Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2004

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Woulawoup

(pou Tontongi) —pa Nounous

«Kit li dous kit li si se ansanm n ap manje zoranj lavi». —Paul Laraque

A

nba la a bò dlo w, se bon se byen. Nou ta renmen fè papiyon alanaj pote anpil ti lanp limen espre pou yon nouvo eklerasyon vin balize chak ti rakwen ki nan fonkwen teritwa w.

Alantran, olye se nou, gade se ou ki jete twa joli gout bèl ochan pou nòde anba plan pye n.

The Chief, sculpture in wood and iron, Ngala, Zaire
Zam chèf la, sculpture en bwa et fer, Ngala, Zaïre

Lè n byen gade, apa se ou k tounen ranmye anba fal pyebwa nou, li ki chaje laj byen laj ak mayi lespwa pa makòn anndan sezon chanmchanm yon kokennchenn evolisyon.

Lè n byen konprann, nou wè se ou k tounen rado woulawoup, voupvoup, anba fèy bwa ki pa dwe koule nou lage nan dlo w (fèy bwa an ti kanna oubyen an nenifa k ap laplanch kò yo sou laplasdam) pou manje bliye pa lese ankenn move tach andedan vye chodyè lapopilas.

Pou sa pa rive, n ap prepare yochak wè kouman fè pou yo sa tounen pran gou lafimen ak flanm dife, nan redi kò pou yon kòve lavansman vrèmanvre fèt, san menm yo pa febli alevwa pou yo ta va kreve.

Si n byen konprann, se ou k tounen espè k ap di n ki bwa pou nou plante arebò rivaj ou. Se ou k tounen enjenyè agwonòm, tètanplas, k ap di n tout bwa n pa dwe koupe, tout van n pa dwe detounen, si n pa vle maladi chabon ta vin louvri chimen fè bèl antre ba manzè delij nan gòj ou. Ou menm sonje di n sonje move zè p ap pran tan pou li dinamite bato Neptin oubyen ti bwa fouye, kèlkelanswa, nouchak oubyen noutout pechè nou met sou plas, si n pa veye sa n ap tire nan nas nou tann.

Si n byen sezi, se ou k pral fè konprès, mare byen sere, sou fon kèk majò rara pye poudre, sila yo ki pran pwen pou fè jon tounen kout pwen anba biskèt tout pi piti. Nou make figi yo sou mak kou yo ban n pote, pou n pa bliye, nèg ak nègès sa yo, save ou pa save, pi plis ankò sanzave, ki gen dan yo byen pouri, nan lamalis, sou fig ti Malis nou… paske ou pral ede n miske kò bannann nou pou sa sekwe grenn dan yo tout…

Anba la a bò dlo w, se byen se bon. Nou ta vrèman renmen wè papiyon alanaj, toutbonvre, k ap pote anpil ti lanp limen espre, pou yon nouvo eklerasyon vin balize chak ti rakwen anndan lespri w. Alantran, olye se nou, se ou ki jete twa joli degout bèl ochan pou nòde k ap temwaye anba plan pye n.

Si n byen tande, se ou sèl rèl k ap reponn alaplas tout sa k deja tonbe, byen fèm kou ladwati, tout sa k pa t merite faya, men k te rive kon sa sou lagranwout, san lè yo potko karyonnen…

Se ou tou k ap deplòtonnen bobin jefò w tousèl, pou zansèt yo, tout sila yo ki te travay kite kanmèm ti eritay, pasi pala, pou devni nou… Se ou tousèl nou di k ap fè tousa, pou zansèt yo, nan Ginen ki gen nen fen, pa pran sant lafimen betiz, pil sou pil, anpil nan nou limen fatra dife mete sou fòs tout vye ewo ak ewoyin sa yo anwo tèt chak kalfou…

Lè n byen reflechi, nou wè se ou k pou lanse yon apèl ba tout moun, fi kou gason, sa ki nan sa ou sa k pa ladan, sa ki bage ou sa k pa kon sa, sa k sou sa toutan, malgre yomenm, paske yo se fedayin tout kalite plimay.

Epi, menm lè yo se fedayin plezirans sele chak jou, nou wè se ou k pou envite yo vin fedaye yon lòt jan, an pamwazon fwa sa a, ak fedatifis laklate pou yon syèl pi bèl, pi ble kapab sèvi twati sou joli kay lakonsyans nou ap bati, jouranjou nan lespas, pou lepase sa k pa sa rete frèt kou mèt Jilbris laglas kouvri.

