Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Potorik gason Papadòs pa ka mouri

—powèm pa Ewald Delva, “Konpè Zòf”

Ewald Delva (“Konpè Zòf”), Lunine Pierre-Jérôme ak Tontongi nan antèman Papadòs, 12 fevriye 2022.

Ewald Delva (“Konpè Zòf”), Lunine Pierre-Jérôme ak Tontongi nan antèman Papadòs, 12 fevriye 2022.

Papadòs (a dwat) avèk Wilner Auguste de HAU. ak Tele Kreyòl.

Papadòs (a dwat) avèk Wilner Auguste de HAU ak Tele Kreyòl.

Teyat Lakay pèdi yon bòs
Ki te konn ban nou randevou
Non gason sa se Papadòs
Tout moun konnen sou Fritz Dossous
Depi l sou sèn l ap fè moun ri
Men fon pawòl yo fè w panse
Tribilasyon k sou Ayiti
Kolon pa fin peze souse.

Li dramatij, epi l aktè
Li ekriven epi l powèt
E nan travay kominotè
Li ranmase bon kou mazèt
Pou li aprann yo fè teyat
Tankou mwen menm ki te elèv
Li inisye m kon tikatkat
Pou l fè m vin jwe gran wòl chedèv.

Kite m di pou sèvèl wòwòt
Gwo potorik sa pa mouri
Li jis pase nan yon lòt pòt
Yon lòt pòt ki bat sou lavi
Kot kadav kò l ap repoze
Men fon lespri l ap evade
Nan pi bèl plas, pi bèl galri
Kote l pral fè tout zanj yo ri.

Li pral bay blag, ekri istwa
Tout sa l te konn wè sou latè
Rakonte pi byen movèzfwa
Sou Ayiti k tounen lanfè
Pitit li ka viv tout kote
Kit Larisi oubyen Kore
Men sèl kote yo aladriv
Se pwòp lakay, yo pa ka viv
O Papadòs, tanpri souple
Rakonte tout sa n ap pase
Mwen konnen byen w ap wè Toussaint
Di l blanmannan yo retounen
E di pou mwen ak Dessalines
Y ap masakre moun Lasalin
Men moun y ap di m, kite w an pè
Se travay sa ke l te konn fè.

Depi l sou sèn, li pa nan jwèt
Pou chak rega l, se yon kout fwèt
Paske l pa vle majigridi
Anpil moun di li gen mani
Men apre sa l s on nonm fidèl
E l atache avèk zanmi
Depi w konnen l, li p ap rebèl
N ap boulegra jouk mayi mi.

Kòm ou kouche nan yon sèkèy
Dòmi pral pran w p ap retounen
Anvan m kite w repran somèy
Nou tout vin la pou ba w lanmen
Kit kapital oubyen pwovens
Moun ri : Moun fou nan Pòtoprens
Men zèv ki bay pi plis redonn
Se zèv nan soulye Washington.

—Zòf fevriye 2022

Papadòs ak John Barnes e lòt aktè nan yon sèn pyèsteyat “Lavi nan Nouyòk”.

Papadòs ak John Barnes e lòt aktè nan yon sèn pyèsteyat “Lavi nan Nouyòk”, lane 1988 oswa 1989.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com