Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Roman ayisyen pa Emmanuel W. Védrine

Sezon sechrès

Premye chapit

Depi maten an yon grangou ap pete fyèl mwen. Lontan moun te konn jwenn vye mango, vye zaboka bò chimen yo men kounyeya menm chen pa jwenn bagay sa yo pou manje. Yo koupe tout bwa yo pou fè chabon pou voye vann Pòtoprens. Ala mizè moun ap sibi, ala traka nap pase! Lapli pa tonbe, vye zèb pa pouse, bèt yo pa manje. Te konn gen manje nan tan lontan lè m te jenn ti bway. Jaden yo te konn tèlman donnen, li te difisil pou te jwenn moun ede ou keyi pwa, kase mayi, fouye patat. Kounyeya, menm pale yon nonm pa ka pale de rekòt sa yo ankò se kòmsi m ta di se reve yon nonm ap reve lè ou chonje bagay sa yo. Gade mizè peyi a Bondye!

—O! Konpè Deliram, kouman nèg ye? Apa m wè wap plenyen, wap pale pou kò ou. Sak pase ou konpè m?

—Konpè Dyelifèt monchè gen de fwa yon nonm dekouraje ak lavi a ou pa konn kisa pou fè. Depi maten an yon grangou ap pete fyèl mwen; trip mwen ap kòde. Se ak yon kòs bannann mwen mare ren m pou m ka kanpe. M pa ka jwenn anyen pou m manje. Map di jan Kapòl te bèl nan tan lontan; moun te konn jwenn vye mango, vye zaboka bò chimen yo men kounyeya se yon sechrès tout kote ou pase nan peyi a. Lapli pa tonbe ankò, moun pa ka plante, larivyè yo pa desann. Ou te konn jwenn kribich ak pwason pou fè bouyon fèy pou kenbe ou. Ou pat ka leve yon nas ak yon sèl men; li te tèlman lou, pwason ak kribich te konn fè mikalaw ladan l. Konpè se mwen ki konnen kouman lavi a te dous lè m te piti. Yon nonm kounyeya pa konnen sa pou fè. Lòt frè m yo pati al koupe kann Nanpanyòl, mwen pa janm pran nouvèl yo. Akòz fanmi mwen, m bije rete isit. Mwen pa vle annik leve pati kite madanm ak timoun yo dèyè. Mwen gen sis pitit epi madanm mwen gwòs prèt pou akouche. Se ta yon krim si m ta pati al Nanpanyòl pou m kite yo dèyè. Sa ta ka pi mal pou yo. Omwen yo gen espwa lè yo wè papa yo la, lap dangoye pou l ba yo manje. Timoun yo fin gran; mwen pa gen lajan, mwen pa gen anyen pou m ta vann pou voye yo lekòl lavil. Pa gen okenn lekòl gratis kote ou ta foure yo. Mwen pa yon nonm save, m pa konn pale franse men mwen toujou di Wozita ke m ta renmen wè timoun yo ale lekòl yon jou pou aprann li ak ekri paske denmen yo ta ka li oubyen ekri yon vye papye tè pou nou. Wozita se yon fanm Bondye ban mwen pou ede m ak timoun yo. Nan kèlkeswa pwoblèm nan, manpzèl pa janm lage m. Lè m dekouraje, li di m: «Deliram, se gason ou ye; mete nanm, mete nonm sou ou; sentre ren ou!». Se sak ban m kouray ki fè m kenbe map viv toujou. Vye kò a koumanse ap tyoule, laj ap antre sou mwen, mwen prèske fin blanchi. Mwen pa ta renmen wè timoun yo ap pase mizè lè m mouri. Mwen ta renmen wè yo gen yon bèl avni, yon denmen miyò. Map priye Bondye pou m wè si m te ka jwenn yon ti kòb pou yo ta pran kanntè pou al Miyami. Konsa tèt mwen ta poze, yo ta gen yon pi bon vi nan peyi blan yo. Yap ka travay lòtbò a, yap manje vant plen chak jou. Yo di manje an gaspiyay nan peyi sa a; chen yo menm gwosè ak bèf tèlman yo manje. Yo di nan peyi sa a gen tapi tout kote nan lari; moun pa menm bezwen mache ak soulye. Se tankou yon paradi. Zafè senk kòb penich menm, yo di yap gaspiye nan tout lari. Nan tout kwen, yo di se pa pil yo ye; pa ekzanp si wap goumen ak yon vakabon ou gen dwa ranmase yon ponyen senk kòb penich ou flanke l yon sabò. Se nan peyi sa a ke m ta renmen tout timoun mwen yo: Senpriyè, Sentou, Titoutou, Tipyè, Dyelimèm ak Dyemafi ye yon jou pou yal keyi dola vèt.

—Deliram, kote ou? Epa m pa wè ou nan kay la depi maten an!

