Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Edner Saint-Amour

Se lè pou nou konstwi

“Zaka” oil on canvas, by Ernst Sylla, in Haitian Art in the Diaspora

Zaka, huile sur toile, par Ernst Sylla, in Haitian Art in the Diaspora, vieartcollection@aol.com

Tikrik
Manifestasyon devan deyè
Kòlè pèp la monte disèt rotè.
Pa genyen anyen ki rete ankò
Pou Lavalas mare pakèt mete deyò.
Tikrak
Jodi ribanbèl manifestasyon
Demen kanaval bann ronron.
Depi lontan se batay yonn kont lòt
Kon de jèn matlòt kap voye kalòt.
Tikrik
Fwa sa a pèp pran lari tout zanviron
Pou mete peyi Dayiti sou ray ki bon.
Je pèp klere sou tout vye politisyen malis
Kap chèche monte sou pouvwa nan koulis
Tikrak
Pèp ayisyen se radyo yon sèl bann
Yo rasanble bay pousad gagann
Sèlman nan destriksyon.
Rive nan kontriksyon, se ladivizyon.
Tikrik
Jan wap pale ya, sanble ou poko prèt
Pou bay mouvman pèp la jarèt.
Tikrak
Mwen pa gen fòs pou pote sèkèy
Mwen pa gen lajan pou achte dèy.
Dechoukay fini. Se pa lè pou detwi
Koulyeya se moman pou nou konstwi

(6 janvye 2004)

Bon Bisantenè

Bisantenè fèt lendepandans
Rive nan vyolans ak soufrans
Kote tout solidarite vole gagè
Ki mete nou nan bouch lagè.

An nou repanse solidarite
Ki fè nou se yon kolektivite
Pou mete Ayiti kanpe
Kote solèy lespwa klere.

Nan peryòd bisantenè lendepandans la
Ki se fèt espwa, kouraj, bravou ak viktwa
Map swete tout Ayisyen alawonnbadè
Yon vi meyè nan sante, jwa avèk bonè.

(30 desanm 2003)

—Edner Saint-Amour

Powèm pa Michel-Ange Hyppolite

Peyi mwen renmen an

Peyi mwen renmen an
Se Peyi mèvèy
Li bèl kou lalin ak solèy.
Lè li tris mwen nan lapèn
Lè li ge mwen chante ak li.

Peyi mwen renmen an
Se bonè mwen
Se fyète mwen
Se mizik pou bonnanj mwen
Se souf mwen
Se li ki fè san mwen mache.

Peyi mwen an
Se peyi ou tou.
Lè li kagou
Se pou ou karese li.
Lè li febli
Ou dwe ba li manm.

Lè li ap chavire
Se pou ou drese li.
Peyi mwen renmen an
Se peyi nou tout.
Peyi ki nan kè mwen an
Se Ayiti.

—Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)

Pwezi pa Emmanuel Védrine

Flè sovay

Tankou yon tè sèk
K ap tann dlo k sot nan syèl
Ou se lawouze k ka wouze l.
Tankou yon chamo k swaf
K ap mache plizyè kilomèt nan yon dezè,
Ou se owasis kote l ka bwè.
O, flè solèy san jaden
Jaden san jasmen!
Myèl san rich k ap vole nan sezon prentan
Poukisa w pa vonvonnen
Nan flè m kounyeya?
Roz nan granchimen
Poukisa w refize fleri nan jaden m?
Ou ka devine kouman w
Enpòtan pou mwen?
Eseye panse a yon bagay
Ki endispansab pou ou
Miltipliye l pa mil
Epi, ajoute pwodui a
Sou santiman lanmou
Ou pa janm gen nan vi w
Rezilta a se kijan m panse a ou.

Gen defwa m sonje w

Gen defwa m sonje w
Mwen reve m wè zye m tounen yon lak
Epi m ap naje ladan l
Mwen vire gade w
Yon toudisman pran m
Mwen wè sèt zetwal
Toubouyon w pran m, li vire m tounen
Li pote m bò antounwa l epi l vale m

Gen defwa m sonje w
Mwen sonje souri Mona Lisa
Men kout kreyon Davinci sa a pa ka wè la
Mwen wè w an dirèk
Gen defwa m gade w
Mwen santi m ta voye
Satelit mwen nan planèt ou
Pou al keyi zetwal lanmou pote ban mwen

Gen defwa m sonje w
Mwen wè se nan planèt ou menm m ta al viv
Pou respire yon lòt lè, pran yon lòt sansasyon
Gen defwa lè m pran sant flè w
Nan sezon prentan
Kòlè m monte m
Mwen santi se myèl mwen m ta voye souse l
Pou vin met siwo sou gato m.

