Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Tontongi

Ayiti gen pou l bèl

(dedikase pou mèt Loulou)

«Lè l’a libere Ayiti va bèl o o o! W’a tande, w’a tande koze!» (Farrah Juste/Koralen)

Se te anba kat pye tonèl
Ak fetay fèy kokoye ak fèy palmis
Nan zòn Bòlòs kote moun pòv
Te konn ap viv nan vant mare
Mèt Loulou te koumanse n
Aprann konn li nan oun silabè
Avèk pò l gwi kou oun po kochon
W’ap chode rèd nan labatwa.

Mèt Loulou pa te sot nan Katye Laten
Ni l’pat te konn vwayaje a letranje
Li pa te konn manje sosis nan lanjelis
Biftèk ak bè nan mitan midi sonnen
Ni pwason dous nan lasware
Menmsi si gen lè l’te kouwè chaloska
Ki ennève lè n’fè dezòd
Li te yon nonm ginen vanyan.

Nan epòk tèt anba sila yo
Lè timoun yo t’ape mande
Poukisa tout depite japwouj
Kolèt monte an jebede
T’ape pale franse je vèt
Nan diksyonè san pwen dirèk
Mèt Loulou li t’ap travay di
Pou li ban nou yon ti kichòy
Nan zafè li konte ekri
Li te konn vizite fanmi n
Pou li chache ede lavni n
Kòmsidire l’te vle plante
Yon ti pye bwa pou wè demen
Si Ayiti yon jou ka bèl.

Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Paske nou ap lite pou nou resisite l
Pou n’fè l donnen kou oun pye joumou
Tankou yon vale ak bèl jaden fleri
Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Paske ap genyen moun k’ap vin wè
Ke yo t’ap viv kouwè zonbi
Nan lakou mouche Ozanfè.

Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Paske yon jou kou jodia
L’ap fè moun lòtbò respekte l
L’ap vin fè nou panse de li
Tankou yon bèl Nègès Ginen
K’ap fè lanmou ak tout nanm li.

Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl,
Paske ap gen yon lè n’ap vin wè
Fanmi nou zanmi nou tout moun nou
Ap vin met mennanmen nan sa n’ap fè ki bon
Moun ap sot tout kote nan tout kwen sou latè
Sou bourik ak sou chwal
Sou bato nan avyon kou apye
Pou yo vin temwaye pou lavi libere.

Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Pou l’ap vin refleri tankou yon bèl sezon
Pou pye bwa ap leve tankou lanati vle
Pou moun ap chache lòt avèk bon santiman.

Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Paske ap gen lòt pèp k’ap soti tout kote
K’ap vin chante avè l chanson lavi sove
K’ap vin bati avè l yon bèl kominote
Ant tout pèp libere ki vle chanje lavi.

Lavi nou gen yon jou pou l’vin bèl
Paske chak jou k’pase ap pote plis kouraj
Bannou pou n’respekte vi pa lòt frè nou yo
Menm lè lavi pa nou pat yon bèl paradi.

Sou Bèlè gen yon jou pou l’vin bèl
Raboto gen yon jou pou l’vin bèl
«Boat-people» gen yon jou pou yo jwenn
Nan Ayiti-Toma yon peyi plen lespwa
Milatrès cheve swa kou fanm Ginen afro
Marabou po solèy kou fanm blanch pwèl dore
Ap vin tounen yon sèl kretyevivan k’ap bay
Moun nan mòn moun lavil moun nan bouk
Yon bèl karès lanmou pou fè kè yo kontan.

Ti peyi n gen yon jou pou l’vin bèl,
Tout lesklav gen yon jou pou yo wè
Soufrans sou latè ka sèvi kou yon zam
Pou refè yon travay ki ka sèvi tout moun.

Ayiti gen yon jou pou ou wè l
Ap ponpe ap vole ap vòltije kou oun pan
Kouwè yon flè dizè k’ap chante ak yon kòk
Yon bèl ti melodi ki ka jwe tout kote.

Ayiti gen pou li bèl kou oun rèv
Kou oun lalin klere nan mitan yon bèl plèn
Ayiti gen yon jou pou li bèl pou li bèl
Kou oun lanmè plen solèy nan frechè
Ki ap benyen tout moun nan lakou a.

Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Paske l’ap gen jistis pou tout pitit li yo
Paske n’ap frè ak sè kouwè de ti toutrèl
Paske n’ap gen konbit chak jou Bondye mete
Ayiti gen yon jou pou l’vin bèl
Paske jounen jou sa a se jou l’ap libere.

Chache Nanm Nou

Si ou nan Pòtoprens ouswa nan Lagonav
Ou wè gen travay ki pou fèt nan zòn lan
Ou wè manmzèl Zota ki fèk fin akouche
E k’ap chache ti swen pou pitit li sove
Ap viv nan yon salte k’ape dekonstonbre l
Ou wè mouche Sovè ki pa yon sanzave
Ap deperi sou ou paske l’vin depevi
Epi ou wè tou menmsi w’se oun chat boure
Santiman ou ap viv se pa la nanm ou ye
Ou wè kouzen w Jozèf yon nonm san pretansyon
Ap jwe bòlèt chak jou chak jou Bondye mete
Pou wè si l ta vin viv nan yon chato Lespayn
Ou dwe di w gen oun bagay ki pap mache jan w’vle.

Menmsi san ou tounen lè w’ap chache nanm ou
Nan dezè lenfè sa a zòt yomenmmenm bati
Epi w’mande w pouki nou pa brize-kraze
Ou ka konprann jou sa a menmsi se oun jou lapli
Ke gen lòt mèt latè yon nonm dwe sèvi.

Si w’ap viv nan Okay oubyen nan Jeremi
Epi w’wè «Boat-people» ap soti tout kote
Nan tout kwen Dayiti pi mal k’oun epidemi
Pou yo jwenn ki kote ki ka soulaje yo
Ke w t’ap viv nan oun joupa ak fetay tòl koule
Ouswa nan yon mòg lèd kote zo w ap glase
Sa pa fè w yon vètè ki dwe viv anba tè.

Ke w’te yon Komeni ki ka pini tout moun
Oubyen yon gwo reken ki ka vale nou tout
Sa pa fè w yon chabwak ki siperyè tout moun
Ou se sèlman yon van ki gonfle nan banbou
Si ou ta vin mande w poukisa w nan lapenn
W’ap fini pa konprann sitou si kè w mare
Tout lòt kretyenvivan k’ap soufwi lòt malè.

Si w’te yon pwotestan oubyen yon katolik
E gen tonton w Moyiz ki yon bòkò je nwa
Ki li gen sè l Terèz ki pa kwè nan anyen
Ou ka fin pa mande w lè w’gade alantou w
Ou wè tout moun sa yo nan yon menm labatwa
Ki sa k’fè y’ap batay tankou krab nan panye.

Lè w’wè pwoletè nan Iran ak zonbi nan Irak
Oprime Jwif eran ki bliye listwa yo
Ap toupizi Arab ki pa pi bon ke yo
Lè w’gade Roxbury avèk South Boston
De komin malere boujwa gwo kole divize
Ap goumen kou matlòt paske youn nwa lòt blan
Ou ka wè gen oun bagay ki pap mache tèt dwat.

Si w’ap viv sou Bèlè ou nan Site Solèy
Si w’se yon ti jandam ki touche yon kraze
Ki pa ka menm peye lwaye yon ti pyès kay
Epi w’wè yo voye w ame kou oun gladyatè
Al masakre timoun ak granmoun tout lòt moun
Pou yon koze jistis ki se menm koze pa w
Ou dwe vin pa mande w si w’pa vin yon kadav
Y’ap choute jan yo vle paske w’pa di anyen.
Si w’se oun nonm k’ap lite pou lavi libere
Si w’se oun fanm k’ap goumen pou vanse sosyete w
Ou pa dwe janm bliye menm lè w’dekouraje
Gen lòt k’ap gade apre w pou bay oun ti limyè.

Pa gen moun sou latè ki pi bon ke yon lòt
Si y’ap travay ansanm pou fè dlo koule fre
Nou tout nan oun sèl bato k’ap koule k’ap nwaye
Si n’pa met pye n nan dlo pou n’di Alleluia!
Nou tout nan yon sèl kay k’ap peri nan dife
Si n’pa rele Anmwe! ansanm ak lòt frè n yo
E avèk sè nou yo k’ap soufwi nan silans
Pou chanje sa k’pa bon e mete sa ki bon.

