Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Wilson Thelimo Louis

M pa ka pran souf

Corona madness / Foli Kowona —pa Fritz Ducheine

Corona madness / Foli Kowona, acrylic on canevas /akrilik sou twal, 24x36 —pa Fritz Ducheine, fritzaducheine1955@gmail.com

Nannan jenès mwen toufonnen
Neglije anba men poulen san ginen
Sanginè, otorite iletre, epi devègonde

Ki enkane pilye tout vye demanbre
M gonde monkonmon sankoutcha
K ap vann nanm yo pou grenn dola

Pouki m oblije danse pou m kadanse
Babye, chante pou fè wè m fredone
Oubyen djaye pou yo wè m ap kriye ?

Sou desten m, mwen fèmen de nawè m
Ti penitans mwen sanble yon chans
Inyoran nevèn ekspoze sou anblèm

Si destine pa yon konyensidans
Kijan fè panyen grenn m simen-an
Tounen van nan yon solèy blan?

—Wilson Thelimo Louis

Alarive Viris la !

trip mwen ap bouyonnen
yon pleyad retay gouyad eleman chimik
nan ble pèdisyon ralemennenvini
sou tèt pye vèt bwa van mawon
bouskay traka goumen anvi viv
nan vale loksijèn san kontwòl
ponyen bras lakilbit sou rèl
boukantay bouke bouske bout lè fre
nan pik malè pandemik

kè m ap bat nan plan men m
lakonesans lonbraj viris pichon envizib
k trennen lafwa boukante nanm nwasè laperèz
nan prizon kowona san konsyans
sosyete chanpwèl pakoti boule bwat kare
sekrè lekzistans mounite sou branka syanm blan
dekilote
degrennen
dechèpiye lwa pengwen
anba kouvèti koutpwent mawon mounite
men sou tèt zo klere
men nan machwè
men debra lage
dwèt ap tranble

karyonnen anmwey lapriyè k pèdi gou zès sizonnay lay
vag tripotay sale gran gagann an kalifouchon
larezone yon nen san larim zòt benyen malere
salezon gwo pwason plen zo nan tray ti kouran
klwazon pikan kwannan vag lanmè boulvèse
tè limite dlo sale k oun dous lave
boul mikwòb anba solèy pike midi san van

Wi ! lafimen san twou nen pa deranje zye malen.

(11 avril 2020)

—Gary S. Daniel

Powèm pa Tontongi

Ale La

Ale la, kote ou wè kè ou
Ap mennen-w pou l’pa tounen
Yon dezè ki seche ak lapenn
Pi mal pase yon po tanbou.
Ale la, menmlè ou dekouraje,
Menmlè ou fin tounen yon ti sale
Nan yon festen grannèg;
Fòk ou ale la, chè frè m’yo ak sè m’yo,
Kote moun k’ap soufwi
Pa t’janm tande bonjou,
Kote k’pa gen limyè
Pou klere jou lespwa.
Ale la, pou w-bay chalè lanmou,
Pou fè kè moun kontan nan lavi,
Pou w-defye lenjistis ak lemal
Y’ap fè pòv malere sou latè sibi
Kòmkwa yo pa t’gen dwa pou yo la,
La nan zafè bonè esplandè lavi.
Fòk ou ale la, rete la, vin jwenn nou
Sèlman pou yon ti souri bouch ou;
Fòk nou la, O sè m’yo ak frè m’yo!
Kote nou ka ansanm san okenn malfezans
Pou nou plante mayi zoranj ak lamitye
Pou nou tout sou latè ki bezwen w-alemye.

Powèm sa a pibliye pou premye fwa nan antoloji Open Gate / Baryè ouvri,, edite e tradui pa Jack Hirschman, Paul Laraque ak Boadiba, e pibliye pa Curbstone Press, 2001. Tradiksyon anglè powèm lan nan antoloji a fèt pa Jack Hirschman. Open Gate / Baryè ouvri se premye antoloji bileng pwezi ayisyen pibliye ann anglè. Vèsyon anglè ki pibliye nan edisyon Tanbou sa a se Aidan Rooney ki fè l e li parèt nan rekèy powèm Go There pibliye pa MadHat Press, 2020.

Pou sa ki twomatize yo ak sa ki ale yo

(Dedikase ak moun ki mouri yo e ak tout viktim KOVID-19)

Mò yo, tout mò sa yo gen yon vizaj
Yon non, yon istwa e menm yon lejann ;
Yo se nonm janti Kwafè Jo
Ki koupe cheve w menm jan
Zwazo Pikvèt beke pyebwa Erab,
Men l toujou bay timoun katye a
Krèm glase glatis nan samdi aprèmidi.