Si n byen sonje, jan sa ye la a, depi move tan sechrès dyòl mare a te blayi safte ak mechanste l sou tout pwenkadino gran lakou a, apre vye kout ba ou te pran nan men move leta noutout konnen an, jouk ralemennenkase te fin debouche sou yon latounay konsa-konsa bèl rivyè nan larad, andire se ou nou tande k ap di fòde gen yon netwayaj ki ta dwe fèt pou retire boulvès ki fè lagoum sou kèk bon plan bitasyon nou jodi a. Fòde gen yon balewouze ki ta dwe fèt, dapre sa w kwè, si reyèlman nou ta vle, ti gout pa ti gout, chak gout ta kontinye koule.

Nou dwe fè bèl wout pou swaf renmen avèk lalibète ka rive bwè dlo dous, san kè kase, nan lamoni plan men sous nouchak. Nou dwe serekole byen fre rèv nou ak pa yon lòt, kit nou se kabrit janbè baryè, malgre divèjans nou gen ak pwòp noumenm, kit nou se lasigal oubyen lafoumi. Nou pa dwe pèdi twòp tan sou filozofi distenksyon n ap tabli, sou degre nètete ki genyen ant nou youn ak lòt, kit nou se tout bèt nan lanati alafen, anwetan sila yo ki ta vle toujou gade eritay bèt fewòs forè ziltik plante andedan nanm yo. Kanta tout sila yo ki konprann yo ta ka rete kèpòpòz, ak menm chanson zwazo mawon an nan ajisman yo, douvan lespri moun konsekan, nou dwe fè yo prese sezi wè tout sa k chanje ozalantou…

Anba la a bò dlo w, se bon se byen. Nou ta kontan wè papiyon alanaj vin pote bon jan lanp limen espre, pou yon eklerasyon byen laj sa balize chak ti kwen ki ogmante veglerans nou.

Alapapòt, olye se nou, men se ou ki lage twa joli gout bèl mèvèy pou van karayib sa a k ap rannafle anba plan pye n.

Lè n byen dechifre, nou rive li envitasyon ou fè tout peyizan, tout atizan lakilti tè, nan nenpòt ki seksyon gran lakou a, pou youn pase pran lòt, pase chache patizan Mannwèl ak Annayiz peyi Fonwouj, vini keyi tout ti sekrè ki gen nan fon tè yanm ak tout lòt kalite danre. Yo dwe al depoze tousa nan yon bann ak yon dikdal lokalite pou galta, ra bouch, rive ranpli, byen plen, menm jan avèk tout vant, olye y ap plede dòmi san soupe ni soutyen anba lavil, anba lapat tout kategori defèt ak imilyasyon. Olye y al kontinye pran kout gòl nan kè oubyen santi fèy dife fwètkach kann andedan je nan peyi Laskazas. Olye pou y al pran gou pwa grate ak move tan, anba lapat leza ak lòt bèt bwa, nan lakou lyann, depi ayopò wòch nan bòt rive kote n pa menm soupsonnen, an n potekole ak yo pou n fè yo wè yo pa gadò san jaden.

Lè n byen panse, san nou pa twò koumande w, nou santi fòde tou w ta envite kèk vye kouzen kouzin nou yo kanpe yon refleksyon, pi fon ankò pase sa yo deja fè yomenm, yotout k ap fè alevini arebò peyi outremè epi k ap depale olye yo pale, k ap plede di se bon pou nou paske n pa t dwe fè sa jan sa a. Olye yo pran kòlè ekzanp lakay nou sèvi paravan pou lawontèz swadizan yo pa vle pran, douvan tchou je listwa dimonn, bon jan pretèks pou esplike ki jan dyab zòt fè mele ankò ak bonmas pa yo jiskensi, an n di yo chache konnen pito pou ki rezon rara depaman sa a, san wete san mete, ap deplwaye sou laplas bò « lakay » yo toujou…

Si n byen ranmase, nan tout koze ou lage atè la a, bò pye je n, gen lè fòk nou chanje taktik ak estrateji nan kous ki pou pemèt nou, ti viktwa pa ti viktwa, pete filè tchouboum, antre nan pi bèl oubyen pi gran viktwa a. Pou sa, sanble, daprè oumenm, se pa chwal nou manke, men se kavalye nou pa genyen ak bravte nou k falta, ki fè n toujou dèyè nan lit (menm) lokal n ap fè ak pwòp tèt nou an…