Pou nou chache nanm nou fò n’chache sa nou ye
Pou n’wè sa k’fè n plezi ak sa ki toumante n
Fòk nou ka met pwogram ki ka rann lavi bèl
E ki ka fè n santi n ke nou pa vye zonbi
Y’ap bay moso kasav san menm yon ti gout sèl.

Pou nou chache nanm nou fòk yon jou nou ka di n
Lè nou gade dèyè e nou wè tout rès lavi n
Pat kou yon maswife ni kou yon kalalou
K’ap glise kou oun lalwa solèy ap malmennen.
Pou nou chache nanm nou fòk nou konn sa nou vle
Fò n’pa kite yo pran n nan jwèt pwason d’Avril
Ni nan pèlen reken ni nan yon kat mare.

Si yo vle fè nou wè midi nan lanjelis
Nou dwe di n gen oun koze ki poko sikile
Si yo di nou ti poul nan landmen pral fè dan
Nou dwe chache konnen si libera n chante
Anvan menm n’te soti nan vant manman an nou
Si yo di n nan landmen Tonton Sam ap vin saj
Nou dwe chache konnen si Bondye pa ledyab!

Pou nou chache nanm nou fòk nou ka swiv kè nou
Fòk nou ka renmen oun fanm san nou pa domine l
Fòk nou ka renmen oun nonm san n’pa demalize l
Paske lavi nou tout se tankou oun ekipay
Ki bezwen tout bon van pou mennen l nan bon pò.

Pou nou chache nanm nou fò n’konn kote n’soti
Ak kote n’vle rive apre tout goumen n yo
Fò n’pa jakorepèt k’ap chante Beethoven
E ki pa menm konnen yon dans Gede-Nibo
Pou nou ka jwenn nanm nou fòk nou kwè nan demen
Fò n’pa kite malviv vin yon malediksyon
Yo te bann pote kou yon chay malfektè merite.

Pou nou ka jwenn nanm nou fò n nan laverite
Pou nou chache nanm nou
Pou nou ka jwenn nanm nou
Menm lè yo fè n zonbi ki pa dwe goute sèl
Fòk nou konn lè l’rive pou nou rele Ase!
Fòk nou kapab konnen nou chèmèt-chèmètrès
Tout desizyon n’ap pran pou lavi n libere!

Fòk nou chache nanm nou si n’pa vle n’dezevwe
Pou n’pa vin oun kalmason k’ap souse kras fatra.
Fòk nou chache nanm nou sitou lè n’ap mande n
Poukisa nou kite mechan ak malfini
Fin delalay nanm nou pi mal koun bèkèkè.

Pou nou ka jwenn nanm nou nou dwe chache nanm nou
Fò n’ka kenbe yon fizi ansanm ak yon powèm
Anka nou ta bezwen tout zam ki nesesè
Lè n’ap vin jwenn nanm nou se lè yon jou konsa
Nou vin wè tout lespwa n vin tounen jan n’ap viv
Jan n’ta renmen pou n’wè tout lòt moun sou latè
Vin jwenn ansanm ak nou pou fè limanite bèl.

—Tontongi 1989

Powèm pa dumas fils lafontant

Lafimen sekou

Nonm nan ap vire lòlòj li
Li pa konnen si pou l monte, desann, chita, kouche
Yon doulè sou kè, yon soufrans nan vant
Lapenn makònnen senti l
Pa mande l sa w santi
Pwa lavi sou biskèt li
Listwa ap obsève
Li pa bay chimen, li pa montre lavni
Li sèlman ofri yon plas sou kabann jijman
Tranch responsablite li pou lapatri, lafanmi
Eklipse nan yon lafimen
Siyal kominikasyon, eritay Karayib
Konkistadò piste odè fèy, epis, lò san koule
Lajistis gade, epi, epi anyen

(1996)

Papa libète

Papa se ou ki wa
Se ou ki wè
San ou pa gen lavi

(2000)

