Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



“Jerusalem”: Yon konfesyon maske

—Wedsly Turenne Guerrier

Mizik jwe yon wòl patikilye ann Ayiti. Kit se revolisyon, dechoukaj, remèsiman, tout fèt a travè chanson. Gen chante ki fè moun kriye, gen sa ki fè moun ri. Kèlkeswa e stil chanson an, li pa janm inosan, li toujou gen yon mesaj dèyè l. Objektif nou nan etid sa a se analize « Jerusalem », yon chanson Serge Descard konpoze nan lane 2008 epi Gracia Delva entèprete. Nou vle montre lyen ki genyen ant konpozitè a e chantè a epi metòd yo itilize pou jwe ak lektè /oditè yo.

Untitled —by Gabriela Crinigan

Yon ti koudèy nou jete sou tèks la montre deja ke kouplè yo pa gen menm longè, men chak bay yon ti detay an plis sou mesaj naratè a vle fè pase. Pou kòmanse, nou poze de kesyon : Poukisa Serge Descard fè chante sa a ? Ki metòd li itilize pou eksprime ide yo ? Pou reponn kesyon sa yo, nou pral egzamine chak kouplè yonn apre lòt pou wè sa nou ka dedui :

Solèy leve l’ kouche
Lespri’m toujou branche
Sou ou Jerusalem… malgre pwoblèm

Nan premye kouplè a, nou gen tan wè yon moun k’ap eseye di sa li panse. Li itilize adjektif posesif « M » pou fè santi se yon bagay pèsonèl. Sa ki makan nan estròf sa, se eta despri naratè a. Lajounen kon lannwit l’ap panse a « Jerusalem ». Men ki sa « Jerusalem » reprezante ? Sa ki fè bote tèks sa a se metòd naratè a itilize pou li fè lektè a tann. Kè sou biskèt lektè a ap tann yon ti enfòmasyon an plis pou konprann sitiyasyon an. Premye kouplè a fini ak de mo sa yo « Malgre pwoblèm ». La, naratè a avwe ke gen pwoblèm. Men ki sòt de pwoblèm ki genyen ? Èske yo ka rezoud ? Depi ki lè l gen pwoblèm sa yo ?

Dezyèm kouplè a bay kèk ti enfòmasyon pou louvri je lektè a :

Epi tout sak pase
Nan kè’m ou toujou rete
Pi bèl Jerusalem… malgre pwoblèm

« Epi tout sak pase » fè santi gen anpil bagay ki rive. Pwoblèm nan se ki bò bagay yo te pase ? Ki lè ? Nan ki sikonstans ? Yon sèl bagay ki klè nan pati sa a, naratè a avwe ke « Jerusalem » jwe yon plas enpòtan nan kè li. Li itilize adjektif « bèl » pou dekri li. Éske « jerusalem » se yon moun ou byen yon kote ? La ankò pa gen ase enfòmasyon pou konfime sa. Sa ki atire atansyon nou, se fason dezyèm kouplè a fini : « Malgre pwoblèm ». Repetisyon sa a montre entansyon naratè a pou ensiste sou pwoblèm li. Gen yon bagay ki ap rache kè li san rete.

Se nan twazyèm estwòf la enfòmasyon pètinan kòmanse tonbe :

Pou mwen zòn-nan ante
Sa fe’n paka kontre
Men ou Jerusalem
Ou “Still” avè’m

Kat vè sa yo ale byen ak istwa Gracia Delva. Nou vin konprann ke atis la ap chante yon chanson pèsonel : « Pou mwen zòn-nan ante” fè referans a Etazini, peyi banbòch kote atis la te konn kale kò li. Nou ka di ke kay ki ante a se Etazini. Epi fantòm ki nan kay sa ki anpeche Gracia abite la se ajan imigrasyon yo. Selon enfòmasyon nou jwenn nan belmizik.com, Gracia Delva te gen pwoblèm ak imigrasyon amerikèn se sa ki fè li te kite Etazini pou ale etabli li ann Ayiti. Daprè yon atik ki disponib nan heritagekompa.com, se an Frans Gracia Delva te ye nan lane 2003 lè otorite imigrasyon amerikèn yo te voye li tounen ann Ayiti. Enben, nou ka di ke « Jerusalem » se fanatik ak zanmi Gracia Delva yo k’ap viv lòt bò dlo. Naratè a avwe ke li pa ka wè moun ki pwòch li yo, men yo pa janm lage l : « Ou still avè’m ». Mo anglè li itilize yo se pou montre li te konn vwayaje e se konsa dyaspora yo te konn pale lòt bò dlo. Li toujou kenbe menm estil la : melanje anglè ak kreyòl ayisyen.