Jou pa ou

Lemonn te kontan yè
Paske se te lavèy anivèsè ou
Lemonn kontan jodi a
Paske ou te fèt jou sa a
Se sa k fè y ap selebre konsa
Epi koudyay sa a va kontinye chak jou
Sot lendi rive dimanch
Pou kontinye fete jou espesyal sa a
Bòn anivèsè
Jodi a!

Lago san kache

Mwen chita ap gade w la a
Tankou yon chat ki lemante yon rat
Tankou yon mantèg tou pre yon chat
Tankou yon papiyon tou pre yon lanp
Tankou yon zegwi tou pre yon leman
W ap gade m, m ap gade w
Ou konn sa m ap panse
M konn sa w ap devine
W ap fè jwèt lago avè m
Epoutan w pa bouche
M ap reve w
Epoutan nawè m byen kale
Tankou je chat k ap kontwole rat
Ou sanble tèt koupe ak Choukoun
Je w klere kou chandèl
Nòde w ap boulvèse lanmè m,
Yon van ki rann li makawon
Vag mwen monte de sèt wotè
Epi… Epi w kontinye ap fè m filalang
Epi… Epi anyen.

Preske yon ane

Prèske yon ane depi m pa wè w
Depi m pa pale ak ou fasafas
Prèske yon ane depi m pa wè w ap naje
Nan pisin Calasanz
Prèske yon ane depi m pa wè w
Ap travèse Pasaje Canalejas
Pou al nan Las Carmelitas
Prèske yon ane depi m pa wè w
Ap pase nan Plaza de Anaya
Pou al nan klas
Wi, sa gen prèske yon ane.
Se kòmsi m wè w kounyeya
Ap grenpe ti mòn Calle Tostado
Se kòmsi m wè w ap travèse Calle San Vicente Ferrer
Se kòmsi m wè lonbray ou ki an mouvman bò
Lonbray pyebwa nan pak Salamanca yo.
Mwen ka panse a amoni lonbray sa yo fòme
Se kòmsi m wè w ak liv ou yo
Ap mache pou al
El Patio de la Universidad
M ap gade do w ki prale
Se kòmsi m wè w nan kèk kafe kounyeya
W ap bwè te avè m
Epi w mande moun k ap sèvi a de lòt ankò
Se kòmsi m wè w kounyeya w ap gade mont ou
Pou kontwole minit yo pou retounen
Nan Las Carmelitas pou prepare devwa w
Gen pou lòt klas
Si m te ka avè w kounyeya
Nan menm andwa sa a!
Si m te ka make
Chemen tan pase
Pou ka jwi epòk sa a ak ou
Meyè epòk nan vi m!
Si m te ka vole avè w
Tankou de zwazo pou travèse Loseyan Atlantik
Si m te ka avè w nan teras
Rezidans Covadonga kounyeya
Pou n ta bwè yon bagay
Pou n ta gade Vista Hermosa pa lòtbò rivyè a
Si m te ka desann ti kolin
Dèyè Covadonga a avè w
Pou n ta mache al nan Rio Tormes
Epi pou n ta rete sou Pon Women
Pou tande mizik Rivyè a
Ak senfoni zwazo yo
Pou n ta gade lalin nan ak zetwal yo!
Sa ki enpòtan sèke ou vivan
An chè e an espri
Ou vivan nan kè m kounyeya e pou tout tan
Ou ka panse menm bagay la,
Panse a yon sejou byen kout nan Salamanca
Men ki chaje ak souvni
Souvni yon linivè lanmou
Byenke distans lan separe nou,
Panse nou ini nou
Li toujou ini nou…

—Emmanuel Védrine
tire de Koze Lanmou II, yon koleksyon pwezi sou lanmou

Powèm pa Berthony DuPont

Asasen

Kou w anvi manje vyann
Ou touye moun
Kòche moun tankou kabrit.
Bouch ou gou
Nan manje moun
Bouch ou bon
Nan manje moun
Onz septanm
Ou manje, bwè, fimen
Vant deboutonnen!

Ou senyen moun
Boukannen moun
Rachonnen moun

Depi tan papa w
Rive sou ou
Se lan bouchri
Moun ap viv!

