Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann Ayisyen

Powèm pa Kwitoya (Jean-Robert Victoria)

Kilti mwen

Se flango sans mwen yo
Ki manbre lespri m
Nan semantik solèy la.
Kilti mwen se payèt limyè yo
Sou riban gri souvni m,

Nan frengfreng loubli.
Se fofilay atizay tan yo,
Dantèl moman yo
Nan jipon memwa m.

Se filozofi lizyè m ap lanbe,
Nò al sid, ès al wès

Nan ensidans Marasa m yo.
Se pren mawon enfayib, zepi
Pawolitik lavi, ak tèt zepeng

Egzistans m ap siyen.
Debrayman konsyans mwen
Sou fenèt libète ak lanmou :

Senbòl ak kòd imanite m.
Filang sibtil Danti m yo
Anba nawè Kongo,

Arada, Boukmann ak Desalin.
Se bretèl tayno, soutyen sibone,
Dyòk ginen anba palmis,

Degre pwezi ak atizay anba mapou.
Kilti mwen ayayay ! se mwen !
Mwenmenm : Nèglakay,
Flè loray nan virewon latè !

Ranm pou ranm

Lalin touye je l sou nou, cheri,
An n pwofite lanbe lavi klin
Jous lanmò bliye n.

Se dènye biye n ap siyen
San sipa ni tyentyen !

M ap pran poul anbavant ou
Pou pwent tete w kanpe, souf nou
Kon van siblim pran wotè

Ranm pou ranm. Zetwal yo mèt
Fouyapòt, pyebwa yo paladyòl,

Fòk lanmou sele n pou nou leve
Renmen gad, epi kite
Yon tablopenti mistè ba lalin.

—Kwitoya (Jean-Robert Victoria) Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Gary Daniel

Vannen pitimi lavi

(pou François Eddy Phillipe)

granpa m te konn pini m
kon m bay manti
politisyen te konn mete vwèl
pou yo rive mantò
te gen bousòl

sou lanmè lanmèd flerize
tabòk bennyen fredi
pòl nò seche
bèk kwochi drese tèt atè plat

gen yon bagay ki pa klik
pa kole
pa mache
pa nòmal
ki wouze repiyans yon pèp
makònen ne iyorans kòd wouj
pou vòlò trese rans
mare brezo san konsyans
tikouri pou toufe souf valans

se pa posib
non li pa janm posib
pou zigzag malere vanse kwape
lamizè toutouni ak vòlè
sou pouvwa magouyè
pouchè d poud makiyè d koulè
sou fatra kras kòb debouyè

se pa posib
non li p ap janm posib
pou nyaj anba syèl ble digo
mare solèy pikan
pare chalè
wouze latè…

non li p ap janmen posib
pou dlo je sispann lave figi
manman, papa
sou zorye payas pichonnen

save pa lave
kawo pa eskanpe sèvo griye
sou twa pye dife
pou boukannen demen

Ayisyen pou laye pitimi lavi
nou pa kab ni dwe
ni moli kanpe
ni kanpe moli !
Alespwilaye !

—Gary Daniel Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023

Powèm pa Jean-Dany Joachim

Peyi mwen

Solèy la prese leve chak maten.
Gad on peyi m fè sa m pito !

Lannwit pa janm pran pàn zetwal,
Tout rèv peyi m rete tou klere.

Lanmè a fè viwonn peyi a,
Ki pòtre yon ti kannòt an danje.

Nenpòt ti glisad tout pye nan dlo.
Gad on peyi m fè sa m pito !

— Jean-Dany Joachim Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Michèle Voltaire Marcelin

This poem uses traditional Haitian proverbs to paint the portrait of a country currently in an erratic, inside out, upside down, disordered state. A country, where numerous realities collide constantly. MVM.

[Powèm sa a itilize pwovèb tradisyonèl ayisyen pou l desine pòtrè yon peyi ki kounye a nan yon eta malouk, anndan deyò, tèt anba, nan yon eta dezòdone. Yon eta kote yon layite reyalite pa janm rete fè kolizyon. —tradiksyon Tanbou].