Chante Ayisyen

E! E! Papa En! En!
Chofe espri Ayisyen
Pwente li nan reyalite
Pa defòme pawòl li

(2000)

Bizango

Literati ayisyen ban m zèl
Mwen pran vòl nan peyi èg
Ale poze sou yon pye palmis
La mwen tande nouvo son, Kreyòl,
Oraliti mwen e mwen, mwen e zòt
Ekilib sijè, objè osnon paladò, pansè
Ki ekziste avan libète?
Lòd kolonis mete nou anreta
Newokolonyalis simayen lese grennen
Konsyans popilè jistifye libète
Konsyans kolektif mande disiplin
Ou pa wè? travay se vèti
Nou andwa vole wo

(2000)

Viv pou Ayiti

Ayiti ou se yon jwayo ki tonbe nan men Bondye
Mwen renmen w nan panse jouk nan nanm mwen
Kè m se rivyè ki wouze w
Tè abondan ki pa mande travay di ni fatigan
Pito m mouri pou Ayiti pase m kite kolonis pile w

Ayiti libète w makònen ake pa m se lavi ou lanmò
Bouwo demokrasi ba ou kou sou kou

Desan lane pandye kòd nan kou
Pitit w prefere viv nan pèseverans
Pito m mouri pou Ayiti pase m mouri grangou

Ayiti istwa mete yon tach sou chimen w
Sa ki gen janb fèb zafè a yo
Sa ki pa k mache zafè a yo
Grenn revolisyon donnen yon sosyete sanba
Zèv pitit w klewonnen renouvo nèg
Pito m mouri pou Ayiti pase m travay nan batey

(2001)

Tim Tim!
Bwa chèch!

Mwen sivilize latè, tèt mwen se yon manchèt, kò mwen fèt an wòch. Ki moun mwen ye?
—Ogoun
Mwen sòti plato Abome, Lwès Afrik, transplante ann Ayiti. Ki moun mwen ye?
—Gede
Nanm nan boutèy
—Senkretizm
Rele lwa nan govi
—Ideyalizasyon
Seremoni Bwa Kayiman
—Medyasyon
Levanjil selon misyonè
—Divizyon
Nesesite pou devlope Amerik
—Esklavaj
Mwen se egalite, fwi libète, men mwen pa egal. Ki sa mwen ye?
—Travay
Mwen se Ayiti, peyi pi pòv nan Emisfè Lwès. Ki sa mwen ye?
—Anachi
Ou pa k kreye m, ou pa k detui m. Ki sa mwen ye?
—Lespri

(2001)

—dumas fils lafontant

Powèm pa Pòl Larak

[Nòt: Powèm sila yo ekstrè nan rekèy powèm Lespwa (Edisyon Mémoire) Pòl Larak pibliye ann oktòb 2001. Liv sa a se yon koleksyon de plizyè powèm kreyòl otè a te ekri depi 1956. Pou plis enfòmasyon sou Pòl Larak, tcheke achiv Tanbou nimewo janvye 2000]

Lakansyèl

S on riban k mare lan cheve lapli
s on senti tout koulè lan ren yon ti cheri
s on kolye maldyòk pou chase move zè
s on laso k pase lan kou solèy
pou fè l tounen vin klere latè

Lakansyèl plonje dèyè mòn
yo di l al bwè dlo
jouk lan tèt dlo
Ogoun gronde tankou banbou
Lasirenn al fè lanmou

De ti pwason monte anlè
pou gade larenn Simbi ap taye banda
chapo m tonbe lan lanmè
lè yon ti briz va vante
tout vwal batiman va glonfe

Lakansyèl s on baboukèt lan dyòl loraj
se lapè k ap pouse do lagè
s on kout kleren apre gagè
pou tout nèg bat tanbou
chante lwa ak danse vodou
s on sèpèt pou sakle malè
s on gwo konbit pou rache mizè
pou fè dlo kouri lan tout jaden
pou wou lan solèy jete zèklè
yon konbit jouk lan Ginen
pou jouk lòt bò lanmè
yon konbit tout kanmarad tout koulè
pou transfòme latè
pou tout mechan vin dou
pou chanje lavi nou