—Mwen tap fè yon pale ak konpè Dyelifèt pandan yon ti kadè sou pwoblèm nou ak sechrès nan peyi a.

—Bonjou kòmè Wozita!

—Kouman ou ye konpè Dyelifèt?

—Enben, sechrès la kap minen nou men Bondye bon. Ayiti va delivre yon jou. Bondye ka fè tout abitan jwenn tè pou travay, dlo pou wouze tè yo; konsa, tout moun va jwenn manje agogo. Moun nan bouk la pap bezwen pran kanntè ankò pou al fè reken filalang. Yo pap bezwen pase anba fil pou al Nanpanyòl. Peyi a fin tounen yon zosman, yon vye chwal do maleng chaje ak tik ke vè ak krabye ap pike. Kounyeya se zenglendo kap pyafe, se yo kap dirije. Yap fè e defè. Se tankou yon epidemi rat kap koupe kou poul, se tankou chen ki tonbe nan yon pyès mayi. Tout kote ou pase nan peyi a, nan tout bouk ou ale se de krim yap pale. Ou tande yap di: «zenglendo yo te pase yeswa, yo vòlò bagay moun, yo fè kadejak sou pitit fi moun, yo touye moun ak lòt krim ankò». Nap mande jouk kibò bagay sa yo ap rive. Twòp krim fèt, twòp san koule nan peyi a se kòm yon malediksyon ki tonbe sou peyi a; se kòm yon lespri malefik kap dirije peyi a. Swedizan chèf seksyon nan anpil kote, nan anpil bouk ou pase moun sa yo se yo ki pou ta bay abitan yo sekirite, se yo ki pou ta pwoteje nou, se yo ki pou ta ban nou limyè enpi ou wè se yo kap lakòz anpil krim fèt. Nan tout bouk yo se menm penpenp yo, se menm yomenm yo. Mwen pa nan politik; ou konnen m pa yon nonm save men kòmè bagay yo ale twò lwen. Se tankou chen kap manje chen lò ou gade moun sa yo. Bondye bon, fòk bagay yo chanje yon jou, fòk nou leve kanpe pou nou di ke nou pa kapab ankò. Yo ka touye nou, yo ka mete baboukèt nan dyòl nou pou nou pa pale de abi yap fè nou, pou nou rete bèkèkè men fout nap pran nòt! Fòk nou fè yon tèt kole nan plizyè bouk pou di non se twòp atò nou pa kapab ankò. Fòk nou rive jwenn sa nou vle!

—Monchè Dyelifèt, ou se yon moun ke m renmen wè, m renmen tande. Ou toujou ap bay moun ankourajman ak eklerasyon. Gen de fwa mwen ak Deliram nou pa konn sa pou n fè. Tè yo pa bay ankò, lapli pa tonbe, pa gen manje nan peyi a. Men mwen di Bondye mèsi pou kouray ke l ban mwen kòm fanm. Chat dòmi nan fwaye dife lakay mwen prèske chak jou paske chodyè pa monte, chodyè pa desann. Mwen se yon fanm ki toujou ap ankouraje Deliram. Lè nou jwenn yon vye pay pou n manje, nou di Bondye mèsi. Bagay yo pat malouk konsa lè m te jenn ti nègès. Lapli te konn tonbe souvan, tout bò chimen yo moun te konn jwenn vye tyaw pou fè machwè ou monte-desann. Kounyeya, menm vye pye mango, vye pye zaboka yo koupe tout pou fè chabon. Peyi a fin tounen yon dezè, yon savann kote ou pa menm ka lage bèt paske yo pap jwenn anyen pou manje. Tout kote ou pase se lafimen dife ou wè kap moute nan syèl. Ni timoun ni granmoun tout tonbe nan komès chabon an pou voye vann Pòtoprens. Yo pa travay vye tè yo ankò. Lò ou byen gade, ou wè se pa fòt moun yo ki fè yo lage kò yo nan fè chabon men latè pa bay ankò, lapli pa tonbe, sechrès ap minen yo donk anpil moun bije pati al Nanpanyòl oubyen yo peye yon kanntè lage yo Miyami. Mwen te konn anpil moun nan bouk la ki gen tan pati al koupe kann Nanpanyòl. Moun sa yo se pa renmen yo te renmen kite bouk la pou ale nan peyi sa a men ak pwoblèm sechrès la, yo bije pati. Anpil kite pitit ak madanm dèyè fanmi yo pa konn si yap viv oubyen si yo mouri Nanpanyòl. Pa gen pesonn ki pou ta ban nou nouvèl yo. Mwen chonje lè m te jenn kouman nou youn te konn ede lòt nan kòve, jounen, bout kadè ak eskwad. Bagay yo pat mal tankou kounyeya. Rèv mwen sèke m ta renmen wè menm moun sa yo, menm moun nan bouk la retounen isit yon jou. Mwen ta renmen wè nou tout kap travay ansanm, nou jwenn tè pou n travay ak dlo pou n wouze tè sa yo. Mwen ta renmen wè chèf seksyon nan tout bouk respekte abitan yo paske tout moun se moun, vye moun pa vye chen.