Ayiti peyi pikan peyi mizè
Peyi bèl fan bèl malè
Peyi fè pam peyi kouray
Peyi koupe tèt boule kay
Peyi tout voum se do sansib pa jwe
Peyi bay kou bliye pote mak sonje
Peyi voye wòch kache men
Peyi jou va jou vyen
Peyi jan chache jan twouve
Peyi lwi jan boje
Peyi bat chen tann mèt li
Peyi bounda nini
Peyi rache manyòk bay tè a blanch
Peyi twou nan manch
Peyi tout jwèt se jwèt kwochèt pa ladann
Peyi plen foumi sou po kann
Peyi dèyè mònn gen mònn
Peyi ka twoke kònn
Peyi gimi fay sens peyi bèl mèvey
Peyi wòch nan dlo wòch nan solèy
Peyi lobèy ak zagribay
Peyi piti piti plen kay
Peyi tou won san fon
Peyi zafè kabrit pa zafè mouton
Peyi la vyèj, peyi sèkèy
Peyi Dey O, m ap rele Dey
Peyi mistè, peyi bon dye bon
Peyi mirak ak konfizyon
Peyi 1-2-3 nous irons au bois 4-5-6 cueillir des cerises
Peyi restavèk, peyi tisentaniz
Peyi maman penba
Peyi kase fèy kouvri sa

Peyi rizèz Rizèz machann lèt
Peyi m ta di w yon bèl koulangèt
Peyi siwo myèl, peyi anmè kou fyèl
Peyi 1804, peyi chimen libète
Peyi 2024, nou nan Mizerere
Peyi 3 fwa pase la se la dènyè ki restera
Peyi f-i-fi n-i- ni kaba
Peyi lave men siye a tè
Peyi wè pa wè antèman pou katrè
Peyi premye kou pa kou
Peyi se dènye kou k touye koukou
Peyi ayiti toma  ayiti avadra
Peyi moun pa peyi boulegra
Peyi dayiti tè glise, peyi dayiti tonbe leve
Peyi dayiti dwèt mwen li ye
M pa ka koupe l
Peyi dayiti pou nou li ye
Nou sèl ki ka sove l

Patizan, pran responsabilite w
Lè se fòt ou, di se ou
Pa met 2 men w an lè 
Pa rele Anmwe
Pa lonje kwi w ba blan
Pa mande zòt regle koze w
Met yon pye devan lòt pou repare erè w
Mete fanm sou fanm ou
Met gason nan kanson w
Sispann betize Patizan !
Avni pitit ou nan men w
Avni fanmi ou nan men w
Avni peyi ou nan men w
Patizan !
Leve kanpe pou konstwi Ayiti !

—Michèle Voltaire Marcelin

Powèm pa Charlot Lucien

Apali, men lapè

Men Lapè k ap vini,

Lapè simityè
Miray boule nwa tankou chabon

Pye bwa ki dechouke,
Rivyè k ap koule san,
Zo moun ki fin blanchi,
Paske chen drese nan lantouraj

Fin souse yo jouk nan mwèl ;
Syèl la a wouj,

L ap sifoke moun kou bèt
Ak yon lodè boule

Sèl chen eran ak kochon

Ka pran pou bon pafen.

Men Lapè k ap vini.
Djòl chen yo tèlman cho,

Y ap vomi fè la fimen ;
Moso po vyann tranpe tankou yon eponj san

Pandye nan kwòk dan yo,
Tankou yon moso ranyon mouye
Chen ap admire yon lanfè dife, lafimen, san ak debri,
Yo pentire an relyèf sou lorizon syèl la.

Epi chen yo voye kò yo nan lantouraj la
Nan tout mòn, nan tout rak bwa,
Y ap renifle, y ap chèche,

Pou yo dechire, rache, dechèpiye, dechalbore.

Men bwa yo, mòn yo, pa gen viktim ankò,
Ni pou kache, ni pou bay.
Viktim yo t ap chèche yo te gentan voye kò yo,

Ak tout fanmi yo, tout pitit yo,
Nan lanmè,
Bay goyin machwa reken dechire yo,
Pase yo te lage kò yo
Anba kròk dan chen anraje.
Chen yo kouri toupatou, yo eksite, yo anraje.
Se lè sa a, souf yo kout,

Pandan lang yo ap koule yon bav desepsyon,
Yo kòmanse gade yon lòt pa anba,
Je yo ratresi, je yo pichpich

Yonn ap pran mezi lòt.

Epi dènye chapit teyat la frape sanzatann.
Nan yon sèl mouvman brital, efreyan
Chen yo vòltije yonn nan gòj lòt !

