ap jwenn li
Bravo!
Ayibobo Pòl Larak!

Ou te yon konbatan onèt
Yon konbatan sensè
Yon konbatan konsekan
Ki pa janm chanje kan

Ayibobo!
Bravo Pòl Larak!
Ou fenk kare viv
Kanmarad
Ou fenk kare goumen
Kanmarad

Bravo!
Ayibobo Pòl Larak!

—Berthony Dupont

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com