—Kòmè mwen se yon nonm kou m di ou la je m pa pete pou m wè pwoblèm peyi a. Mwen ka di ou kòmè m ke m pa konn siyen non m, mwen pa ka fè yon papye tè men mwen di Bondye mèsi pou de grenn je ke l ban mwen yo pou m ka wè bagay yo jan ke yo ye a. Gen anpil abi ke chèf seksyon ap fè moun nan bouk yo, anpil zak malonnèt. Yo vòlò tè nou, yo fè anpil magouy pou mete pye sou kou nou paske nou pa konn li, yo panse je nan tèt nou pete. Bagay yo pap ka kontinye konsa fòk yo chanje.

—Gade Mèsidye!

Mèsidye te kite bouk la lontan, li al koupe kann Nanpanyòl. Bagay yo pa mache byen laba a pou Ayisyen, yap pimpe yo tounen.

—Deliram! Se oumenm pitit gason m? Gade konpè Dyelifèt! Gade kòmè Wozita! Kouman ou ye kòmè? Ban mwen nouvèl timoun yo: Senpriyè, Titoutou, Tipyè, Dyemafi? Mwen bliye non lòt de yo.

—Dyelimèn ak Sentou

Se sa kòmè Wozita, Dyelimèn ak Sentou. Yo tout fin gran jennjan, jenn fi kounyeya?

—Yo fin gran timoun men yo pap regle anyen serye. Nou pa gen lajan pou n voye yo lekòl. Yo la yap bat mizè a ansanm ak nou. Anpil moun ke ou te konnen nan bouk la fin mouri paske pa gen manje pou yo manje, sak pat gen tan mouri, pati al Miyami, Nanpanyòl ak kote ki rele Naso, Lagiyàn. Anpil fwa Deliram dekouraje paske pa gen manje pou bay timoun yo. Nou pa ka travay ti rès tè ke nou rete yo, lapli pa tonbe ankò, yo vòlò tè nou. Chèf seksyon ap fè nou abi.

—Adios mio* ala traka! Kilè peyi a ap delivre tout bon vre? Problema, problema*

—Kounyeya, konpè Mèsidye ou fin pale panyòl nèt. Kouman lòtbò a ye menm?

