Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com

Prezantasyon woman Adelina

La couverture d’Adelina.

Nouvo woman Adelina a, ekri tout an kreyòl ayisyen pa Ewald Delva, se yon istwa damou nan sans li santre sou womans ant yon koup, men se tou istwa ti mès nan de zòn, Pòtoprens ak Jeremi, kote endividi k’ap viv anndan yo a ap chache jwe, kabre, fè lago avèk rijidite systèm sosyoekonomik la ansanm ak pèvèsyon li kreye kay endividi yo nan relasyon entèpèsonèl yo.

Wodòlf, lòt karaktè prensipal woman an, medsen e avoka, pitit yon gwo bacha ki te ansyen dyektè jeneral Minotri Dayiti, ki vin gen pwòp biznis pa l, pa t gen ankenn pwoblèm pou li sedui Adelina, yon ti malerèz, ki fè desant kay yon moun, Wozali Pyè Chal, apre tant-nennenn li, Andreya Masiyon, te mande li pou l chèche yon gason ki pou ede li paske limenm li pat ka kontinye pran l an chay. Manmzèl pa t sispèk ke pwòp nonm pa li, Jera Osten, te chache antre nan zafè avèk Adelina. Yon jou Adreya pat la, Jera chache pran chans li. Men jan otè a dekri anvi ki pran Jera lè l wè Adelina t’ap benyen :

« Bare dèyè yon lantouray ki klotire tout arebò kay la, ak yon kivèt dlo, Adelina t ap benyen an kilòt. Kan li te vin wè Jera antre anndan an, an tout vitès demwazèl la te kouri vlope kò li ak yon sèvyèt. Li ekskize Jera pou li te kapab antre dèyè yon rido, pou li te ale chanje li. Men ou te kab respire dèyè rido a tout frechè kò Adelina nan yon anvi ki deja t ap tizonnen tout sans Jera. Latou, gen yon latranblad ki te pran aswafe a depi nan pye, pou monte nan tèt li, pase nan tout venn kò li pou retounen desann anbativant li ki t ap tann yon desizyon favorab pou li komèt yon aksyon. Jera te santi li ta fè lèd, e sezi bèl opòtinite sa a, kòmsi li ta vle anvayi li sou demwazèl la tankou lè malfini ap pran poul. Men pa krent pou non li, misye a t ap batay ak yon lide ki t ap di li non. » Li kontinye :

« Pou Adelina te abiye li, jantiman li te retire sèvyèt la, epi chanje kilòt la sou li ki te mouye pa yon lòt ki pwòp, e anfen abiye li kòrèkteman. Pou te kontanple tout nidite fòm kò deyès la, atravè rido a, zye admiratè chanèl la pat sòti sou zidòl la. Lè Adelina te fini abiye li, kòm dabitid, li te vini pou li sòti deyò nan lari, men Jera nan yon elan, te gentan bare e sezi men Adelina pou li di li :

Le quatrième de couverture d’Adelina.

Bon ou ou wè mwen la, epi ou ap pran kouri ! Kòman, ou pè mwen ?

Adelina te pran san li pou li reponn Jera.

Pè ou ! Poukisa misye Jera ? Tousenpleman chak kou ou vini la a, mwen toujou ba ou lè pou vire won ou, donk, mwen jis ap sòti. »

Men sa kit Jera kit Woldòf pat konnen, sèke avan li te voye li nan Pòtoprens, manman Adelina te klete l, li avwe li, pou « pwoteje ou kont jwisè yo ki deyò a, ki ap mache bay panzou ». Li kontinye :

« (…) Pa gen youn ki te kab fè w anyen, pran depi Sensilvès* pou rive nan pye Senbatèlmi*. Se gade, koupe koutje. Rete la ! kote kalbas sa a ye vre ? Si mwen pa jwenn resèt kalbas sa a, ou antrave Adelina. Ou ap mouri klete kadnase, se nan fè mè ou prale antre.

–Manman pa jwe ak koze serye tande, ki kote ou te mete kalbas la ?

–Mwen chonje, anlè galata a ! Konnen si li pa kraze nan zafè Masiyon yo anlè a, se gwo chans. »

Apre dyalòg konplenn ant Adelina e manman li, li klè kletay la te vin yon pwoblèm pou Adelina. Otè a ba w nan fen paj definisyon « Sensilvès » ki se Premye Janvye, ak « Senbatèlmi » ki se Tranteyen Desanm, nan langaj rityèl ayisyen. Kletay la se yon pwoblèm dabò paske l’ap anpeche rapò seksyèl nòmal avèk Wodòlf, men tou li se yon anbarasman pou Adelina, se sa ki fè li mande manman l pou l’al defèt pwen an :

« –Eben manman, ale pran li non, se ou ki konnen kibò ou te mete li. Mwen pa ta vle Wodòlf konnen anyen nan bagay sa a menm.