Laprèv, ou di lotrejou, pandan w t ap navige sou de pye w nan lanmè, ou te kontre lespri yon nèg, byen fre sou yon koralen, yon fòm moun ou kwè ki pa ta ka bay manti, paske l se yon sanmba, ki t ap rakonte, apati yon sonj, kwazman li te fè ak chwal Lanprè, yon poulen bèl sèl, ak tout natirèl li, ki te padkous padèdo van vante ap chache yon kavalye debridè.

Anba la a bò dlo w, se byen se bon. Nou ta kente, si n ta wè papiyon alanaj vin pote bèl bèl ti lanp limen pou yon eklerasyon laj nètale rive dewoule kò l nan tout kalfou w. Douvan baryè tou louvri, olye se nou, apa se ou k ap simaye twa joli gout bon jan lansan pou akeyi konpani van peyi Ziltik yo k ap trese riban anba plan pye n.

Lè n byen pran san n, andire n tande w k ap di : « Pou adisyon epi miltiplikasyon pwòp fòs nou, anwetan soustraksyon ak divizyon, se pou n al rele Siyis ak lòt elèv ki te soti lekòl brid sou kou anba pataswèl van sibit ki te rache fèy kaye souf yo a. Prese prese envite yo, ak tout lòt ki an rezèv yo epitou ki gen bon volonte, vin kontinye li, reflechi bò kote tout kalite moun, toupatou sou laplas bò isit ki gen bezwen, pou aprann konprann tout sans kache ki genyen nan mitan de liy kèk lide plake andedan egzistans lan. Prese prese envite yotout vin makelpa nan fèt lendepandans k ap fèt sèlman si n vle ladepandans fè bak, sou wout nou fèk ap fè, ki pa p janm rete fèt, pou evolisyon dechennen tèt li, alafen pou l pran chenn men longè tout kote bò lakay ».

Ala ri la ri, si se li ki va ri an dènye, bèf sila a ou lage nan lari kanaval nou, lè l a fin demaske madigra mal fouti, kòn soude, k ap kalbende anndan laviwonn yon soulezon, ki vle dejwe tout rezonnman ki ta dwe di pou ki rezon yon vrè konsè ta gen pou l fèt, pou acheve senfoni sa a ki koumanse depi lontan an, men si wòwòt k ap dodo la a san l pa rive mi byen dore nan fondalnatal ou.

Ala ri la ri, si se li ki va ri, jan l vle ri a, lè l a rive tranpe lang li nan larivyè k ap layite nouvo pawòl pale pou lakonprann sa sèl desen, nan lespri tout sa ki vle chache konnen, ki trase pi bèl gran chimen sila a ki debouche sou zekla kote manzè lizay ak mouche lanmou ap demere nètalkole.

Ala kontan la kontan si lapati rive mache byen dous yon lè, kote lanmou avèk lizay ap tete manmèl lapasyans, pran lèt refleksyon sèvi fondas, leve bèl kay san lantiray, pou Lapatri pa dòmi nan lari pyès ankò epi pou li sa parèt yon jan ki pi kòrèk douvan je noumenm dabò ak pa lemonn antye ansuit.

Ala bèl sa va bèl, tout zwazo ak flè, ti sous ki gen pou plen larivyè jouk manmzèl ka rive pote bon nouvèl ba lanmè, gad non ak bèl wòb tikwaz li, k ap prepare ladesant pou pwason tout kalite nan fon nanm ou.

Ala bon sa va bon, bèl rakbwa ki va tounen pouse andedan je w, anpil bèl ti bèt nan bwa, nan sezon plimezon, ki va fè kay epi peplay kote ou va fè repozwa pou yo, ak bon jan kloti pwoteksyon, pou ankenn nan yo pa ta menm bezwen sonje pran pwen disparèt yon jou. Ala bèl sa va bèl, bèl bèl ti flè an ti kanna oubyen an nenifa k ap fè fa sou do nan dlo w, bèl ti mizik byen bèl, pou lapati mache pi vit toujou, ti mizik byen mi, dore byen bèl pou Lapatri vole wo repete ba tout ti sekrè li jwenn nan lavòltij…

—Nounous

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2004

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com