—Makomè tande ak wè se de. Lè m kite isit, mwen te ale jouk yon kote yo rele Kwadèboukè, la pa lwen ak Pòtoprens. Te gen yon nèg ke m te byen ak li; misye te konn fè vayevyen Pòtoprens. Konsa, misye te di m si m ba li yon ti kraze lap regle sa pou mwen pou l fè m al Nanpanyòl. Bon, m te pran yon kout ponya nan men kouzen m nan Kenòl. Mwen kwè ou te konn misye. Yo di m zenglendo touye l yon senmenn anvan blan yo pimpe m tounen. Adye Bondye papa! Pòv Kenòl! Ak kòb sa a, mwen te bay zanmi m nan l pou l peye moun ki tap regle bagay yo pou fè m pati. Finalman, sa te vin mache epi li mennen m kwadèboukè kote yo mete nou nan yon gwo kamyon bwèt. M kwè ou konn wè gwo kamyon ki konn ap bwote pit ak vetivè sot Okay nan tan lontan. Kamyon sa a te chaje kou legba ak Ayisyen ladan l. Nèg sa yo te soti nan tout rakwen peyi a. Lè m te pale ak yo, mwen wè ke yo genyen menm pwoblèm ak mwen. Yo tap kite peyi a tou pou ale Nanpanyòl nan koupe kann. Konpè m, kòmè m si nou vle kwè m, kwè m. Lè m rive nan peyi sa a, se tankou m ta di ou se nan esklavay yon nonm te ye. Sak pi rèd la wap jwenn timoun dizan, onzan laj Senpriyè ak Tipyè kap travay nan gwo chan kann. Yo travay kou bourik: maten, midi, sole kouche. Gen de granmoun bab blanch mwen wè tèlke granmoun tankou tonton Pyè kap voye koulin lage kann atè, mare pakèt kann epi leve yo mete sou gwo kabwèt. Se bagay ki pou ta fè dlo soti nan je nou paske yon nonm pa wè bagay konsa Ayiti malgre nou pòv se vre. Lè m rive lòtbò a nan batey kote yo mete m nan, mwen pa ka pale. Karang ap mòde m, marengwen ap jwe vyolon nan tou zòrèy mwen, kochon ap pouse m pou yo kouche kòmkidire se plas yo m pran. Si isit te bon, si te gen gouvèlman tout bon vre Ayiti, gouvèlman ki rele gouvèlman tout bon vre, gouvèlman ki gen nen, frè m yo ak zanmi m yo pa ta sibi imilyasyon ke m sot sibi nan batey domikiken. Lòtbò a, Ayisyen pa ka pale kòmkidire pou ta di yap fè yo abi. Ou tankou yon jenn chwal yap bosale; yo fout ou yon baboukèt de renn pou pa pwonpe. Adye wi! Yo mete chèf panyòl ap veye nou tout lasentjounen. Gwo zam nan men yo tankou m ta di ou lè tonton Pyè ap rakonte n istwa nan tan lontan ke gran papa l te konn rakonte lè pye zansèt nou yo te nan chenn; kolon yo ak gwo fizi ak fwèt kach ap veye yo. Nan tan nap viv kounyeya, anpil Ayisyen kap viv isit pa konnen si gen Ayisyen ki nan esklavay toujou Nanpanyòl. Si yon nèg ta gen malè ouvè bèk li kòmkidire chèf panyòl aji mal avè l, nèg sa a se gwo chans ke l ta genyen pou chèf sa yo ta di l callate* san yo pa ta bay misye kèk pataswèl. Gouvèlman ayisyen ki te la yo konnen ke nou pa nan paradi lòtbò a. Poukisa yo pat pale ak gwo chèf dominiken yo oubyen ak gwo chabrak Safra* yo pou yo ta konsidere n kòm moun, pou yo ta okipe nou, ban nou bon kote pou nou ta dòmi, laswenyay pou sante nou e tandòt bagay ke Ayisyen yo bezwen. San noumenm nèg, lajan pa tap antre Nanpanyòl, tout kann yo tap kanpe dibout menm chèf sa yo kap abize nou, pa tap gen lajan pou peye yo. Si depi isit Ayiti Tonma gwo chèf, gwo chabrak yo te respekte noumenm abitan, yo pa ta maltrete nou lè nou rive Nanpanyòl paske se ede ke nou al ede yo. Malgre tou, wap jwenn kèk Dominiken ki gen kè touchan lè yo wè mizè nap pase. Gen yon gwoup jenn Dominiken ki te vin manifeste yon lè devan de batey ki pa tèlman lwen ak pa m nan, yo tap mande pou gouvèlman yo amelyore kondisyon Ayisyen yo ap viv. Chèf yo te poze lapat sou yo, kale yo byen kale. Lè n te wè sa, nou wè tout Dominiken yo pa menm. Genyen ki sousye de Ayisyen tou. Mwen pase dizan lòtbò a mande m sa m regle m pa konnen. Ti lajan yo peye m nan, menm kote a mwen depanse l pou m manje. Gen de fwa mwen pa menm rete anyen pou m ta jwe yon tèt lotri. Gade yo pimpe m tounen isit! Yo vòlò tout afè m. Mwen pa menm antre ak de kòk panyòl. Se yon bagay grav. Yo pouse do anpil lòt Ayisyen ke m te rankontre Kwadèboukè ki ta prale nan menm kamyon ak mwen. Sak pi rèd la, zenglendo panyòl yo vòlò afè nou tout. Yo antre nan batey yo kote n te kouche yo; malandren yo fè piyay nan bagay nou. Anpil nan nou se ak de men vid nou antre. Te gen yon gwo popilas Ayisyen ki te gen tan fè wout bwa yal tonbe Jakmèl anvan yo te mete lapat sou yo. Se konsa sitiyasyon an ye lòtbò a lè m kite. Ayisyen vin tounen chat mawon. Yo nan kache, sa kap pati, pase lòt kote pou antre Ayiti pou yo pa gen tan kenbe yo. Si yo kenbe ou, yap maltrete ou epi tou ou pap gen tan pran anyen. Se kòm mwen ta di ou istwa Ayisyen Kiba lè tonton Pyè te konn rakonte nou kouman yo te pati dèyè yo tankou chen kap chase chat mawon. Nou poko janm pati; si tonton Pyè te la, misye tap gen tan konprann mwen. Li te di l fè ventan Kiba nan koupe kann apre sa te gen yon prezidan m kwè swa Baptista oubyen Batista misye te rele. Chen anraje sa a leve yon lè li mande pou tout Ayisyen bay Kiba blanch. Se lè defen Pyè ban nou istwa sa a, m aprann premye mo panyòl anba bouch li. Misye di lè sa a tout kote ou pase nan Kiba ou wè chèf kap arete Ayisyen ak tout pitit yo pou pimpe yo Ayiti. Chèf kiben yo di Ayisyen yo: «vamos para Ayiti». Lè m mande granmoun nan kisa sa vle di. Li reponn: «ale Ayiti, fout retounen Ayiti!». Se te premye mo panyòl tonton Pyè moutre m. O Bondye, depi kilè noumenm Ayisyen ap pase mizè, ap pran imilyasyon nan men lòt nasyon? Kisa Ayisyen fè yap peye? Ki malediksyon ki tonbe sou Ayiti Tonma? Gade bandi yo pimpe m isit; m pa konnen sa m pral fè. Mizè nan dengonn mwen tout kote m pase, mizè ak zenglendo fin touye mizi plan fanmi m. Kenòl ki te vye kouzen m ki te konn ede m men zenglendo touye l tankou rat ki koupe kou yon poul. Sa l fè ou pa konnen. O, Letènèl papa! Kenòl nèg inosan, bon vye malere! Men kisa l fè pou zenglendo san manman sanwont san santiman yo touye l? Yon nèg ki pa janm enmègde pesonn. Misye se yon abitan ki te konn travay di; tout moun te respekte l nan bouk la menm chèf seksyon chat mawon magouyè makout malpouwont te konn ap pale de byen pou li paske l te fè respè l. Li pat janm nan kont, nan okenn tire pye ak pesonn. Mwen tande ke zenglendo yo fè tandòt krim nan lòt bouk. Lè wap gade pou wè bagay sa yo ap kontinye konsa nan peyi a, inosan kap peye pou koupab, ansòm ou ka di ke anpil chèf yo ka byen zenglendo tou anba chal. Yon nonm pa konn mal ak fenmèl marengwen lè lap vole. Li kapab posib paske yo pa janm di anyen nan sa. Se pa soud yo soud, yo tande kri pèp la, yo tande vwa abitan yo e yo wè san pitit peyi a kap koule chak jou tankou yon larivyè tou wouj. Nan ka sa a, mwen pa ka di ke moun sa yo inosan men se ti Jezi nan po krab, yon dal kabrit ki kouvri kò yo ak po mouton. Men fout, pwovèb la di ou bay kou bliye pote mak sonje! Bagay yo pap ka kontinye konsa pou tou tan. Lè yon fanm gwòs se swa l fè mòvèzkouch oubyen l akouche lè lè l rive. Se youn oubyen lòt men l pa ka toulede.

