Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com

Prezantasyon Sèl pou dezonbifye Bouki

La couverture de Sèl Pou Dezonbifye Bouki.

Trilingual Press/Près Trileng pran plezi pou l anonse sòti nouvo liv Tontongi an, Sèl Pou Dezonbifye Bouki [ISBN 978-1-936431-22-9]. Liv la se yon koleksyon esè politiko-literè li ekri antyèman an kreyòl ayisyen sou plizyè aspè pwoblematik politik, literè e lengwistik ayisyen an.

Le quatrième de couverture de Sèl Pou Dezonbifye Bouki.

Nan chak chapit liv la, keseswa lè l pale sou idantite, sou esklizyon lengwistik oubyen sou trayizon demokrasi ann Ayiti, otè a itilize menm temerite ikonoklastik (tandans kraze imaj sakre) li deplwaye nan prèske tout zèv kritik li.

Lektè yo ka apresye refleksyon otè a fè sou zèv Jak Roumen, Pòl Larak, Jean-Paul Sartre oubyen Edwidge Danticat, ki sèvi ak literati pou swa afime yon libète (Sartre), swa pou chache yon pòtdesòti nan tinèl dezespwa ayisyen an (Larak) oubyen tou swa pou mentni yon vijilans pa vwa eksitasyon yon memwa reprime men ki dwe renouvle (Danticat).

Tontongi panse genyen sèten timès lengwistik ak konpòtman sosyolojik ki nwizib a pwojè liberasyon nasyonal ayisyen an, e ki rann posib pèmanansyalizasyon dominasyon yon lang minoritè sou yon lang majoritè nasyonal ; li pale de enpak negatif sa genyen sou alafwa sa Ayisyen panse de tèt yo ak sou devlopman pratik peyi a.

Nou ka jwenn liv la sou sit Trilingual/PrèsTrileng lan oubyen sou : amazon.com.

Or send a check for $15, add $3.95 to book’s price for shipping and handling within the USA (add $10.95 for Canada and $25 for all other countries) to: PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 USA.

A collective publication and collective publishing house, to buy books, click here:
Une publication bilingue, pour acheter des livres, cliquer ici:
Yon piblikasyon bileng, pou achte liv, klike la a:
Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com