Yo se nonm Gran Samba Bosala
Oswa Griyo Mbale ki fè lirik kredo
Ak kalite e piman mizik yo rejwi
Kè anpil kontinan, ak melankoli,
Yo anbeli menm Gran Anmèdman,
Menm Gran Vid nan sa w ye, lontan
Anvan Kovid te janm parèt nan zòn lan.

Yo se Manmi Johnson, Matriyak la
Ki pa t ka deside ant al achte lamanjay
Oswa ranpli remèd dyabèt li yo, pataje ant
Mouri lantman oswa kite l nenpòt ti moman
Dechalbore pa lafirè lapidè e sinik Kovid.
Yo se Carmen Valle k ap resite laglwa pase
Zansèt zile li yo, revalorize kouraj pèp li
Nan mitan kalamite Nouyòk byenneme l.

Yo se Madelina, ki jwenn premye travay li
Jou menm l aprann finitid final desten li,
Li, zèklè lespwa fanmi an pou simonte
Senk san zan bò kote ki pi nwa planèt la.
Yo se Ebenis Stanley, nonm emab e janti
Ki toujou ap soufle kòmsi pou l transande
Kontenjans, redui chay dlo je ak advèsite.

Wi, mò yo, tout mò sa yo gen yon vizaj
Listwa yo ak saga yo ap rete a jamè vivid
Nan mize pasaj nou sou Latè sila a ;
Yo te kouve yon bèl ti tan ki te reyèl,
Yo te la pami nou, e n ap selebre yo pi
Byen lè n fè dlo je nou tounen nouvo angrè
Lawoze pou florezon pi bon pati nan
Nou tout—yon nouvo preri lajistis ak bèlte
Pou selebre sa ki te la
E ki ta ka toujou la.

(Me 2020)

Tontongi ak matant li Marie-Ketly Robillard an 2017 nan Connecticut, Etazini.

Tontongi ak matant li Marie-Ketly Robillard an 2017 nan Connecticut, Etazini.

Orevwa, Matant Lili

(Matant mwen Marie-Ketly Robillard te mouri dimanch 10 me (Fèt Dèmè Etazini) ak laj 89 an, yon viktim KOVID-19. Mwen te fèk fini powèm mwen ki rele «For the Traumatized and the Departed / Pou sa yo ki twomatize ak sa ki ale yo»—pati yon seri ki titre POEMS OF HOPE AND RESILIENCE / POWÈM LESPWA AK ANDIRANS—ki dedikase ak tout moun ki afekte pa viris la. Powèm pi devan an se yon ajoutay powèm sila a ann alafwa anglè e ann Ayisyen.)

Matant Lili, pitit fi Papa Ogoun
Al jwenn pwosesyon sa k ale yo,
Tibonnanj li retounen nan Mèveye
Ginen kote zansèt yo repoze
Apre vanyan konba pou valorize lavi.

Konfidan manman m depi lontan,
Bèl, elegan, tou lè de plen lespwa
Yo te swete pou Ayiti nan jenès yo
Yon avni pi souriyan e pi jis.

Depi m sot nan matris manman m
Prezans Matant Lili toujou la nètalkole,
Vanyan enkanasyon kouraj, li andire
Tribilasyon maladi pandan l ap pouswiv
Ti gratifikasyon lavi yo ki rann li
Pi plezan, tankou yon chanson oswa
Solèy leve, petèt yon bòl diri, bannann peze,
Jadennaj, larivyè, oswa senpman yon souri.

Li t ap renmen pou nou tout kontinye
Avanti a, san flechi, kouwè jan l
Te vwayaje de Kafou ann Ayiti
Rive Nouyòk, Konektikèt, defye
Long wout Florida ak Jòji yo, toujou
Ap gade pi devan, dyekson dekouvèt
Nouvo orizon, nouvo fason pou l
Atenn pwòp esplandè mayifik pa l,
Kit se gradyasyon gran-neve l nan
Ewoyik Konkòd oubyen pami
Konpayon l yo sou santye fen lavi.

Vanyan enkanasyon kouraj, wi li ye;
N ap manke ou Matant Lili, toujou.