–Adelina, nou pa kab ale kraze li konsa tou non. Chonje nou te

rete yon rès lajan pou nou te pote lakay « Tiboutfè », si se pa sa, li

kab voye yon ekspedisyon dèyè ou wi. »

Woman Adelina a gen anpil demele, tansyon ak dekiprevyen pami pwotagonis ak figiran yo, men sa ki pi karakterize woman an, sa ki fè gran merit otè a se konesans li ak anplwayay li fè de richès lang kreyòl ayisyen an. Lang pèp la kenbe tout esplandè li, epitou otè a kapab fè yon istwa monden ant yon ti peyizàn pòv ak yon gran boujwa milat ki sot nan yon fanmi eze vin tounen yon fab enteresan menmsi l reprann yon kliche psiko-sosyolojik kote fantazi sandriyon klas defavorize yo fè yo espere vin jwenn yon « prens chaman » ki vin renmen yo, donk wetire yo nan lamizè ak ensètitid ekzistansyèl.

An n remake tou, byenke tout liv la ekri an kreyòl ayisyen, otè a ensere ladan li kèk dyalòg an fransè lè se fanmi boujwa Wodòf yo k’ap pale, kòmsi w ta di li ta vle fè revè pratik « encrustation » womansye ayisyen disnevyèm syèk yo te konn fè, kote yo te filannen de twa ti fraz oubyen dyalòg kreyòl nan mitan liv ki ekri antyèman an fransè. Men otè a fè l parèt kòmsi l evidan rezon pou parisyon yon ti zile fransè nan mitan yon gwo oseyan kreyòl…

Wi, grann akonplisman Ewald Delva se lefètke l fè, malgre tout eleman sosyal, politik, ekonomik e pèsonèl yo ki konplote pou rann vi li dekri yo blèm, non atraktif, e menm dezolab, li fè istwa womans ant Wodòlf ak Adelina, yon istwa damou veritab, yon istwa relasyon moun ak moun, yon istwa li anmenmtan an layite avèk tout richès bèlte lang ayisyen an.

An n fini prezantasyon woman an ak yon sitasyon kèk dyalòg pwetik otè a anplwaye nan liv la, byenke se yon liv an pwoz :

Wodòlf :

Pouki w ap pran pòz ou pè m
Poukisa ou pa vle kwè m
Ou pito trete m mantè
Pou kab rele m betizè
Epoutan tout zantray kè m
Ap dedye san mil powèm
Pou bote w, Adelina
Pou kwen zye w, bèl Tinana
Aksepte m tanpri cheri
M ap ba w kè m pou tout lavi.

Adelina :

Chè misye tanprisouple
Se pa mwen pou ta chache
Oumenm, ou alèz kou blèz
Mwen menm, mwen se malerèz
Se lavi mwen vin chache
Mwen pa la pou betize
M ap travay lakay madanm
Se pa mwen w ta pran pou fanm.

Wodòlf te reponn :

Tinana, m tande w trèbyen
Men pou mwen, sa a pa anyen
Kite m di w detwa ti mo
Malerèz pa fè m defo
Pa gen lanmou san soufrans
Pou jwenn li fò w gen pasyans
Se oumenm mwen vle cheri
Ann konstwi yon paradi.

Adelina redrese kò li pou li di Wodòlf :

Mwen sòti nan tè sale
Manman m se yon tètmare
Papa m se yon abitan
Tout fanmi m se peyizan
Ou doktè, ou avoka
Kouman pou desann byen ba
Pou vin pran m, mwen yon ti bòn !
Yon ti bòn ki sot nan mòn ?

Wodòlf kouri kenbe men Adelina, epi li di :

Olala, Adelina!
Bliye si m te avoka
Bliye tou si m te doktè
Tout sa yo vini aprè
M ap defye tout sosyete
Jete nan kwen tout franse
Pou m kapab rete nan pye w
Tinana, m pap kab bliye w.

Adelina vin kwafe yon seri de pwodiksyon zèv an kreyòl ayisyen oubyen an tradiksyon lanse pa Trilingual Press, pami zèv pi resan yo genyen An n al Lazil, yon koleksyon powèm pa Fred Edson Lafortune (2014) ; Masuife, yon koleksyon powèm pa Patrick Sylvain (2013) ; La tentation de l’autre rive / Tantasyon latravèse, yon konleksyon pwezi bileng pa Charlot Lucien (2013) ; Plato / Platon : Apology, Crito, Phaedo / Apoloji, Kriti, Fedo, yon tradiksyon kreyòl pa Nicole Titus (2012) ; Krik? Krak! Dèyè Mòn Gen Mòn / Mountains Behind Mountains, yon koleksyon bileng pa Dumafis Lafontan (2011) ; epi Poetica Agwe, yon koleksyon esè, powèm e temwayaj an twa lang pa Tontongi (2011). Tout zèv sa yo, akoz penetrasyon ak kiltivasyon yo fè nan lang kreyòl ayisyen, akoz respè yo montre pou li, akoz lanmou atistik yo santi pou li, vin gwoupe jodia, avèk lòt k’ap travay nan menm sans lan, yon avankad pou yon gran kanon literè ayisyen, nan lang ayisyen. Adelina se youn nan chelèn chedèv sa yo.

—Tontongi jen 2014

To order, follow this link: http://www.tanbou.com/trilingualpress/index.htm

Or send a check for $15, add $3.95 to book’s price for shipping and handling within the USA (add $10.95 for Canada and $25 for all other countries) to: PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 USA.

Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com