Ou tande gwondman gòj k ap rakle

Gòg k ap gagare san ak flenm,

Flenm k ap kimen bò bouch yo tankou vag lanmè ;

Bri kwòk dan k ap toke ak lòt kwòk dan,

Bri vyann k ap tchake,

K ap dechalbore,

K ap dechèpiye.

Sa pa t pran anpil tan
Tan pou kat popyè je te bat,
Tan pou kèk gwondman vwa k ap trepase,
Men, apali,

Men yo tout te atè a,
Tankou mas yon pakèt trip
Dechalbore tout wouj…

Men apali,
Apa lapè,
Apa lapè te vini.

—Charlot Lucien Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Emmanuella « Ella » Turenne

Pasaj milye a

Nan orizon an yon pijon vole
Pou l eksplore dlo lib yo
Pou l beni nanm ki anba yo
Yo andire michan tribilasyon
Moun mal plase e twonpe sila yo
Lespri Bondye kaptire yo pandan yo t ap tonbe
Sou bò bato rachitik
Pandan ke rès fanmi yo
Siviv e rive
Nan Sendomeng.
Bienvenue ! Sa se Nouvo Mond lan.

Rich, anvye, siveye, eksplwate
Sen Domeng.
Sik trajik
Travay, mouri, enpòte
Enpòte, travay, mouri
Mouri, enpòte, travay.
Se mizè lesklavaj
Ki pran nesans nan pasaj milye a.

Tan nou navige pou plezi yo ale
Sou bò rivaj san laj yo
Avèk vag sik koulè lò yo
Bato sa yo mennen n kounye a nan rivaj ki lwen yo
Byen lwen lavi nou konnen an
Byen lwen zye zansèt nou yo
Bra yo lonje rive kouvri dal kilomèt
Men pafwa yo pa long ase
Pou trape sila yo ki tonbe
Tout sa n genyen kounye a se sa ki nan men nou
Kago presye lavi ak
Ekri sou papye
Tikè pou yon libète
Yon fwa nou te panse n genyen
Kounye a li pèdi
N ap chache lòt kote.

Nou pa vwayaje anlè lakansyèl
Men gen yon ja lò nan fen vwayaj sa a
Si nou ka kenbe fèm ase lontan.

Nou pa t gen okenn chwa sou ki kote n te fèt
Dlo yo ki te antoure peyi kote n te viv la
Ta dwe wouj ak likid lavi zansèt nou yo
Dlo yo ki te sipoze pwoteje pèp nou an
Nouri yo
Lave yo
Vin tounen lennmi an
Ki anpeche yo rive
Nan rivaj kote libète ap reye ak
Yon rèv ki ka tounen reyalite
Ki lakyèl nou te vin nan bato ?
Kiyès ki te achte nou isit la tou dabò ?
Pèp mwen an pa t janm pèp dlo
Sou teren montay
Nan mitan oseyan an
Yo pa t janm ekipe pou siviv nan dlo rapid ak vag
Men yo te rive janbe menm dlo sa yo
Ke zansèt yo te fòse metrize
Sere kò yo sou bò yon moso bwa lespwa.

Yo te gade anndan bouch grangou oseyan an
E klere je yo tou dwat nan souleyesspirit Lwa a
Lontan anglouti anba dlo enpadonab sa yo
Nou pa ka bliye menm lespri sa yo
E enèji yo pa ka brize e
Matris ki se pasaj milye a
Toujou poko geri
Toujou ap jemi ak vwa
plizyè milye kòd vokal
Ini nan rele pou lalibète
Yon enèji ki blayi sou
Menm dlo ki pi kalm nan
Enèji sa a anraje anba po m
Kenbe mwen konekte
Fè m sonje te gen yon anvan mwen
Eke genyen yon avèk mwen
Menm dè milye de kilomèt.

—Emmanuella « Ella » Turenne tradiksyon ann ayisyen pa Tontongi)Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Patrick Sylvain

Endiyasyon

Lè mizik nan kè m sispann,
limyè mouri nan je yon manman.
Plenn yo antere
jouk nan pli po.
Dlo tounen lwil
lè bouji chagren
boule depase mèch.
Nan yon peyi moun nwa mache
Mò-vivan, nanm endiyasyon yo
pa kapab gade pwòp lanmò kòporèl yo
tankou bouyadò dekonpoze.

