Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Depèch Tanbou

Jean-Juste a jailed politically influential Catholic priest, whose supporters say is ill with leukemia, was transferred to a hospital on Saturday after an appeals court in Haiti approved the move, his lawyer said.

Rev. Gerard Jean-Juste, center, in police custody and being helped by Haitian Red Cross workers arrives at Canape Vert hospital to be examined by doctors in Port-au-Prince, Haiti on Saturday, January 28, 2006

Selon plizyè depèch, pli patikilyèman depèch Radyo Kiskeya, AlterPresse e yon deklarasyon pa dyektè Enstiti Pou Jistis e Demokrasi Ann Ayiti, Brian Concannon, rejim defacto asepte lage Pè Jan-Jis jounen 29 janvye 2006 la. Yo mennen misye tou dwat nan Aewopò Tousen Louvèti a kote misye pran yon avyon adestinasyon Miami, Etazini.

An plis de kansè leusemi yo dyayostike a, Jan-jis te vin kontakte nemoni nan dènye jou ki sot pase a, men doktè di gen anpil chans pou yo trete e nemoni a e kansè a paske yo te detekte li bonè. Se yon viktwa presyon pèp ayisyen ak anpil pèsonalite enfliyan te konbine pou fòse patron rejim defacto a sispann madigra trajik anprizonnman Jan-Jis te ye a. Men kouwè jan-Jis limenm di Brian Concannon, nou dwe kontinye «ede goumen pou dwa imen tout prizonye politik ann Ayiti kou nan lemond antye.» Se yon bòn nouvèl relachman Pè Jan-jis la, men fòk nou sonje dè milye prizonye de konsyans kontinye a peri nan goula ayisyen yo, kou lòt ekzanp byen koni chantez Sò Ann, e ansyen Lavalas ofisyèl Yvon Nepturne e Jocelerme Privert ka montre.

Modòd nou toujou rete e mande relachman enkondisyonèl tout prizonye de konsyans ann Ayiti.

—Tanbou 30 janvye, 2006

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com