—Tontongi 2020

Powèm pa Denizé Lauture

Pye plan lanmou an

Pou kapab gen lapè nan makòn simityè
Nou fouye depi janvye dizwisan kat
Pou k ap gen yon bon kabann
Pou granmoun nou kouche fèmen
Vye pòpyè je lou yo
Annou chache flè pye plan lanmou
Pou nou simen nan demanbre nou an.

Pou granmoun cheve blanch nou
Kab fè dènye somèy yo
San kout kanno nan tèt yo
Pou nou kab jwenn men san rankin
Pou okipe nou lè nou tonbe malad
Annou bouske branch pye plan lanmou
Pou nou pare solèy nan demanbre nou an.

Pou nou kapab jwenn yon moun kènanmen
Pou panse maleng nou
Pou nou kapab jwenn yon moun bonkè
Pou mare fèy kafe sou tètfèmal nou
Annou penpennen grennbwa pye plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou nou kapab genyen yon sousdlo pwòp
Pou pase swaf anpil nou
Pou nou kapab genyen yon jaden donnen
Pou pase grangou anpil nou
Annou chache yon rasin pye plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou tijennjan nou ak tijennfi nou
Kab chante sèlman chante lanmou
Pou kapab genyen limyè nan tèt pitit nou
Tankou boul lò nannan solèy
Annou bouske yon ti boujon plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou pitit nou kapab aprann li
Nan liv kote mo «rayi»
Pa janm manke parèt
Pou tibebe nou ka ouvè je yo
Sou yon solèy ki toujou dous
Tankou limyè lalin
Annou penpennen yon jenn pye plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou manman nou ki gen lavi nan matris yo
Pa janm oblije fwape tèt mande
Ki sa pitit yo pral manje
Pou kòk kalite michan nou
Kapab reve nenpòt bèl poul zenga
Annou bouske yon tonton pye plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou kouran dlo nou sa koule
San okenn gout san nan dlo klè yo
Pou bèl mouchwa wouj nou
Pa janm sèvi pou rete san k ap koule
Pou pye flanbwayan nou pa janm genyen
Yon sèl gout san kaye
Nan bouke flè byen wouj yo
Annou mare ak yon pye mapou lannmou
Pou nou plante nan mitan lakou nou an.

WI POTOMITAN LANMOU AN
Annou simante l nan mitan bitasyon an,
Wi nan mitan bitasyon an !

Desalin 1806–2006

Desalin
Bonjan pitit Ginen
Ki pa t pè okenn boulèt dife
Bon jan Afriken
San yon degout san mele
Bon jan Ayisyen
Ki kale nan Bitasyon Kòmye
Ou se youn nan bon titan
Loray lajistis kale
Pou wete limanite
Nan move chimen.

Moun pa konnen manman w
Moun pa konnen papa w
Yon kout zèklè delivrans
Lage w sou bout nat istwa Ayiti
Kanpe w tankou yon michan pye bwadchenn
Ki kapab kwaze branch
Ak tout lòt bon pye bwadchenn sou latè.

Dyab lanfè te filange do w
Pou ou te ka tounnen ti chen dosil
Men se te yon lyon bon vanjè
Ki te kanpe douvan yo
Ki te fè san sèpan yo koule desann
Nan tout tèt mòn nou yo.

Desalin
Non ou se non desten sere
Pou nèg konsekan vre
Ou desale nèg
Blanmannan te vle fè tounen
Ti pwason sale
Ou desale istwa manmnan Lafrik
Ou desale nawè je limanite
Ou kanpe yon nasyon
Ak fòs ponyèt esklav
Ak pwent bayonèt esklav
Ak je dife zèklè ou
Kale wouj sou lavibèl
Ou swiv byen bon ouvèti
Premye gran jeni an te fè pou nou
N ap toujou sonje
Ou se yon towo sakre
Sanwont men sal yo sakrifye
Sou tèt yon pon wouj
Nan batay pou pwogrè limanite.

Nou konnen nan gran defile titan bonkè yo
Ou kanpe nan kafou limyè istwa inivèsèl
Byen enganm sou chwal ou
Sab lwil ou nan men ou
Pare ap tann yon gran jou
Pou lwa lajistis ak lapè ak lanmou
Sele bride moute nou tout Ayisyen
Pou yo mennen nou al woule Yanvalou
Nan peristil manman dans lavibèl
Pou yo mennen nou al taye banda
Anba pye mapou manman dans lavibèl
Pou yo mennen nou al kwaze lekat kwaze leywit
Anba tonèl flè manman dans lavibèl !