—Se konsa ou di Nanpanyòl ye konpè m? Ou fè tout chive nan tèt mwen tresayi. Ou vle di m tout moun mwen te konnen nan bouk la sibi tout mati sa yo? Monchè tande ak wè se de vre. Lè moun nan bouk la te konn ap pale de Nanpanyòl, yo pral Nanpanyòl, yo pral koupe kann Nanpanyòl se kòmkidire m ta di ou se nan yon paradi yo ta prale epoutan se nan yon lanfè ke yo ta prale. Pòv abitan ayisyen! Mwenmenm kòm fanm, m ta pito reziyen mwen m rete isit pou m bat mizè ak Deliram ak timoun yo paske gen espwa ke Bondye kapab delivre Ayiti yon lè. Nanpwen yon priyè ki pa gen amèn, tout sak monte ka desann, tout sak cho ka vin frèt. Ou sot di yon bagay ki ban m anpil kouray: lè yon fanm gwòs, se swa l fè mòvèzkouch oubyen l akouche lè lè l rive. Se vre wi sa ou di a. Monchè oumenm ak konpè Dyelifèt se de moun ki toujou ap ankouraje moun; nou toujou la ap fè moun wè larezon nan bouk la. Kounyeya, se tout peripesi sa yo ou sot pase konpè Mèsidye?