Nan katriyèm estwòf la naratè a fè yon souwè :

M’vle rete fidel
Ak ou ki te ban’m zel
Epi’k toujou ave’m
Nan tout pwoblem

Kat vè sa yo eksprime yon sòt de rekonesans ke naratè a/chantè a genyen anvè fanatik li yo. Rèv li se kontinye fè yo plezi. Li rekonèt ke san moun sa yo li pa t’ap sa li ye jodi « Ak ou ki te banm zèl ». Dezyèm ak twazyèm vè yo montre klè ke naratè a sonje sa fanatik yo te konn fè pou li e sa y’ap kontinye fè pou sipòte li « Nan tout pwoblèm ». Gen plizyè fason nou ka entèprete sipò naratè a ka jwenn nan men fanatik yo. Premyèman, yo ka defann li lè ennmi yo ap pale li mal. Dezyèmman, yo ka voye lajan pou li ann Ayiti pou sipòte li ou byen ale nan bal li fè Ayiti yo ou nan lòt peyi yo. Twazyèmman, yo ka fè kèk demach pou li pou wè si li ta ka retounen Ozetani.

Nan senkyèm estwòf la, nou panse t’ap gen yon konfesyon total, men yon lòt fwa ankò se an parabòl bagay yo ap pale :

Nan toubiyon vire tounen
Mwen pran yon chimen k’menen’m byen lwen
Men ke’m pa detounen
Lespri’m pa desounen

Olye li di bagay yo jan yo ye, li itilize imaj pou fè lektè a reflechi. Daprè sa nou konprann, gen yon kat ki te mal bat, yon dil ki te mal tounen, se sa ki fè kounye a li byen lwen : « mwen pran yon chimen k’mennen byen lwen ». Ki bò chimen sa mennen ? Ayiti. Ki sa sa vle di ? Match la rèd. Bagay yo pa menm jan. Nèg ap pran kou. De dènye vè yo montre ke nan mitan difikilte yo, li rete djanm sou djanm. La, li montre fòs ak kouraj li genyen pou lite kont advèsite.

Se nan sizyèm estwòf la, nou genyen yon pi bon ide sou eta despri naratè a :

M’nan yon pozisyon difisil
Poutan m’pa fè pyès move dil
Tout sa’w tande k’pase
Se paske map chante

Menm si li pa di klè sa ki ap ravaje li, omwen li admèt « M’ nan pozisyon difisil ». Tout ayisyen konnen sa sa vle di : lakay pa bon. Nou imajine naratè ap mal vire. Ti kòb yo pa tonbe menn jan. Rad chè yo pa ka mete menm jan. Zanmi ap fè blag de tanzantan sou li. Toutfwa, sa ki pi enpòtan nan estwòf sa se entansyon li pou li pa enplike nan tout sòs : « Poutan m’ pa fè pyès move dil ». Wi, lavi a ap maltrete li, men li konsève diyite l. Menm jan ak kèk depòte ann Ayiti, li te ka nan zenglendo ou byen nan vann dwòg pou chanje sitiyasyon li. Men se pa sa ki enterese li. Li rete kwè gen yon lòt bagay li ka fè pou viv : chante. Lè li di pa egzanp « Tout sa ou tande k’ pase / Se paske m’ap chante » li vle di tout ti acha ou byen pwogrè li fè se gras a mizik la. Li pa foure tèt li nan kontrebann pou regle zafè li. E sa a, se yon egzanp pou tout depòte lakay. Li montre ke gen lòt bagay yo ka fè pou viv san mete lavi moun andanje oubyen dezonore fanmi yo.

Li chwazi chante tout kouplè yo yon sèl kou pou retire sa k’ap ravaje li a byen vit nan kòf lestomak li. Aprè kouplè yo, se pa ti plenn kibòd la plenn. Kri kibòd la fè panse a vwa yon moun ki nan lapenn, k’ap kriye. Monte ak desann (entonasyon) mizik la tradui tout emosyon chantè a.

