Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com

Prezantasyon Hamlèt, Prens Dànmak

La couverture d’Hamlèt.

Trilingual Press/Près Trileng ap anonse avèk plezi sòti nouvo liv Nicole Titus la, Hamlèt (Prens Dànmak) [ISBN 978-1-936431-19-9], yon tradiksyon/adaptasyon michan zèv teyatral Wilyam Chekspi a an kreyòl ayisyen. Se dezyèm liv Mis Titus pibliye lakay Trilingual Press apre sòti remakad zèv li Apoloji/Krito/Fedo (Apology, Crito, Phaedo), yon edisyon ann anglè e an kreyòl ayisyen zèv Platon sila yo.

Kouwè Pwofesè Yvon Lamour di nan yon apresyasyon nou pibliye sou kouvèti do liv la, « Chekspi ak Moriso-Lewa dwe kontan kote yo ye a ». Kou lektè yo ka wè si yo konpare vèsyon Nicole Titus la avèk vèsyon orijinal Chekspi a, tradiksyon Titus la, kouwè Lamour te remake ban nou, se plis yon « adaptasyon » zèv Chekspi a paske li pa swiv menm fòm pwetik ak kadans ayanbik (iambic pentameter, ki gen senk mezi ki pa rime) Chekspi anplwaye nan Hamlèt.

Le quatrième de couverture d’Hamlèt.

Men sa Titus fè, avèk èd imaj tèksyèl e siyifikasyon anpirik Chekspi enonse yo, li reyalize yon adaptasyon ayisyen, sètadi yon konpreyansyon nan kontèks lengwistik ayisyen yon zèv ki pale de yon istwa-lejann ki dewoule nan yon peyi, Dànmak, ak yon epok istorik, XIIèm syèk ewopeyen an, ki vin anvan ekzistans istorik Ayiti.

Grann akonplisman liv la se lefètke li rann istwa a konsilyab ak yon narasyon ayisyen. Epitou li louvri chan rejwisman literati mondyal la sou fenèt kreyolofòn Ayisyen yo. Men sa Titus limenm di de zèv Hamlèt la :

« Mwen kontan dèske m kapab tradui Hamlètan kreyòl ayisyen jodi a. Elèv lekòl, ansanm ak lòt moun ki li ak pale kreyòl, va kapab jwenn mwayen li èv kokenn chenn ekriven anglè sila a nan lang pa yo. Sa va anrichi konesans yo, epi li va ouvè pòt literati anglè a pi gran devan yo, yon bagay ki va rann konesans yo pi varye. »

Nou ka jwenn liv la sou sit Trilingual/PrèsTrileng lan oubyen sou : amazon.com.

Or send a check for $15, add $3.95 to book’s price for shipping and handling within the USA (add $10.95 for Canada and $25 for all other countries) to: PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 USA.

A collective publication and collective publishing house, to buy books, click here:
Une publication bilingue, pour acheter des livres, cliquer ici:
Yon piblikasyon bileng, pou achte liv, klike la a:
Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com