Ou kraze Afganistan
Ou okipe Irak,
Yo tounen labatwa
San ap koule lan ganmèl
San ap koule lan tout lari
Bouch ou gou
Nan bwè san moun
Bouch ou bon
Nan bwè san moun

Ou bwè san pou V8
Ou bwè san kou sansi
Ou bwè san jouk ou santi.

Men kou w anvi fimen
Ou reve Kiba
Tande non!
Kiba pa zile
Kote k gen frechè
Kote k gen lanmè
Pou yon ponyen moun
Kiba pa zile
Pou bouch vin fè sòs
Pou bouch vin fè lodas
Ak règ manti.

Alepouvini
Siga Kiben an
Ou p ap sa fimen l
L ap limen lan de bout
Nan bouch ou.
Ou p ap sa fimen l
Ou p ap sa manyen l
W a pèdi anpil dan
Nan bouch ou!

O Kongo!

Venteyen me demil
Solèy leve Kongo
Ak yon chemiz lespwa
Yon chapo libète
Nan tèt li.

Solèy ekri lapli
Yon lèt san dous
Anmè nan bouch lanmè
Anmè nan bouch Loksidan.

Solèy voye di lapli:
Moboutou tonbe!
Yon gason kanson
Yo rele Kabila
Rive Kongo

Lafrans dlo nan je
Labèljik andèy
Zayi pran legzil
Zayi mawon
Pèp la ozanj.

Mizik ap bouyi monte
Mizik nan tout peyi a
Kenbe
Kenbe la
Kabila
Kenbe pa lage!

Demokrasi kon larivyè
Pran desann ak pikwa, manchèt, pèl
Pete sous koripsyon
Koupe souf represyon
Anvayi jaden pwa Kongo
Loksidan espantan
Loksidan kalsitran
Meriken kriye diktati.

Lapli reponn solèy:
Sa k tonbe tonbe nèt
Pa detere sa k antere
Latè bezwen fimye
Pou lavi donnen
Pou flè konsyans fleri
Kenbe
kenbe la
Kabila
Kenbe pa lage!

16 janvye demil en
Van chire pawòl
Lapli ak solèy
Solèy kouche Kongo
Anba rèl ak anmwe
Loksidan Lumumba Kabila
Loksidan Sankara Kabila
Meriken etenn lespwa Kongo
Ak 2 bal lan kè Kabila
Pou solèy pa janm leve
Pou lapli pa janm tonbe
Pou lavi pa janm fleri
O Kongo!

—Berthony Dupont

Powèm pa Massillon Coicou (1867–1908)

(entwodiksyon e tradiksyon de franse pa Pauris Jean-Baptiste /
Premye pibliye nan Jounal Boukan 127—Jen 1977, paj 3–6.)

Masiyon Kwakou se moun Pòtoprens li te ye.

Li te fèt 9 Oktòb 1867 sou reny prezidan Silven Salnav. Li te fè tout klas primè li kay frè Enstriksyon kretyèn Pòtoprens. Lè fini, jennonm nan antre lise nasyonal pou klas segondè li. Depi li te nan senkyèm lise, Masiyon kòmanse montre ki bwa li pral chofe. Se epòk sa a, li antre nan ekri pwezi. Li kòmanse fè lekòl lane 1891. Lè sa a, yo lonmen l pwofesè lise Petyon. Yon ane apre, msye fè pibliye yon liv pwezi yo rele pwezi nasyonal.

An 1900, prezidan Tirezyas Simon Sam voye li an Frans tankou sekretè legasyon Dayiti a Pari. Pandan msye lòtbò a, li fè parèt de liv pwezi. Li te fè yo jwe nan yon gwo sal teyat a Pari yon pyès li te ekri. Non li, se Libète. Pa bliye sa te pase lane 1904. Se menm ane sa a, bò isit, nou t ap fete fèt santan lendepandans nou. Li tounen nan peyi a an 1905. Debake li debake, li fonde yon jounal yo te rele zèv. Plan msye, se pou li te ka bay jenn moun peyi a anvi pou yo gen bon gou pou bèl bagay. Sa fe anpil jenn moun epòk la te renmen li. Yo te respekte l epi yo pat manke chwaye l tou. Yo te gwo patizan Masiyon Kwakou. Yo te cho pou li.

Kwakou fè yo jwe plizyè pyès teyat li te ekri. Gen pyès tankou Silabè. Yo te jwe li an 1905. Gen lòt tankou Lanperè Desalin, yo te jwe li nan lane 1906.

