Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com

Chapo ba pou Masuife

La couverture de Masuife.

Otè koumanse ekri e pibliye an kreyòl ayisyen depi lè li te ti jènjan nan lise Rindge and Latin nan Kanmbridj, Masachisèt. An 1992 li pibliye koleksyon powèm Mazakwa, epi an 1994, Zansèt, yon seri liv ki se bèl chelèn literè e ki kontinye yon temerite pou ekri e sòti zèv ekri inikman an lang ayisyen oubyen an tradiksyon ayisyen nan yon milye frankolonize (selon bèl ti mo Idi a).

Sylvain se otè tou, Lanmou, Anvi, Pédans, yon zèv bileng (angle-ayisyen), pibliye an 2005 kote li libere emosyon l sou santiman sa yo  li pale tou ladann sou memwa, li rann yon omaj patikilye bay koup Marcelle ak Paul Laraque « Nou reveye ak menm rèv la. Yon Ayiti miyò / Mamour, nou deplase lombraj, nou anbrase zetwal ». Li dedye tou ladann yon powèm pou Edwidge Danticat ak mari li Fedo. Danticat retounen koutwazi a nan yon bèl apresyasyon nan fen liv la kote li di pwezi Sylvain : « Se yon pwezi orijinèl ki an menm tan konnen orijin li. Si m’ pa te konn pale ak li an Kreyòl, mwen ta anvi aprann li, pou m’ ka li Patrick Sylvain.»

Efektivman, nouvo koleksyon sila a ekri an sèt diferan vwa oubyen enspirasyon, otè a devlope yon langaj espesyal, yon langaj Erol josue rele « langaj daki, langaj adjanoumelezo, langaj sansi sanse », kote otè a lese l enspire pa lespri zansèt yo nan yon vizyon pwofon.

Men sa Lunine Pierre-Jerôme, yon espesyalis sou edikasyon, di nan prefas la : « Sèt Vwa anba peristil plim frè m Asogwe Patrick Sylvain k’ap trase vèvè pandan l’ap pale langaj, l’ap rele Legba Granchimen louvri baryè pou li ka simaye lapawòl, pou li ka jete dlo lakonesans sou fòm pwezi li batize sou non “Masuife”. Masuife pale langag lanvè-landwat nan 49 pwezi ki jwenn sous yo nan bokovi Ife, antre nan lavil Okan, pase Souvnans, pou l rive nan demanbre l’ ak goubasa l’ nan men l’.» Li remake : « Anfèt, chak fwa yon otè deside kouche lang Kreyòl Ayisyen an sou papye, li chwazi dekonstonbre mit ki vle fè kwè Kreyòl Ayisyen an se tèt kanna li paka monte tab. (…) Otè a deklare pwenn fè pa mò rèd! Kreyòl Ayisyen p’ap fè desantyèm lang ki sou wout disparèt yo, ni li paka mouri menm jan ak Aasax nan Tanzani. Kreyòl Ayisyen an soti nan aziboutou, fòk li kontinye chimen l’ pandan entèlektyèl Ayisyen ap fè piwèt pou met yon Akademi Kreyòl Ayisyen sou pye. Masuife gen nan kwi l’ nan sèt vwa pou tout moun ni sak save ni sak pa twò konn lafèy, toulede.»

Vizyon kosmik ou non, powèm nan Masuife yo montre matirite yon powèt akonpli ki vle kreye nan lang ayisyen an yon langaj powetik ki twouble w e rejwi w an menm tan.

—Tontongi

Remak Lòt Moun Fè Sou Masuife:

« Lè mwen sonje Felix Morisseau Leroy, mwen reli gran powèt sa a epi mwen li pitit gason li nan pwezi ki se Patrick Sylvain. Pwezi Patrick Sylvain ka fè nou chante, kriye, tonbe damou, sonje, reve, tout nan paj yon sèl liv. Se yon pwezi orijinèl ki an menm tan konnen orijin li. Si m’ pa te konn pale ak li an Kreyòl, mwen ta anvi aprann li, pou m’ ka li Patrick Sylvain.»

—Edwidge Danticat, ekriven

« Lè mwen tande Masuife, m’ kouri al sou Savann poudriyè, Gonayiv. Mwen wè Boisrond Tonnerre k’ap bwè nan yon boutèy an brik. Men, kou mwen fin li Masuife, sa m’ touche se yon poto ak tout pikan. Yon poto mil lespri. M’ kole tout kote. Atche ! »

—Raoul Altidor, ekriven

« Masuife se yon liv pwezi temwayaj sakre, li se yon moman pou nou kapab konprann rezon ti chèz ba a enpòtan kòm premye kado zansèt nou yo te kite pou nou ka chita epi aprann nan lekòl lavi a kijan pou n’ limen limyè pou defile, kijan pou nou mare senti nou pou n’ monte masuife lavi a. Ayibobo pou Patrick Sylvain ki kite lespri li konekte ak vizitasyon mistè a pou l’ te koute epi mete sou papye langaj daki, langaj adjanoumelezo, langaj sansi sanse.»

—Erol josue, chantè, atis, Houngan Asogwe

« “Madan Sainfort”, nan Masuife se powèm ki leve plis emosyon ak santiman pou sa li rakonte. Li plen konpasyon, anplis sijè a ta ka fè n’ plere, li ta ka fè n’ fè move san, men li dekri sitiyasyon an ak presizyon. Menm nan sans ideyolojik, san pale sou kesyon vè, janbe vè, repetisyon, melodi, Sylvain ap fè yon travay enteresan sou rapò oraliti ak ekriti a. Paske nou toujou nan powezi ann Ayisyen pale si se chante n’ap konsidere. Atò, si pou nou pase nan powezi ekri, se envante pou nou envante règleman ki ponkò la. Masuife pa di sa kare-bare, men se nan sans sa a, Sylvain ap fè yon travay enteresan. Masuife se yon rekèy powèm ki sipoze li e re-li.»

—Maximilien Laroche, akademisyen, kritik literè

To order, click on the following link: http://www.tanbou.com/trilingualpress/index.htm

Or send a check for $15, add $3.95 to book’s price for shipping and handling within the USA (add $10.95 for Canada and $25 for all other countries) to: PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 USA. Please indicate the address to send the book to.

Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com