Desizyon final

Nan fen yon fraz ka gen silans.
Nan fen yon faz ka gen trayizon.
Nan fen yon etaj ka gen asyèt ki tonbe.
Nan fen yon estaj ka gen konfyans ki vyole.
Nan lafen ka gen yon zanmi ki rete.
Nan yon faz drivaj ka gen lang ki prefere silans.
Nan pèdi asèt, tout lasèt sosyal koupe.
Sa ki te zanmi vin zannemi
jouk dan kouto montre
nan ki pwofondè yo ka koupe,
filange pi mal pase yon kouto dantle ennmi.
Mwen nan yon faz,
tout zannemi se pwen final.
Pa gen vigil vyole konfyans,
osnon pwen-vigil trayizon.
Nan literati lavi m’;,
tout fraz dwe byen degrese.
Tout faz, byen pwòpte
pou istwa dewoule san fragmantasyon,
san kout dan kayiman.

—Patrick Sylvain Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Ileus Papillon

Bondye bon !

Lannuit vann dwadenès nou pou twa tranch foli
Pwojè pou tout moun nan son pègal
Yon pinga
Yon lesetonbe nan plamen Pòtoprens sou Bisantnè
Byennere fè filalang ak gout san n ki seche sou Bisantnè
Lanmè fè fraz san gade dèyè An Bondye bon
Nou foure kò n tout vitès nan revè rèv la
Chak timoun ki gonfle
G on zegui ki kase nan penitans malere Pouki nou pa janm mande
Sa k fè lapli se ekspresyon syèl la ki blese
Pa mande n sa yon peyi bezwen
Lavi pa t fèt pou lèzòm betize
Ki enpòtans mo yo si lèzòm ap mezire grangou
An Bondye bon

Apse a pete nan foli tchovi yo Epi nou priye
Chante
Jene
Epi nou plonje nan siplikasyon Di m
Ofrand
Batèm chat
Yon rado manti limanite ap pwomennen
Pwojè pou tout moun nan kwense nan kwendan prezidan.

San limit

Tankou mèt Jan Jak
M janbe lizyè pou keyi volonte w
Si m renmen w ak yon kè mouye
Se pou koupe lapli nan je w
Tankou Mèt Jan Jak
M devise kè m toutantye
Trese foli m nan dènye très chive w San Bondye pa wè
M pote lonbraj mwen nan pye kabann ou
M aprann ou nan chak nuit ki fè lavi bèl
Anpwent ou kole nan chak kout zeklè ki bay limanite priz
Tankou Mèt Janjak
M foure kò m nan wonn kè w
Sèmante disèt fwa pou non w gaye nan tout vil
Epi
Zafè si Jezi bare m sou vant ou…

—Ileus Papillon Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Roseny Blanca

Konpòs

Yo rele nou fatra, men fò ou sonje
Sa bèl lò nou melanje
Nou vire, nou tounen
Se pa de monte, chalè a ap monte
Wi, chalè a monte
Gen kèk gaz ki ap chape :
Pa enkyete ou Doudou,
«Misye konpòs, se avè ou li ye.»
Chalè a monte
Gen kèk gaz ki chape :
Nou pa bezwen kouran,
Se nou menm k ap voye elektrisite.

Se konpòs mwen ye,
Banm tout sa ou vle.
Ou sikre : m ap manje w.
Ou si : m kapab manje ou tou.
Se konsa mwen ye :
Tout sa w ye,
M ap manje.
Ti mòso a ti mòso
Kraze bwa, kraze zo.
Ti moso pa ti moso
Nou vin melanje tankou dlo.
Po, lèt, ze
Yon sel eleman nou fòme.

Po, lèt, ze
Yo rele nou fatra, men fò nou sonje
Ban mwen bon manje pou m manje
Se konpòs mwen ye.
Manman, Papa
Pa manke m dega
Pa mete plastik nan mitan nou
Pa jete fè tou, nan mitan nou.
Nou rayi yo
Nou pa sipòte yo
Yo anpeche nou fè
Sa nou gen pou fè
Yo anpeche nou rive nan sim
Yo anpeche nou rive nan leta iltim
Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje
Sa bon, sa bèl pou latè lò nou konpoze.

