Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com

Reedisyon CD kont ak lodyans Charlot Lucien an « Ti Oma »

an kolaborasyon ak Trilingual Press

Kouvèti Ti Amma, yon CD nan Charlot Lucien.

Dat reedisyon : 15 avril, 2018

Apre 18 lane depi Charlot Lucien te soti premye CD li « Ti Oma », yon seri kont ak istwa an kreyòl ayisyen ki te vin klase li nan mitan kontè ak lodyansè nan jan literè oral sa a, li fèk resoti li nan mwa avril sa a an kolaborasyon avèk Trilingual Press.

Charlot pral an Ayiti nan fen mwa avril la, kote l ap tou bay de pèfòmans kòm kontè/lodyansè nan yon konferans sou Maurice Sixto nan Centre Challenge nan Pòtoprens le 20–21 avril, nan yon sware kiltirèl nan bibliyotèk Michèle Tardieu nan Petyonvil 20 avril, e nan Kap Ayisyen nan 25 avril nan yon aktivite GRAHN-Monde.

Depi 2001, travay Charlot Lucien fè wout li nan medya ayisyen yo, nan kèk sèk akademik e nan mitan Ameriken nan Nouvèl Angletè ki renmen kont ak istwa ayisyen.

Nan liv li a « L’Espace d’une génération » kritik Georges Anglade te kòmante : « Menm jan ak Sixto, sou sèn ak sou CD, Charlot Lucien, ke mwen te wè ak tande nan Vermont, koumanse fè relèv e sanble ap aliyen li tout bon sou jan istwa “lodyans” Sixto yo. »

La quatrième de couverture de Ti Oma, un CD de contes et de lodyans par Charlot Lucien

CD « Ti Oma », a gen ladan de istwa ak yon lodyans. Premye a, « Ti Oma », se istwa yon ti peyizan yo voye nan Pòtoprens kòm domestik, ki rive soti yon go fonksyonè piblik, malgre mokri li resevwa akoz non li e jan li pale franse. Dezyèm istwa a « Mèt Monplaisir Tribun », eksplore pwoblèm konplèks kesyon koulè, politik nan sosyete ayisyen an, e jan opòtinis politisyen vin transfòme an lidè opozisyon nan dyaspora a. Finalman, nan « Manto Twopical », 2 zanmi Coriolan ak Barzol ap pran plezi ak yon dam k ap ekspoze yon manto fouri nan yon resepsyon diplomatik…

le public lors d’un concert de Charlot Lucien.

CD « Ti Oma » ap disponib nan plizyè pwen lavant ak sou sit entènèt atis la e Trilingual Press

Pami zèv Charlot Lucien yo, genyen : « Ti Cyprien », « Grann Dede », « Charlot san san kont kont », « Boujon lespwa anba dekonm » (ak chantè Pierre Gardy Fontaine), e finalman « Diogenes Nèg Mawon » an 2016. Repitasyon li kòm yon kontè/lodyansè fè li vwayaje nan plizyè vil nan Kanada, Etazini, Lafrans, Gwadloup ak Ayiti kote li pwomote travay sa a, ke prekisè tankou Justin Lhérisson, Maurice Sixto ak Jean-Claude Martineau te koumanse.

Trilingual Press se yon mezon edisyon ki baze nan Cambridge, Massachusetts, ki ankouraje kilti ayisyen atravè piblikasyon nan kreyòl ayisyen, franse ak angle.

Trilingual Press Logo

Trilingual Press • Près Trileng • Presse Trilingue
PO Box 391206, Cambridge, MA 02139 (USA)
Tel: 617-331-2269 • E-mail: trilingualpress@tanbou.com


Home page • Send your email and writing proposals to: trilingualpress@tanbou.com