—Se konsa ou di lòtbò a ye konpè m? Ban m yon grenn sèl Wozita pou m mete anba lang mwen! Se tout peripesi, tout kalvè sa yo ou sot pase? Monchè, mwen pat vle di ou sa lè ou te fèk parèt la. Mwen chonje kouman ou te kite isit ak figi ou byen fre malgre bagay yo pat pi bon se vre. Lè ou parèt la, m wè figi ou fin dechose nèt ale. Mwen panse lòtbò a se te yon paradi jan Ayisyen ap kouri al koupe kann la epi se konsa ou di m bagay yo ye. Ou di ke Ayisyen nan batey yo se tankou lè nèg ayisyen te nan esklavay. Tonton Pyè te konn rakonte nou istwa granpapa l te konn rakonte l lè blan franse te mete granpapa l nan esklavay, kouman yo te konn mete chenn nan pye yo, kale yo, fè yo travay kou bourik: maten, midi, sole kouche. M wè prèske pa gen gran diferans ant sa ke l te konn di yo ak sa ke ou sot rakonte de Ayisyen nan batey yo. Monchè, gen yon seri de bagay yon nonm pa ta janm imajinen men, se lè ou jwenn moun ki pase kwa sa yo, ki sibi mati sa yo tou se lè sa a pou kwè tout bon vre. A! Gen de bagay ki dwòl tout bon wi anba syèl ble sa a. Pou Ayisyen nan esklavay toujou lòt kote! O Bondye! Mwen pat nan esklavay; men, zansèt mwen yo te esklav e yo di se pa yon bagay ki te dous. Malgre m pat fèt nan esklavay men monchè sa touche m anpil paske nou tout Ayisyen se frè, kit yo sot nan lòt bouk, kit yo nan batey Nanpanyòl oubyen lòt kote, nou tout se menm san an. Nou fèt nan menm peyi; nou pale menm lang. Bon franchman Mèsidye map di ou sa, ou konnen ke m se yon nonm ki sensè konpè Dyelifèt konnen kilès nèg mwen ye tou. Mwen ka di ke m se yon nonm ki pa rayisab. M ka di ou ke menm zenglendo, makout, makout potovi, ti makout, makout dèyè manman, gwo makout, vye chèf seksyon, chèf magouyè eksetera era… M ka di ou sa, yo tout se Ayisyen tankou m; nou tout fèt Ayiti. Se pa pou di ke m rayi yo kòmkidire m ta renmen wè mal pou yo. Ou konprann mwen, nou konprann sa m vle di. Sètadi, gen moun ki pa tankou m, moun ki ta fè yon jan ak yo pou sispann enmègde, abize, souse, maspinen, kraze, vòlò, touye pèp la ak abitan inosan yo. Mwenmenm, anverite map di nou tout ke m ta renmen wè kriminèl sa yo chanje yon jou. Lè m di yon jou a, mwen pa vle di nan senkantan men rapido-presto paske tout nèg pa tankou m, tout nèg pa panse menm jan ak mwen. A! Map di nou sa, nèg ayisyen pa manje manje bliye. Yo kapab manje manje dòmi ki fè yo dòmi men sa pa vle di ke yo mouri. Mwenmenm se konsa ke m wè bagay yo. Si moun sa yo pa pran yon desizyon kòmkwa pou ta di yon jerenons sèt fwa epi bese atè fè yon kwa pou bo l kòmkwa yo ta sèmante pou pa janm enmègde, abize, souse, maspinen, kraze, vòlò pèp la sa ka vin pi rèd pou yo denmen. Gran papa m ak defen tonton Pyè te toujou ap rakonte kisa Ayisyen te fè an 1803 pou yo te ka soti nan esklavay. Li te konn pale de yon seri nonm vanyan, gason ki pat pè goumen pou libète yo. Epitou sak fè m te renmen tonton Pyè ak granpapa m plis sèke yo te konn di nou nèg sa yo, ewo sa yo se pat yon seri de sanzave sangwen malandren malpouwont makout makou magouyè zenglendo ke yo te ye. Se te yon seri de bon jan nèg ginen, nèg natif-natal Ayiti Tonma, yon seri de gwo jeneral. Lè m di gwo jeneral, map pale de bon jan jeneral; se pa ti jeneral fatra tafyatè souflantyou magouyè makout tisousou vandèdpeyi oubyen jeneral zenglendo. Map pale nèg tèlkòm Tousen, Desalin. Tonton Pyè te konn pale tou de yon sèten Chalmayperal. Li di misye pa tap viv nan menm epòk ak Tousen oubyen Desalin; li vin jis apre mesye sa yo. Men, li di ke Chalmayperal te yon gason vanyan menm jan ak Tousen, Desalin. Chalmayperal la se yon nèg ki te pi bwòdè pase rat men, li pat konn mete kanson pou bèl twal. Tout nèg sa yo se pat yon seri de lach ke yo te ye. Se pat yon seri de gwo chèf ki tap maspinen, kraze, souse, abize, touye pèp la men, yon seri de nèg ki te prè pou bay vi yo pou retire pye zansèt nou yo nan chenn. Jodiya, si nèg sa yo te la: Desalin, Tousen, Chalmayperal, yo tap nève tout bon lè yo ta wè nan ki eta Ayiti ye. Ay! Nèg sa yo pat konn manje anyen frèt. Tonton Pyè te konn di nou: «pitit, lè Desalin ap sèmante, si ou pa gen gason sou ou, pa