—Roseny Blanca Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Denizé Lauture

Touf kann lanmò

Mwen swete yon jou
Ya genyen pititpitit
Pitit ki sonje yo
Pitit ki ranmase zo yo tout
Ki kanpe yon Hounfò pou yo
Sou tèt yon gwo mòn !
Ka jodi a mwen chache tonm yo
Mwen paka jwenn tonm yo…

Tak tak tak
Dlo koule nan je manman
Tankou gwo grenn lapli
Sou do kay tòl

Tak tak tak
Dlo koule nan je madanm
Tankou gwo grenn lapli
Sou do kay tach

Tak tak tak
Dlo koule nan je pitit fi ak sè
Tankou gwo grenn lapli
Sou fèy bannann vèt

Tak tak tak
Papa ak frè
Frè ak pitit gason
Tounen pye kòk loray boule
Anba move debòdman
Dal dlo nan je yo
Mouye tout kò yo
Lave janm maleng yo
Kouri sou tout tèt zòtèy yo
Fè yon ma dlo sonb
Nan plas pye yo

Tout nway ki sòti dèyè Saltwou
Pase sou tèt nou
Tankou gwo bal koton
K ap woule nan basen san
Lanbi tris kònen sou tèt tout mòn
Yo kònen yo kònen san rete
Limyè solèy pèdi koulè lò li
Li parèt vyèlèt koulè vandredi sen
Chak grenn lapli ki tonbe
Fè yon gwo sèk wouj
San koule nan je tout bèt gadinay
Ki nan move rèv wè mechan ap twonse men
Ki te konn karese do yo

Gran chimen mi bitasyon
Fann ven mil kote
Chak fant yo genyen fòm
Yon sèkèy gason
Poto mitan tranble
Tranble tankou tifèy bwa
Yon dife je pa wè
Boule tout kòd tanbou
Ak tout nè vaksin lavi

Pèp la wè lonbray li
Nan yon letan san
Yon letan san plen vag sanwont
Vag sanwont ki moute san fwa pi wo
Chak lè solèy parèt
Solèy tounen solèy sanwont

Nou boula anba solèy lanfè a
Nou sèkle tè nou nou pike tè nou
Nou kouvri patat plante manyòk
Plante manyòk plante mayi
Nou plante mayi plante pwa
Plante pwa simen pitimi
Nou simen pitimi nou grate patat
Nou fè tout sa nou konnen
Pou pye kafe nou
Pa tounen bwa chèch
Malgre sa lè rekòl rive
Nou paka achte yon rechany nèf
Nou paka chanje menm vye hou pyese nou
Nou lave men nou nan dlo twou wòch
Anba fil nou pati nan panyòl

La touf kann yo dri wo
Dri wo tankou lontan
Ponyèt janmen bouke nou
Voye manchèt kalabòch
Depi douvanjou jis lannwit
Nou plen fal tout moun sou latè
Ak sik ak wonm

Men yon lannwit okenn pwent plim
P ap janm ka fè wè
Yon lannwit okenn sanba
P ap janm ka rakonte byen
Nou lage kò mati nou
Sou bout nat pinèz nou
Pandan n ap fè vizyon nanm nou
Ak yon sak sou do l
Ak menm vye rad ranyon l
Ak menm vye hou pyese l
Nan yon vye chimen wòchapyè
Yo yo tonbe sou nou
Ak bayonnèt ak melyasin
NOU TAL KOUPE KANN
YO TWONSE NOU TANKOU MOVE PITIMI
GRAP NWÈ PLEN POUD NWÈ
TANKOU PYE BANNANN ZONBI

Lè sa a dizwitan
Dizwitan
De fwi ki te jenere Sanba a
Te genyen
Dizwitan

Yo te koumanse won ak ji lavi
Se poutèt sa chak swè
Sanba a wè yon touf kann
Yon touf kann okenn siklòn
Pa janm brannen
Flèch li fèt ak dlo je

Ki tounen ti boul glas
Fèy li wouj pwenti
Tankou fèy pit sovay
Tout ne li fèt
Ak zo jenou nèg nwè
Rasin li se zòtèy
« Nèg mòn gwo zòtèy   »
Dlo li san wouj Lafrik
Koule toutaklè depi nan flèch
Jis nan pwent rasin

Touf kann nan nan mitan
Yon sèk gwo mal POLITICHEN
Ki niche tout titak san
Ki tonbe sou kote
Ak lang long yo
Lang sèpan yo
Ki pa janm fin lane tbe
De elit santi pirèd
Pase kadav koulèv pouri.