Ayiti ekri li ak flanm dore !

Atè atè nou jwenn yon chans
Pou lisywa rele nou
DEZYÈM JENERASYON EWO
Pou nou pote non
ACHITÈK RENESANS PATRI A
Ki sa n ap tann ?
Ki sa n ap tann
Pou nou vire
Gran manivèl listwa
Tankou moun
Tout dyab lanfè moute ?

Chache yon tizon dife dore
Cho tankou nannan lacho
Sou tèt zòtèy nou
Nan talon nou
Sou do pye nou
Anba pye nou
Tanpe «AYITI»
Ak senk bèl lèt dore !

Pran yon lang dife dore
Cho cho kouwè nannan vòlkan
Sou zo janm nou
Nan jenou nou
Nan kwis nou
Sou lonbrik nou
Ekri «AYITI»
Ak senk bèl lèt dore !

Ponyen yon flanm dife dore
Cho cho cho menmjan ak nannan zèklè
Sou tout po vant nou
Sou tout lajè do nou
Sou men gòch nou
Nan tout men dwat nou
Fwape «AYITI»
Ak senk bèl lèt dore !

Anbrase yon founèz dife dore
Cho cho cho cho mennjan ak nannan solèy
Nan mitan tèt nou
Nan nannan je nou
Sou lang nou
Nan mitan kè nou
Sou tout pati entim nou
Grave grave «AYITI»
Ak senk bèl lèt dore
Senk bèl lèt lavi
Dife lanfè ka rann
Sèlman pi dore !
AYITI EKRI LI AK FLANM DORE !

—Denizé Lauture tire de koleksyon Pwezi Zèv Konplè, Trilingual Press, 2020.

Powèm pa Marc-Kensen Curvinglines

Serafen gen yon bèl kap papye

Corona madness / Foli Kowona —pa Fritz Ducheine

Three Little Birds, 2020. —by Nixon Leger, bananoverte@gmail.com

Karèm pa sèlman siyifi chemenmkwa pou granmoun
Ni sèlman bann rara pou jenn moun
Li se mwa tou ki pote lajwa
Kote tout timoun ta santi yo wa

Pa sèlman paske salad pòmdetè bètrav
Pral fè bouch timoun sa yo koule bav
Men tou se paske vonvon sakad bèl kap
Pral fè tout koulè lakansyèl danse nan syèl
Sòti Jeremi pou rive Okap
Granm maten Vandredi Sen apre solèy fin leve kanpe 

Pandan pwason sale kontinye ap detranpe
Pou l aprann
Sa li poko konprann

Atè sou yon galeri
Sou Granri
Bò kote papa l Serafen chita
De je l fikse sou ewo l k ap mezire bwa kòk pou pita
Li imajine kap la tankou yon bèl papiyon 

Pi bèl pase sa li abitye wè an vakans Kavayon
Sèvèl li ap poze l yon pakèt kesyon inosans li pa ka reponn
Sa kiryozite danfans li poko konn

Papa pou ki sa nan senk bwa sa yo
Se sèl de ki gen menm longè nan yo ?
Serafen se paske se de sa yo mwen pral kwaze
Kwaze tankou yon X se de bwa sa yo menm
Ki ka anpeche kap la kraze

Kè poze kou kè kal
M ap kwaze yo nan yon ang vètikal
Youn ki mwatye yon ang dwa
Kidonk l ap mezire 45 degre kòm si l
Ta yon X ki te pase chemennkwa
Pou ki sa menm papa ?
Se paske ang sa rann kap la pi estab tipapa
Nou mezire tout kwen kap la pa sèlman pou ogmante simetri
Men tou pou anpeche fòs lapatèt fè lòt kap sou Granri yo pete ri

Serafen
Li pran tan wi pou yon moun fè yon kap papyefen
Kwake konn fè kap byen ta sanble yon don
Kap papyefen li menm toujou mande pou nou bouyi lanmidon
Dayè Serafen nou bezwen al achte fisèl
Si nou pa ta swete kap nou an pèdi nan syèl
Men papa pou achte filsèl nou pa bezwen depanse yon goud
Dayè manman m chaje filakoud

Filakoud ka akonpaye
Men se pou ti kap anbonbe ki fèt an papye fèy kaye
Men pou kap bwa kòk kote sakad bay tansyon
Filakoud ap pete anba presyon fòs aksyon-reyaksyon