(powèm sa a te premye parèt nan revi Optique nimewo jiyè 1956, paj 55)

Rèv

(pou Masèl)

Oun ti nèg plonje
al gade simbi anba dlo
bèl zanj ak gwo demon mele
yo louvri zèl yo tankou zwezo
tankou vwal batiman van gonfle
lalin klere zetwal file
ti nèg la pa remonte

Yon flanm dife

Jak Roumen mouri
kò l al pouri
anba tè
men n ap kenbe lespri l
tankou yon flanm
yon flanm dife
pou boule
tout move zèb
ki lè yo tounen sann
va nouri latè

Jak Roumen mouri
kò l al pouri
anba tè
men n ap kenbe lespri l
tankou yon flanm
yon flanm dife
pou klere
wout tout travayè
gason kon fanm
peyizan tankou ouvriye

Jak Roumen mouri
kò l al pouri
anba tè
men n ap kenbe lespri l
tankou yon flanm
yon flanm dife
pou boule
ak pou klere
yon flanm dife
ki pap janm mouri.

(ekri pou 70èm anivèsè Jak Roumen)

Larenn Solèy

Pwològ

Sòlda mawon se jwèt timoun
ti gason k ap fè lago
pa lan lari men lan bwa
yon lago ki travèse listwa
Panyòl ap chase Kaonabo
blan franse ap chase nèg nwa
blan meriken ap chase kako
jandam ap chase malere
makout ap chase travayè
eskadron lanmò ap chase revolisyonè
fòs lòd ap chase libète

Sòlda mawon pa jwèt ti moun
lan bwa ak lan lari
kit ou jenn kit ou gran moun
Endyen tankou nèg nwa
nou tout ap sispann kouri
boule kay koupe tèt
nou tout ap fè geriya
lame malere kanpe
esklav ap chase mèt
ni eksplwatè ni eksplwate
demen se rèy libète

Larenn solèy leve

m mande kote li prale

solèy pa fanm
solèy pa gason
li gason
lè li konpè jeneral solèy
li fanm
lè li larenn solèy

larenn solèy leve
m mande kote li prale

li fè lanmou ak lannwit
pou l ban nou lalin
li fè lanmou ak lalin
pou l ban nou zetwal
li fè lanmou ak zetwal
pou jou ranplase lannwit

larenn solèy leve
m mande kote li prale

solèy fèmen je l
pou n sa reve
solèy louvri je l
pou n sa kanpe
pou kò n li pote chalè
pou lespri n li pote limyè

larenn solèy leve
nou konn kote l prale

devan stati Kristòf Kolon
a jenou
ak lakwa lan men l
sou yon solèy wouj kou woukou
yon bann Endyen ap pase

cheve yo long tankou krinyè chwal
k ap souri lan savann
cheve yo nwa tankou fè nwa
tankou lannwit san lalin
tankou lannwit san zetwal

po yo koulè siwo myèl
manyòk fin graje
kasav ap dore sou dife
mabi ap rafrechi lan kanari
medmwazèl yo dous kou myèl

yon fanm ap balanse
sou yon amak ki mare
lan de pye zabriko
tete l tankou de mango
yon lòt fanm ap danse

flè tout koulè bò isi
zoranj melon zannanna bò laba
zwezo ap chante lan pye bwa
Kaonabo ap fè lanmou ak Anakaona
ou ta di se paradi

yon kout lanbi pati
flèch li chire silans lan
lanbi reponn lanbi
sanba a sispann chante
tout gèrye kanpe

yon kout lanbi pati
flèch li chire silans lan
lanbi reponn lanbi
larenn solèy sispann danse
koki lanmè derape

yon jou konsa twa bato vin parèt ak yon bann moun
lòt koulè Yo pòtre moun ki maske Nou avanse pou
nou wè sa yo vle Nou ba yo manje Nou ba yo bwè
Nou ba yo dòmi Yo mande kolye Yo mande brasle
Yo mande bijou Yo mande lò nou Yo mande tè nou
Yo mande fanm nou Yo mande lavi nou

