Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Editoryal

Tanbou kondane ofansiv Izrayèl nan Gaza e mande pou lapè ant tout pèp Mwayennoryan yo

Tanbou kondane bonbadman delè ak atak sou tè Izrayèl ap simayen kont Hamas e kont Palestinyen nan Gaza yo, e ki kontinye ap koze chay destriksyon nan rejyon an. Selon kowòdinatè Nazyonzini pou sekou ijans, John Holmes, nan 14èm jou ofansiv Izrayèl la 750 Palestinyen te gentan pèdi lavi yo, pami yo 257 timoun e 56 fanm; 3100 te blese, pami yo 1080 timoun e 465 fanm. Anplisdesa, popilasyon sivil la ap konfwonte destriksyon terib nan anvironnman e nan enfrastrikti vil la. Pandanstan kantite moun kap peri yo kontinye ap gwosi pandan menmlè nap ekri editoryal sila a.

Debalansay ki genyen nan mwayen gèrye Izrayèl itilize ansanm ak asimetri nan kantite moun ki mouri e nan destriksyon nan de kan yo, fè moun sezi. Konsyans lemond antye dwe denonse enjistis sila a.

Administrasyon Bush la limenm, ki pa santi anyen pou trajedi moun yo ap sibi, kontinye rete djanm nan sipò enkondisyonèl li pou Izrayèl; li kontinye repete fraz paspatou li ki di «Izrayèl gen dwa pou li defann tèt li». Se sèten Izrayèl gen dwa pou li defann tèt li, li gen plis ankò dwa pou li ekziste e pou l viv nan lapè. Sepandan, dwa li pa genyen se dwa pou l anvayi, okipe e detwi lòt peyi. Kouwè Salah Stétié te di apwopo yon lòt kriz izraelo-palestinyen: «Fiti Izrayèl pa chita lòt kote oseyan Atlantik la. Li depann de li pou l plase fiti li—jeografikman, politikman e etikman—nan yon Mwayennoryan ki nan lapè e ki santi li apeze pa ouvèti Eta jwif la anvè vwazen li yo avèk yon aseptasyon sensè e lwayal pou valè pèp ansyen sa yo ki soti de yon limanite ansyen [Nouvel Observateur, dawout 2004].»

Kwak lansman rokèt Hamas yo te koze laterè kay sivil Izraelyen ki abite nan zòn ki kole ak Gaza yo, verite istorik la rete ke sèlman yon grenn (1) Izraelyen ki te mouri, apre dè semèn lansman rokèt pa Hamas, jou ofansiv Izrayèl la 27 desanm 2008. Nenpòt timoun ka di ou li pa jis pou ou tiye plizyè santèn moun e blese plizyè milye paske yon grenn moun te mouri oubyen paske gen moun ki te terifye pa lansman rokèt. Gen yon bagay ki pwofondeman tris lè ou wè granmoun gason ak fi ap tòtire konsyans ak entelijans yo pou yo jwenn jistifikasyon pou masak an seri Izrayèl ap komèt nan Gaza. Menmlè oun moun ka senpatize avèk sivil Izraelyen kap sibi terè lansman rokèt Hamas yo, nou pa dwe eskli yon ti plas pou santiman anpati pou Palestinyen yap tiye e mitile pa milye. Desans entelektyèl blije nou rekonèt ke deblozay ant Izraelyen e Palestinyen an gen awè antyèman avèk keksyon okipasyon an, e ke oun moun pa ka egale zak rezistans kont okipasyon an, menmlè yo deplorab, avèk politik dominasyon e politi espansyonis Izrayèl.

Lemond antye te chofe e bat bravo pou eleksyon Barak Obama pou prezidan Etazini, avèk lespwa lap vin louvri yon nouvo peryòd dyalòg ak respè mityèl nan relasyon ant nasyon e ant pèp. Fèmen bouch sou pretèks ke «Etazini gen sèlman yon prezidan alafwa» oubyen «Etazini gen sèlman yon sekretè Deta alafwa», kouwè Obama ak Hillary Clinton ap di yo, sa pa ba nou bon siy sou nouvo politik chanjman Obama di li vle pouswiv la.

Se sèlman nan adrese keksyon okipasyon an e rekonèt dwa Palestinyen yo pou yo gen peyi pa yo, pou yo jwi kou tout lòt pèp lib soverènte nasyonal yo, se sèlman lè sa a pwoblèm lan ap vin rezoud. Ann espere nouvo administrasyon Obama a ap rejte plat manje anpwazone Izrayèl rezève pou li a, e ke lap itilize resous Etazini ansanm ak kapital moral li genyen nan Etazini e nan lemond, pou l pwomouvwa yon vrè politik pou lapè e pou lamitye ant tout pèp Mwayennoryan yo.

—Tanbou 10 janvye, 2009

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com