Rafen chaje reyalite ki pa menm
Men ki ta sanble suiv menm baz
Menm jan moun pase diferan faz
Kote tibebe vin timoun epi timoun vin jenn moun
E finalman jenn moun vin granmoun

Se konsa kap
Nan yon sans li ta sanble li menm pase diferan etap
Sòti nan kap ki pi piti
Pou ale nan pi gwo kap nou ka jwenn nan kilti peyi d Ayiti

Kidonk gen ti kap ki fèt an papye nou rele anbonbe
Men gen kap ki pi gwo ki yo menm mande bon jan van
Pou yo ta monte san tonbe :
Kap bwa kòk epi kap bwa banbou
Kap bwa banbou yo yo menm nou rele yo «grandou»

Si se konsa atò nou bezwen fisèl
Bon apa w ap chire twal pou fè yon sèl
Pou fè kisa papa ?
Se pou mwen fè ke kap la
Kon sa li va byen danse konpa

Anpil konesans yo
Sitou sa nou jwenn nan syans yo
Se kopye savan yo kopye sou lanati tout tan
Pou yo ka rive demanti chalatan

Tankou pou fè avyon
Envantè nou yo te obsève zwazo kou papiyon
Se menm penpenp lan pou fè kap
Paske lwa fizik yo pa fè patipri pou pèpap

Bèt gen ke pou yo ka byen balanse pou lòt pa di yo pat bwè lèt
Kap gen ke li menm pou lè van ap vire pou l pa tounen lawoulèt
Kidonk ke ede chat pou l plake sou kat pat
Ke ede kap li menm pou l pa pike desann atè plat

Pou kisa
Ou kobi k ap la konsa ?
Serafen nou pa rele li kobi
Dayè nou p ap fè kap la abi

Se bonbe kounye la a
Mwen ap bonbe kap la
Bonbay la sòti nan konesans lasyans
Paske yon sifas ki bonbe redui rezistans

Se pou rezon sa tou tèt fize
K ap monte nan lespas gen fòm bonbe
Se pou te redui fòs rezistans ki ta ka fòse
Fize yo dezentegre oswa desann tonbe 

Kidonk an reyalite yon moun ki konn fè kap byen
Pou moun sa ta vin yon enjenyè ayewonotik an verite li pa te twò lwen

Serafen, lè ou rive nan klas segondè
Kote w pral mete pantalon long pou fè bwòdè
Yo pral rele yon sifas bonbe SIFAS KONVÈKS
Ki vrèman se yon tèm teknik
Youn nou itilize presizeman nan syans MATEMATIK

Bon, apa nan ke kap la w ap mete jilèt chandra ?
Se pa menm jilèt sa ou te itilize pou te chire bout twal dra a ?
Tande byen Serafen :
Fòk ou prepare pou lagè si w vle pare pou lapè jiskalafen

Bèl kap popilè
Sa pa toujou rete anlè
Si yo pa kase fil li nan koulay
Yon move kout tèt pike ka fè men dappiyanp pran l pou piyay

Dayè tout sa ki bèl bay anvi
Kidonk toujou gen pirat k ap gade bèl kap nan longvi
Sa ki pa gen kap flannen kap, sa ki gen kap chache koule
Oswa chache pou voye yon pi bèl kap ale

Si bobin fil nou an pa nan men pirat yo
Atò ki jan yo pral fè rive voye kap nou an ale ?
Ou menm Serafen, ou gen bouch pou ou pale !
Men mwen byen kontan pitit gason mwen kirye
Kidonk sou ledikasyon w mwen fenk kare parye
Sonje mwen te di ou si ou vle lapè
Ou dwe toujou prepare w pou lagè konpè
Se pou rezon sa mwen mete jilèt
Li se yon defans kont atak tout lòt kap ki ta gen foli mèt

Si youn atake nou pandan nou ap dodo meya
Nou p ap rele Bondye ni rete tann Makaya
Nou ap ba l fil mòl
Paske fil mòl redui fòs reyaksyon pou kò l

Rafen tande
Si fòs reyaksyon an redui atò kout jilèt ap gen difikilte koupe yon fil an de
Men paske fil mòl la li menm depann sou longè fil
Nou pa ta dwe inyore ke jilèt lòt kap ki ta sòti pou pran nou sou fil