kanpe kote misye paske dyare ap pran ou». Mwenmenm ki te timoun kirye, m te toujou renmen konnen dekiprevyen tout bagay. Lè mande tonton Pyè, kouman pou yon nonm ta fè gen kakarèl lè Desalin ap sèmante, tonton an di: «pwoche pitit mwen pou m eksplike ou!». Ay! M ka di nou ke tonton Pyè pat konn siyen non l men se te yon nonm ke nèg save te pè pale ak li tèlman l te konnen anpil bagay. Misye se yon nèg ki konnen yon seri de bagay ki te pase nan tan lontan Ayiti ak sa ke granpapa l te konn rakonte l. Tonton an chonje tout nan tèt li depi «a» jiska «z». Tonton Pyè di ou lè Desalin fè yon sèman, lè Desalin di yon kout tonnè, yon kout tonnè kraze l, misye frape pye l epi tè a tranble. Yon lè nan zòn ane 1803, anvan Ayisyen te leve kont Fransè yo, Desalin antre nan yon fò, yon gwo kay kote yo mete zam yap veye elmi; anndan an te chaje ak gason vanyan, gason kanson ki tap goumen pou retire nèg Ayisyen nan esklavay. Ay! Desalin di: «tonnè kraze m! Tout nèg ki sèmante pou yo ta mouri lib olye pou yo ta rete esklav fransè yo toutan, pase bò kote m. Tout nèg ki pè mouri kòm nèg lib men ki ta renmen rete ap sèvi Fransè yo toutan, fout nou deyò! Tonnè kraze m! Si Fransè yo ta fout penmèt antre kote nou ye la a kòmkwa pou ta vin manke nou dega, tonnè kraze m mwen tap fout boule fò sa a ak yo tout!». Ay! Te gen Ayisyen tout bon vre nan epòk sa a, gason ki rele gason, gason vanyan, gason kanson ki te renmen Ayiti tout bon, chèf ki rele chèf, chèf ki tap lite pou libere tout Ayisyen. Se pa ti chèf lach, chèf kap touye pwòp pèp li, chèf kapon, chèf ki gen kakarèl pou ti krik ti krak, chèf sanzave, malpouwont, makou, makout, magouyè, zenglendo, jeneral fatra, latrin, souflantyou, vandèdpeyi nèg sa yo te ye. O! Se mwen ki konnen kouman m chonje tonton Pyè. Depi tonton an di: «timoun, m pral ban nou istwa», tout timoun gen tan pran ti chèy ba yo, mete zòrèy yo an twonpèt, gade bab granmoun nan kap voye istwa monte. Se kòmsi m ta di se yon nèg save ki kenbe yon liv lap li; epoutan, tonton an pat konn ni li ni ekri. M kapab di se kòm yon don Bondye de bay granmoun nan pou l chonje yon seri de istwa, bagay ki te pase tout bon vre sou tè Dayiti nan tan lontan. Pa te gen lekòl nan bouk la se vre men m toujou di Bondye mèsi pou granmoun sa a ke tout timoun te renmen wè, renmen tande. Lè l chita nan fòtèy li, kachimbo l nan bouch li lap bay blag epi lap rakonte istwa. Granmoun nan te tankou yon pwofesè pou nou. Menmsi m pa ka siyen non m se vre, mwen pa ka fè yon papye tè men lè m chonje tonton Pyè kè m kontan. Malgre tout mizè nap sibi kounyeya, tout kwa nap pote yo, tout kalvè nap pase yo, lò m chonje istwa sa yo, lò m chonje kouman bagay yo te ye lè m te jenn, sètadi yo pat mal konsa, pat gen sechrès ke nap wè kounyeya menm bèt yo te konn jwenn vye zèb pou manje. Yon bourik te gen kouray pou l ranni paske lè l fin manje zèb, li bwè dlo vant plen, kè l kontan, li tonbe ap karakole nan savann nan. Kounyeya, ak sechrès la, anpil bourik mouri; sak pa mouri yo kouche toutan sitèlman yo fèb; yo pa menm ka ranni. Mwen chonje valè chen ke nou te genyen. Nou te gen dis chen nan lakou a. Yo te michan anpil. Si tèlman yo te michan, gen moun ki konn ap mande si se myèl nou te ba yo manje; epoutan, chen yo te jwenn manje agogo, vye zo, vye zagribay apre yo te fin touye kochon, kabrit chak mèkredi nan lakou a pou al vann nan mache. Tout chen nan lakou a fin mouri kounyeya akòz manje yo pa jwenn pou manje. Gen kèk chen ki rete toujou nan vwazinay la, m vle pale de chen tant Ateralya yo ak chen Asefi yo. Mwenmenm kòm moun, lè map gade zo kou, zo kòt chen sa yo kijan yo soti, sa fè m lapenn. Jan m konnen chen sa yo te michan lontan. Lè moun konn ap pase bò kay tant Ateralya oubyen bò kay Asefi, si yo pat gen yon bwa kenbe nan men yo, ou tande yap rele: «kenbe chen pou mwen!». Kounyeya, moun mèt mache de men vid; menm kouri chen yo pa ka kouri alevwa pou yo ta gen fòs pou jape moun. Nou te konn an sekirite nan lakou a lè m te piti. Malgre te gen vòlè depi lontan se vre men, se pat kòm zenglendo alèkile. Vòlè sa yo se kòmkidire yon seri de vòlè anba