Anfen, soti lane 1904 rive 1908, Masiyon bay tèt li nèt nan chita ekri. Li te dakò anpil pou lang kreyòl la jwenn plas li nan literati peyi a. Moun pat ka renmen Ayiti la ak Kwakou! Lè li wè tout zak ki t ap komèt sou reny tonton Nò, msye gen degoutans. Li revòlte kont Nò Aleksi. Ni li pa fè li an kachèt. Li te aji aviv vwa. Se konsa, yon jou lannwit yo arete msye nan kabann ansanm ak de lòt frè li. Yo trennen yo ansanm ak yon dis lòt konsa epi yo sansinen yo. Yo pat menm jije yo pou konnen sa yo te fè. Sa te pase jou lannwit 15 pou louvri 16 mas 1908. Masiyon Kwakou te yon pakèt gason. Doktè Pradel Pompilus etidye tout gwo panse defen an. Men sa li di sou yo: “Se yon boukèt espwa, se yon ponyen souvni. Sa kapab rale tout kè vye prejije ak enterè te divize pou makònnen yo ankò.”

Pou defen Kwakou, tout lagè sivil ki t ap ravaje peyi a, se vle egoyis rasi ki lakòz yo. Se vye vis kanni, se iyorans mangonnen, se renmen chèf, se prejije koulè ki kòz.

Men youn nan pwezi Kwakou ki pi popilè. Nou mete li an Kreyòl pou lektè yo:

Powèm pa Massillon Coicou

Plenyen Yon Esklav

I

Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Kounye a, m pa ta janm ap pase pil tray sa yo,
Se pa mwen ki ta chita ap bwè mizè fyèl anmè konsa.
Kote m ta ye a nan ginen an,
Aa! Wè pa wè, m pa ta ap nan plenyen konsa,
Koze seye, mwen ta pi alèz la.
Men Granmèt la madichonnen m, sa a ap pousib mwen
Se ak san mwen, ak dlo nan je m tout moun pou plen fal yo.

II

Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Zwazo lib pou yo vole, pou yo chante lè yo pito,
Van lib pou li vante jan sa fè li plezi
Klè kou kristal, lanm dlo lib pou li koule nan zèb chyendan,
Men mwen esklav, ni bonè ni fèt, se pa gou bouch mwen sa.
Mwen pa gen okenn kote bay kò m yon ti kanpo.

III

Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Lè vwa gwo kolon an pran ranni sou mwen
Lè wouchin li ap soufle bò tèt mwen pou menase m
Pa mande Bondye mwen tranble koupi do m ba li
L ap rachonnen mwen jous tout kò m pise san.
Si pa malè mwen mande l gras lamizerikòd
Se annik ri li tonbe ri kwa kwa kwa ban mwen!…

IV

Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt ya te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Men malgre sa, m kontre ak libète bab pou bab yèswa.
M pat ka dòmi, tout kò m te kraze.
Lèspri m te pati, m te wè tousa yo te konn ap di m yo:
Oo, gade! Apa m lib! Kite m ale kote m vle non!
Aa, wi! Tout peyi a rele m pa m! M sèl mèt bitasyon!
Men, se pa vre. Rèv, m t ap fè! Se nèg nwè yo fè m…

V

Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se neg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou si ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Granmet o, kote w ye? M te kwè yo di anba syèl ble a
Lè yon vivan k ap soufri lapriyè w tout bon vre,
Aa, papa! Yo di lapriyè li rive jous bò kote w.
Epi, malgre sa, ou pa ka tande m, papa!…
Lapriyè nèg nwè, sanble li manke atiran pou w?
Gen lè se pa devan w de bra li louvri ap rele?

VI

Poukisa se nèg menm ou fè m?
Aa! Poukisa menm se nèg nwè mwen ye?
Lè Granmèt la te fin plante m nan vant manman m,
Lanmò ki si tèlman jalou,
Lanmò ki toujou ap prese fè devwa l,
Poukisa li pat kouri vin pran m lamenm?
Aa, Bondye! Si w ka tande m, se san dout ou wè m tou.
Elas, si pawòl mwen ap deraye, ou wè se nan chagren m ye
Ou konnen, ou menm ki konnen tout bagay, jan toutan m ap soufri
M ap soufri paske m se nèg nwè.
Wi sa fè twò lontan m ap soufri san pale.
Padonnen m non Granmèt si m antre nan depale.

—Massillon Coicou (1867–1908)
(tradui de franse pa Pauris Jean-Baptiste /
Koutwazi, The Creole Clearinghouse
http://hometown.aol.com/CreoleCH/Index6.html

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com