Refren an jwe yon wòl espesyal nan chante sa a. Li montre yon lyen solid ant naratè a e fanatik li yo malgre tout sa ki rive :

Ou men’m avè’m
Nou kenbe fè’m
Mwen laaa
ou laba-a
Yo sezi wè nou still so close la ! Zoup !

Sèl pwoblèm ki genyen se distans lan. Bagay yo paka mache menm jan paske atis la ak fanatik li yo pa pre yonn lòt. Men kontrèman a sa ennmi yo te panse, distans la pa diminye amitye solid yo genyen yonn pou lòt. Sa fè ipokrit yo sezi.

Nan dezyèm pati refren an, naratè a louvri kè li yon ti kras pou di sa li santi :

I miss you so
I wanna go
I wanna stay… with you
I wanna play… for you

I miss you so
I wanna go
But anyway yes anyway
I have to play
play konpa
Yes aya
So aya.

Vè sa yo se kri yon chantè ki nan chagren. Li sonje fanatik yo anpil e dezi kè li se pou li viv bò kote yo, rete avè yo, jwe mikiz pou fè yo danse. Men li konprann ke se yon bagay ki difisil. A la fen, li reziye li : “But anyway yes anyway”. Li reyalize ke misyon li se pou li jwe konpa, enben l’ap jwe li jouk sa kaba nenpòt kote li kapab.

Pou tèmine, li site kèk nan moun li te konn roule avè yo : mizisyen, zanmi, prodicktè etc. Li pa pase sou silans kèk kote Miyami li te konn al kale kòl avèk kèk zanmi:

M’pap sa bliye
Nou pap jan’m lage

Georgio…
Gary Mazaka…
Lionel LeBiper
La famille Zenglen…
Black Chary…
Quency Chery…
95 la…
South beach la…
 826 la…
 Bèl moyen…
Ti Elie…
Miami Cheri…
I know you miss me too…
Anba pye bwa’a…
Gino…
Pe-a Bellande George…

« Jerusalem » se yonn nan pi bèl chante Gracia Delva. Vwa li, emosyon li mele ak bon jan konpa fè nou pa ka pa danse lè mizik sa a ap jwe. Pawòl yo tou fè nou reflechi. Lè nou te fèk tande chante sa a, kesyon sa a te vin nan lespri nou : pou jan chante sa a ale byen ak Gracia Delva ou kwè se pa li ki te konpoze l ? Nou rete kwè gen kèk lòt moun ki te panse menm jan ak nou. Pou di la verite, Serge Descard e Gracia Delva se de bon zanmi. Yo toujou pale e pataje ide yo. Nou rete kwè ke si Serge Descard ekri chanson sa a, se pou eksprime doulè zanmi li : Gracia Delva, yon chantè depòte ki sonje lajounen kon lannuit fanatik yo k’ap viv lòt bò dlo. Ki moun ki konnen ? Petèt se yon estrateji Serge ak Gracia itilize : Serge mete non li kòm konpozitè pou moun pa poze Gracia kesyon sou chante a. Nou rete kwè ke si se non Gracia yo te mete kòm konpozitè, jounalis yo t’ap gentan lage dèyè li pou li bay plis detay. Enben, piske se pa li ki ekri li, li sèlman chante yon chante yo ba li. Selon pawòl chanson sa a, nou santi gen yon erè ki te fèt. Nan yon konfesyon maske, chantè a di ke li te fè yon bagay (li refize devlope) ki koz yo depòte li. Men depòtasyon sa a pa fini ak li. Sa pa pouse li lage kò l nan tout sa ki pa bon. Okontrè, li genyen menm entansyon li te gen de pi lontan : chante, jwe konpa pou fanatik yo nenpòt kote li kapab.

Nou aprann ke Gracia Delva te gen chans vini Ozetazini 22 septanm ki sot pase a. Antan ke Depite, yo ba li yon paspò diplomat ki pèmèt li retounen Ozetazini. Pou di laverite, rezon kifè Gracia Delva pa t ka vini isit la rete yon mistè. Wi, li bay kèk ti endis nan « Jerusalem » men sa pa ase pou satisfè fanatik yo. Nou espere yon jou li ap bay yon entèvyou pou rakonte istwa sa a fanatik yo ap tann depi lontan.

—Wedsly Turenne Guerrier PhD, Tulane University

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com