ala yon kwa Kolon pote pou nou

Panyòl pi mechan pase chen anraje Zam yo fè flanm
tankou zeklè Zam yo fè bri pase loraj Yo fout nou an
esklavaj Kaonabo kanpe Yo pote a ale Flèch pa kab
wè devan fizi Anakaona konsilte zemès yo sa lagè pa
fè diplomasi petèt va reyalize Pou sove pèp li Anakaona
deside jwe jwèt Ovando Li pare bèl fèt bèl chante bèl
danse pou selebre lapè Adye Bondye Yo bay chen
manje vyann Endyen Sanba mwen kote sanba m ale
Manman kote ou ye

devan stati Kolon
ak kwa nou lan bra li
sou yon solèy wouj kou woukou
yon bann Endyen ap pase

lan bòdmè Pòtoprens
lan Gran Ri Jeremi
kanaval an bote
lan mitan legzil m ap reve
lè m te jenn gason
fòk m te maske
pou m t al gwouye
lan bann baka

jodi a m degize an mwen menm
lè m te jenn gason
jodi a m degize an mwen menm
pou m al nan madigra

lan lavil Jeremi
kanaval an batri
yon chinwaz ap danse
larenn solèy leve

renmen plonje sou mwen
tankou malfini sou poul
tout fèy lan bwa tranble
loraj pote m ale

lanmou se bèt sovaj
fò nou aprivwaze l
nou menm tou nou se bèt sovaj
fò lanmou aprivwaze n

gason antre lan fanm
tankou kouto lan kè yanm
lanmou se mistè
tout latè kouvri ak flè

m tande yon kout tanbou
tanbou reponn tanbou
sanba rekòmanse chante
tout kòk batay kanpe

m tande yon kout vaksin
vaksin reponn vaksin

Anakaona rekòmanse danse
koki lanmè derape

Ayiti Kiskeya Ispanyola Sen-Domeng Ayiti
chanje mèt se chanje mizè

Yon jou konsa twa karavèl te dekouvri l’Amerik
Panyòl se bèt sovaj Yo met Po-Wouj yo ann esklavaj
Yon pè ki te gen bon kè mande padon pou Endyen
Li di mete chaj la sou do Afriken

Ak Kaonabo e Anakaona premye mouvman rezistans
koumanse ann Ayiti Kaonabo mouri sou dlo Yo pann
Anakaona Santo-Domingo Batay reprann ak Kasik Anri
ki rete lib jouk li Neg mawon mele ak Endyen mawon
Sòlda mawon mele ak esklav mawon jouk esklavaj aboli

Yon jou konsa yon pil bato rive Sen-Domeng pou retabli
lesklavaj Tousen kanpe Desalin kanpe Kristòf kanpe
Tout nèg kanpe Libète ou lanmò Fizi pran plas flèch
Bal pou bal Kannon pou kannon Libète kont esklavaj
Tout boulèt se pousyè

Bato ki te pati ak Kaonabo a se li ki vin pran Tousen
Louvèti Panyòl ou Franse tout se menm Tout se blan
Tout se kolon Tout se eksplwatè

Tousen te fè sa Spatakis pa t fè
Tousen te fè sa Kaonabo ak Anakaona pa t fè
Tousen te fè sa Makandal ak Boukman pa t fè
Tousen te fè sa Oje ak Chavàn pa t fè

men konplo fò pase wanga Franse pran Tousen
lan pyèj tankou Panyòl te pran Anakaona tankou
Meriken va pran Peralt

yo pote Tousen ale
men Desalin leve

sanba a di
sa li renmen lan lavi
se libète

sanba a di
sa li renmen lan lavi
se lanmou

sanba a di
sa li renmen lan lavi
se pwezi

pwezi pou chante libète
pwezi pou chante lanmou
pwezi pou chante lavi

libète pou fè lanmou
jouk li jou
jouk solèy leve

libète pou n fè sa nou vle
libète pou n jwi lavi
libète pou rèv vin reyalite

—Pòl Larak (ekstrè nan Lespwa, Edisyon Mémoire, 2001)