Sou filmòl sèlman nou pa ta dwe depann
Nou dwe gen razwa pa nou pou nou voye tout kap awousa al repoze sou bwa lyann
Serafen, pa janm bliye devan yon bon gadyen nan kan
Sa nou jwenn souvan se yon bon jan atakan
Pa twò lontan ou te di sa ki pa gen kap flannen
Men sa flannen vle di nan sans sa mwen pa vrèman konnen
Mwen resi ap redi
Pou konprann sa papa mwen vle di

Konsa
Serafen nan sans sa
Flannen pa vle di sa ki pa gen kap pou bay sakad
Yo ta swadizan twò kontan pou ale fè yon ti pwomnad
Pitit gason
Flannen yon kap fèt de fason :
Si pirat la gen ase fil
Li bezwen yon grenn wòch pou flann li pran fil
Sou fil kap lan pirat lan voye l pou l mare 

Depi flann lan fin mare l, pou li rale pirat lan pare
Flann sa li menm ta gen anpil chans pou l reyisi
Sitou si fil flann sa se bon fisèl yo te achte kay Lamèsi
Men si pirat lan pa gen ase fil
Kòm si li ta moun Sanfil
Nan chak pwent yon ti bout fil li mare de wòch pwa lou 

Epi pirat lan lanse flann de bò san al foure zo nan kalalou
Lè se yon wòch ki nan yon flann
Se fòs ponyèt pirat lan ki rale kap lan desann
Men lè se de wòch ki nan yon flann
Se pito fòs pezantè pirat lan ap tann pou rale kap la desann
Flann atò se youn nan pi gwo lennmi bèl kap
Yon lennmi ki p ap janm gen respè pou pèpap
Yon lòt lennmi se asimetri ki li menm sòti
Nan yon bò miwo yon bò miba 

Anfèt pi fò lenmmi bèl kap sòti nan men ki bay simetri
Koutba oswa nan kè jalouzi ki ap tann li
Anba fè bon jan kap mande lentèlijans
Paske konesans kap baze sou bon jan syans
Kenbe yon kap anlè li menm pa koze rans
Paske sa mande li menm bonsans kou mannigans
Serafen an nou kite kantik pou nou pran priyè
Ou sonje sa mwen te di w ayè ?
Menm bwa kòk nou pa ka jwenn achte
Poutan lontan sa te tout kote

Serafen ou wè ki jan menm kè latè moun yo pike ?
Pa rete anpil pyebwa pou kap nou menm koke
Paske yo tèlman koupe yo pou fè chabon
Aaaaa ! Papa yon bagay konsa pa ka bon !
Serafen, si lanati pa geri
Se lavni nou atò ki peri
Kidonk fòk nou plante pye kokoye an reyalite
Si nou ta vle toujou jwenn bwa kòk pou fè kap nou layite

Wi papa ! Tout sa ki vivan bezwen pyebwa
Kit ou bezwen ramo pou fè kwa anvan chemennkwa
Kit ou bezwen bwa banbou pou fè grandou
Kit ou bezwen manje lè ou grangou
San pyebwa
Se nou tout ki pral pote kwa
Ebyen rebwazman
Sa ta dwe onzyèm kòmandman
Anfen
Se sa wi Rafen !
San pyebwa pa gen lavi
Ni p ap janm gen lavni

Papa gade yon van k ap simaye souflèt
Kap nou an pral dodo meya nèt !
Se konsa wi gason 

Van karèm pa janm piti non
Van sa ap vire vè lesid
Direksyon zòn Bisantnè ki li menm chaje espas vid
Gade jan nou fè yon bèl sèvolan !
Kap sa a pral pran van san nou pa menm bezwen ba l elan

Wi kap lan elegan
Li elegan nan tout jan
Bon ki non nou ta bay kap sa Serafen ?
Papa an nou rele li PAPYE SEN

Pou ki sa menm Serafen ?
Se paske li fèt an papyefen yon jou vandredi sen
Wi non an tonbe daplon ! Sou sa mwen dakò
Nou pa bezwen konsidere okenn lòt non ankò

Papa, manman m ap fè nou siy pou nou vin manje
Si se konsa atò pa gen danje !
Mwen deja kite kap lan sou galeri a Serafen
Paske pou san mori Vandredi Sen j’aurai toujours faim
(Tou de ri epi yo leve ale jwenn manman Serafen
—yon bèl fanm Kreyòl ki t ap tann yo ak yon bèl souri dan blan).

(Avril 2019 / Sonje dantan mwen)

—Marc-Kensen Curvinglines

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com