—Denizé Lauture Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023)

Powèm pa Tontongi

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato1

Ayiti se nasyon zile a
ki pran nesans nan san nan travèse
tout longè lanmè Atlantik
pa yon pèp yo vann bay nan Latrèt.

Ayiti aktyalize siyifikasyon
alafwa sa moun ye e lavi l ap viv

epi li envante yon nouvo chimen
nan direksyon libète
ansanm ak yon nouvo fason
pou moun detekte pèvèsyon l
menm nan fon mitan lannwit.

Ayisyen te peye ak san yo
sou chan batay nan Savanah
brav konbatan yo kenbe defans
kont michan atak fòs angle yo
pou sove nesans Repiblik la
pou ede nasyon sa a pran lavi.

Ayiti se peyi ki te leve kanpe
menm devan danje ak malè
pou pwòp tèt pa li kont toupwisan
Lafrans, Espay ak Angletè
pou defann inalyenabilite Èt imen

Ayiti se fondasyon modènite nou an,
Ayiti se manman engratiye Amerik Latin ;
Ayiti se kote Francisco de Miranda
ak Simón Bolívar te ale pran sewòm fratènèl
ak resous pou yo libere tout tè yo.

Ayiti adopte anpil kòz lòt peyi yo
ki t ap goumen pou libète kretyenvivan
ak pou lendepandans, tankou peyi Lagrès
nasyon ki pi helenik ki genyen sou latè.

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato ;
Ayiti se peyi ansyen ansklave
pa t pè reziste opresyon,
peyi kote kouraj moun ki te defèt
fòs lame Napoleon yo te fòse l
vann teritwa li nan Lwizyàn,
ki ede double gwosè Etazini alepòk la,
yon sèvis yo remèsye li jodi a ak jouman.

Ayiti se peyi atizay,
kote ekriven, powèt, tirè kont,
mizisyen, atispent, eskiltè konstui
nanm enfinitesimal Linivè nou an.

Ayiti pami nasyon ki pi rich nan lemond
lè n mezire l nan akonplisman jeni entelektyèl
ak jeni filozofik pèp li a
ansanm ak peyi ak kalte montay li yo
ki rete bèl malgre polisyon lèzòm kreye,
e ki ede e ankouraje pa sipò Meriken
bay diktatè kowonpi san konsyans.

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato ;
Ayiti te voye sou rad Amerik di Nò yo
plizyè milye doktè, chèchè, entèlektyèl,
ak pwofesè ki djanmen sèvo timoun yo,
anpil nan imigran li yo ap foubi planche kay
e pran swen malad ak tigranmoun ou yo,
Ayiti trè bon pou peyi Etazini.

Ayiti se yon peyi yo te fòse peye
plizyè milya de fran lò
ak dola Bank Nasyonal City
paske li te pran libète li ;
yo te sèvi ak swè pèp la
pou adousi lavi bèl nan peyi Oksidan yo
pandan Repiblik Nèg la limenm
ap peri nan dèt ki apovwi l pi mal.

Ladesant nan labim tenèb sa yo,
remak degradan ki depresye moun sa yo
fè mal tankou yon epe ki penetre kè nou ;
sepandan nou pa dwe pè lanse mo,
nou dwe mete tout bagay ogranjou,
blayi yo toutouni nan nati eskandalèz yo,
san dout yo se siy yon maladi pi grav
ak yon santiman ki pi lajman pataje.

Menas rayisman k ap soti nan vwa
senbòl ki pi wo pouvwa peyi Etazini
sible jodi a Ayisyen
sible jodi a Afriken
sible jodi a Mizilman
sible jodi a Meksiken
sible jodi a Salvadoryen
sible jodi a Iranyen
sible jodi a Palestinyen,
li se menm ki te vize Jwif yo,
Sosyalis yo, Kominis yo,
Jipsi yo, Omoseksyèl yo,
Temwen Jewova yo,
moun ki mantalman
e fizikman andikape yo,
nou konnen byen sa ki te pase lè sa a.
Demen, menas la ap vize oumenm tou
ak tout moun ki pa parèt Nòvejyen…2

O Lafrik ! Bèso sivilizasyon
gason ak fanm ki envante limanite !
O Lafrik ! Tè Deklarasyon Mande a
kote yo te premye fwa fè dwa moun sakre
yon jou nan trèzyèm syèk Mali,
jodi a ki denigre pa yon nonm tèt vid !