chal ki tap mòde-soufle kòm Toto. Anpil moun te konn Toto. Misye te yon machann lèt. Li te konn vann moun bout kadè, travay nan eskwad, nan kòve, nan founacho ansanm ak lòt nèg. Toto se te yon nonm byen janti. Anpil timoun nan lakou a te konn rele l gòldipè tèlman li wo. Yo te toujou di ke Toto pran pwen pou l vòlò. Gen lè se te vre. Lè nou konn fin kase mayi, Toto te konn ede papa m mare yo pou fè gwo makòn pou kwoke. Apre yon senmenn, ou konn wè twa, kat makòn mayi manke nan pye mango a. Gen de fwa yon moun te ka panse se vòlè ki te soti lwen ki pran yo epoutan se rat kay ki tap manje pay kay. Lòt non jwèt timoun yo te konn bay Toto se «makou» paske anpil moun di ke misye te yon chat mawon. Anpil moun ki te konn Toto di ke mouche pa te gen anpil bèf; se sèlman de vaybèf ke l te genyen epi li te gwo machann lèt. Lò yon nonm reflechi vre wap di si Toto te gen sèlman de vaybèf, kouman l te fè jwenn lèt toutan pou pratik li yo? Imajine ou byen, yon vaybèf pran prèske menm valè tan ak yon fanm pou l akouche. Yon vaybèf se pa yon bèt ki plenn chak twa mwa oubyen ki pran twa mwa pou akouche epi pou bourik Toto te toujou chaje ak galon lèt. Men malgre tou, m ka di nou ke m pa ka konpare Toto ak azenglendo nan tan kounyeya. Kriz zenglendo sa a se kòm yon flewo tout kote ou pase. Nou pa an sekirite paske tout plan chen yo fin mouri. Leta, chèf, chèf seksyon pap ban nou sekirite paske anpil nan magouy ak zenglendo yo. Toto te vòlè se vre men pesonn pa di ke l te touye okenn moun nan okenn bouk. Lòt vòlè an chat pent ke yo te konn ap pale de yo se te Elifèt, Tipòy ak Anou. Twa mesye sa yo se kòm Toto yo te ye: trè janti, trè sèviyab tou. Kèlkeswa kòve, eskwad, founacho yon nonm ap fè, kay yon moun ap kouvri, yo te toujou la pou bay konkou. Men, Beniswa ki te konn twa mesye sa yo fen e byen, lè Beniswa ap pale de yo se pou kwè l. Beniswa se tankou yon kayiman; si l di ou tèl pwason avèg, se pou kwè l paske se nan dlo li te ye. Beniswa konnen sa l te pran nan men mesye sa yo. Se yon abitan ki te konn travay anpil, ede moun lè yap fè kòve. Okenn abitan pa janm pale mal de li men yo te konn di ke l se yon nèg kourèd, yon peng; menm fanm Beniswa pat genyen poutèt pou l pa depanse twòp. Pwovèb la di kourèd antere kou mou; byenke Beniswa te yon kourèd, anpil moun te konn pran kout ponya nan men l sitou nèg ki ta pral Nanpanyòl. Misye pa janm plenyen malgre li pa pran nouvèl moun sa yo ankò. Gen yon lè te gen yon kòve pa tèlman lwen ak kay Papou. Ay! Tout nèg tap bay blag apre ke yo fin koupe yon mayi byen cho, tout nèg fin manje vant plen, nèg fin bwè bon jan gwòg. Nèg fin pran yon kanpo, nèg retounen nan travay. Lè kòf lestonmak ou an fòm, yon nèg kore konsa, li ka di ke l santi l gason. Men, toujou gen kèk parese tout kote ou pase. Mesye yo tap leve gwo bwa lou, bon jan bwa, bwa ki rele bwa, bwa founacho. Anou pap li pran yon kalte bwa! Tout moun sezi; yo di: «Anou se nèg ki gen nèg sou li tout bon vre». Te plen fanm ki te fin sèvi mesye yo; fanm yo ap gade potorik gason an; men bout janm, bout ponyèt Anou! Tout moun te bat bravo pou li. Beniswa se yon nonm komik ki toujou ap pale an pawoli. Li rete l di: «Anou pa manje nan yon sèl jaden». Anpil moun te rete bouch fèmen paske te gen moun ki konnen ke misye gen de pye lajounen, kat pye sole kouche. Gen moun tou ki pat byen konprann sa Beniswa te sot di a a paske yo konn wè Anou ap travay lòt kote, swa nan eskwad, swa lap vann yon moun yon bout kadè. Men, Beniswa te vle di ke Anou se yon chat mawon menm jan ak Toto. Detout fason, tout kat vòlè sa yo te trè janti, trè sèviyab. Yo te toujou la pou ede moun nan nenpòt kòve yap fè. An verite, nou pa konpare yo ak vòlè yo rele zenglendo kap degòje moun tankou rat kap koupe kou poul lage atè. Zenglendo yo gen dwa fin antre nan yon kay, yo pran lajan moun nan, yo fè kadejak sou ti fi yo, yo mare papa, jenn gason epi lè fini, yo touye tout.

—Emmanuel Védrine

Nòt

Adios mio: Bondye papa!
callate: fèmen bouch ou!
problema: pwoblèm
Safra: konpayi dominiken ki okipe l de zafè sik

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com