Kèk Powèm Emmanuel Védrine ki tradui nan lòt lang

Lago ak lavi

Pafwa Lavi ban n payèt
Nou frape pye n atè pou fè wòklò
Apre n met de men nan machwè ap pouse katchil
Kòmkwa n vle rale bak tan pase
Pou ekzanminen dantan.
Tèlman panse n fè lakwobat,
Nou tanmen fè lago ak Lavi
N al kache pou l pran n si l kapab
Kòmsi n ka ba l sigo tout bon.
Li ri n kò pèdi jouktan l gen wòkèt
Paske l wè lonnvi je n
Pa vize kou fizi kout,
Nou bliye si n se flèch palmis.
Afòs nou reve,
Nou reve n vòlò peny Mètdlo
Nou menm reve n vòlò bonnèt Lakansyèl
Epi n ap fè laviwonn pyebwa avè l
Kòmkidire n ka pati ak li
Pou wè dekiprevyen chans nou.
Men aktousa,
Kafe n kontinye koule ak ma
Se dlo n ap bwote nan paswa.
Nou tanmen kalonnen Lanmè
Kòmkwa se revanj n ap tire ak Lanati.
Nou mache bobis pou n moke Lavi
Men l griyen trannde l lè l wè n pa konn danse
Nou panse n ka pase l nan rizib kòmkwa l mache bwete
San n pa menm gade si n mache drèt nou menm
Nou seye kase koub respè l
Pou krache kòlè n
Li lage gonmbo cho nan plan men n
Epi l rete tennfas
San l pa fè yon pa kita yon pa nago.
Li jouk kale nawè l sou nou
Lè l wè n antchipwèt pou pran douvan
Kòmsi se wout nou konnen.
Nou pran pòz koupe fache ak li
Nou menm wè l kòm yon chimen nou pa renmen
Men chwal nou al bouke kanmmenm ladan.

(Trandui an fransè)

Sa m panse de powèm

Yon bon powèm touche nanm.
Bon powèm bon pou lespri.
Kijan lemonn ta ye san powèm ak mizik?
M kite powèm mwen pale.
Mwen pale powèm.
Powèm se yon lòt lang mwen aprann.
Powèm se vi mwen.
Powèm se yon bonjan zam.
Powèt wè lemonn nan pwòp fason yo.
Linivè se yon powèm.

—Emmanuel W. Védrine

What I think about poetry

Good poetry touches the soul.
Good poetry is good for the mind.
How would the world be without poetry and music?
I let my poetry talk.
I speak poetry.
Poetry is another language I’ve learned.
Poetry is my life.
Poetry is quite a powerful weapon.
Poets have their own ways of seeing the world.
The universe is a poem.

—Emmanuel W. Vedrine

Ce que je pense des poèmes

Un beau poème nous touche dans l’âme
La bonne poésie nous éveille l’esprit.
Que serait le monde sans poésie et sans musique?
Moi je laisse parler mon poème…

Je parle en poésie
Poésie, autre langue que je sais parler.
Poème tu es ma vie,
poésie, âme de prix.

Le poète a sa propre vision du monde
Et tout l’univers est poésie.

—Emmanuel W. Vedrine
(Traduit en français par Jean-Samuel Sahaï-Viranin)

Ninavyofikiria kuhusu ushairi

Shairi zuri ni zuri kwa akili.
Shairi zuri hugusa moyo.
Dunia ingekuwaje bila mashairi na muziki?
Nauachia ushairi wangu uongee.
Naongea kiushairi.
Ushairi ndiyo uhai wangu.
Ushairi ni silaha yenye nguvu.
Washairi wana njia yao ya kuiangalia dunia.
Ulimwengu ni ushairi.

—Emmanuel W. Vedrine
(Swahili translation by Richard Kifutu)

Was ich über Poesie denke.

Gute Poesie berührt meine Seele.
Gute Poesie ist gut für meinen Geist.
Wie wäre die Welt ohne Poesie und ohne Musik?
Ich lasse meine Poesie reden.
Ich spreche Poesie.
Poesie ist eine weitere Sprache die ich lernte.
Poesie ist mein Leben.
Poesie ist eine starke Waffe.
Dichter haben ihren eigenen Art
die Welt zu sehen.
Das Universum ist ein Gedicht.

—Emmanuel W. Vedrine
(Deutsche Übersetsung von: Andrina Soliva)

—Tanbou novanm 2001

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com