Imigran yo vin nan peyi imigran,
peyi kote pèleren, kretyen, vakabon,
ansyen prizonye, tout sòt pèsekite
vini pou jwenn refij ;
peyi kote ansyen sijè Otomann ki defèt,
ak sitwayen Alman pre-Nazi
vini pou yo vin rich,
kèk ladan yo kite dèyè
valè ki soude lyen komen èt imen ;
peyi kote Jwif, Kretyen, Mizilman,
Boudis, Taois, Vodouyis,
Ilandè, Japonè, Somalyen,
ak tout kalte moun ki defavorize
vini pou jwenn lapè yo
menm si akèy la pa toujou fèt ak flè.

Ou pa gen dwa refize ak lòt moun
sa ki sèvi fanmi ou si trè byen
e ki fè ou yon nonm ak siksè,
yon awogan nouvo rich ;
ou pa gen okenn dwa kèlke gwosè

richès malaki fanmi ou ta ye,
pou ou avili plizyè kontinan divès nasyon ;
ou se yon wont pou limanite.

Bagay nou ap wè jodi a
e ap viv nan tan reyèl sila a
pa annik blag ki inosan
lè gen gason, fanm ak timoun reyèl
k ap peye pi gwo pri pou sa.

Nou dwe desann nan lari a
pou klèwonnen a wot vwa
nesesite batay pou entegrite moun
si nou vle kenbe rèv nou yo anvi ;
komedi trajik sa a dire deja twòp.

Yon grenn blan sipremasis
nan Mezon Blanch lan,
mwen p ap fè yon gwo zafè ak sa,
men yon sistèm ki pèmèt yon moun fou
detui ideyal li, zanmi m yo,
se yon pwoblèm nou ta dwe tout kondane.

Mwen rann tout sistèm gouvènman an
nou konfye pou ankouraje amoni ak byennèt
e pou gide timoun yo nan dyeksyon pouswit nòb
responsab pou pèmèt babaryen sa a antre nan pòt la.
Li lè pou nou estope pouvwa avaris yo
ansanm ak koripsyon nan enstitisyon n yo !

Lemond p ap janm bliye
veksasyon sila a kont desans èt imen,
ni tou mas Etazini yo padonne
andirans wont sila a.

Ayiti se pa sa ou di, Misye Tèt-Mato ;
Ayiti pa w la se yon refleksyon
alisinasyon defòme w yo ;
Ayiti pa nou an se gadyen limyè nou,
se sa ki fè nou tout ret imen ;
Ayiti pa w la se yon twou nwa
Ayiti pa nou an se yon estrikti deleuzyen
yon kote anpil dimansyon jwenn ansanm
pou kontinyasyon levasyon lavi nou
yon kote tout sòt mèvèyman rasanble.

(Boston, 13 janvye 2018)

* Powèm sa a te ekri an repons ak jouman Donald Trump yo lè li rele Ayiti ansanm ak tout kontinan Afrik la yon bann peyi « twou kaka ». Tèm « Tèt-Mato » a jeneralman refere a yon moun ki enkonpetan, ki pa bon nan sa l ap fè a.

—Tire sot nan antoloji trileng, Tè mwen renmen an, ed. Trilingual Press, 2023. Vèsyon angle orijinal powèm sa a “Haiti is not what you say, Mr. Tèt Mato” te pibliye sou jounal Haïti Liberté an janvye 2018, sou administrasyon Donald Trump lan.

Nòt

1.Powèm sa a te ekri an repons ak jouman Donald Trump yo lè li rele Ayiti ansanm ak tout kontinan Afrik la yon bann peyi « twou kaka ». Tèm « Tèt-Mato » a jeneralman refere a yon moun ki enkonpetan, ki pa bon nan sa l ap fè a.
2.Alizyon ak remak Donald Trump ki te di sèl moun pou yo lese imigre nan peyi Etazini se moun ki soti nan peyi kouwè Nòvèj.
Fresh Pond in Cambridge

Fresh Pond nan Cambridge, Massachusetts. —photo Tanbou

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com