Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Bòs Lavo ki gen vrè non Paul Lavaud.

Bòs Lavo ki gen vrè non Paul Lavaud.

Bòs Lavo mouri, dous Makòs nan dèy

—pa Yves-Mary Fontin

Paul Lavau, tout moun konnen sou non Bòs Lavo, mouri jounen lendi 3 dawout 2020 la nan zòn Chabann nan Ti Gwav ak 88 rekòt kafe sou tèt li. Bòs Lavo se youn nan moun ki kenbe orijinalite resèt dous Makòs nan Vil Faustin Soulouque la daprè temwanyaj anpil moun ki konn achte desè sa a lakay li.

Nan ane 1937, anpil etranje Olandè ak lòt moun ki soti nan lòt peyi te konn rantre pa bann e pa pakèt pou vin achte kafe nan izin santral Jean Simonds nan zòn Ti Ginen nan vil Dany Laferrière a. Nan lide pou resevwa etranje yo ak yon desè ki gen gou lokal, madan Makòs (Macoss, madanm prezidan izin nan) nan tèt kole ak Madan Fernand Labarre (Fernand Labarre se te kesye izin nan) te vin antann yo sou desè sa a yo ta pral rele pita dous Makòs (douce Macoss). Dous la se yon melanj byen kalkile, anban anpil siveyans, de lèt bèf, sik blan fen, chokola, esans, woz, vani, ak anpil chalè dife bwa, selon sa Lourdyne Decilon fè nou konnen. Pou w reyalize yon bon dous Makòs ou bezwen yon moun ki la pou brase lèt ak sik la ak yon bon kiyè bwa depi kou w mete l sou dife a jiskaske lèt la sèch.

Echantiyon dous Makòs.

Echantiyon dous Makòs.

Premye lide dous la se pa t pou vann. Se nan ane 1939 lè madanm Macoss vin mouri, msye Macoss pa t pran tan pou li deside kite Ayiti pou al viv nan peyi Kiba. Msye Labarre ansanm ak madanm li te kòmanse fè dous voye al vann nan lari, lè sa a ou te ka achte yon moso Dous Makòs pou sèlman senk kòb, daprè sa Bòs Lavo te deklare bay Gaspart Dorélien nan yon ti chita pale nan lane 2019.

Kouman Bòs Lavo te kòmanse nan zafè Dous Makòs ? Nan ane 1983 madan Labarre vin mouri, youn nan pitit-pitit li yo, pwofesè Wagner Auguste (ki limenm mouri nan mwa jiyè 2020 an, li te pwofesè chimi nan Lise Faustin Soulouque Ti Gwav anvan li te vin nome direktè Lise Jacques Prévert nan Miragwàn), te vin kontinye avèk aktivite dous Makòs la. Anpil ane ap pase, mèt Wagner pa t ka reponn ak kantite kliyan k ap vin achte dous la si tèlman demann yo te anpil pou li. Se konsa, li te vin envite Bòs Lavo (kiltivatè e li te konn ranje bisiklèt), yon moun li te gen anpil respè pou li, pou vini mete ansanm ak li pou fè biznis la avè l. Yo de a te kòmanse travay ansanm pou yon bon bout tan men rive nan ane 1995, mèt Wagner te vin plis bay tan l nan zafè edikasyon. Depi lè a, kliyan nasyonal kou entènasyonal konnen se nan lakou kay Bòs Lavo pou yo vini si yo vle manje yon moso Dous Makòs orijinal.

Resèt orijinal Dous Makòs la se yon eritaj k ap kontinye pase de paran ak pitit. Avan li jwenn lanmò li lendi 3 dawout ki sot pase a, Bòs Lavo te toujou di li deja pase mayèt la (resèt la) bay pitit li yo, espesyalman Lourdyne ak Joseph Nesly. Kidonk, nan lakou kay Bòs Lavo ap toujou gen bon dous Makòs orijinal la.

Antèman Bòs Lavo (Paul Lavaud) ap chante samdi 22 dawout nan legliz Notredam Ti Gwav la a twa zè nan aprèmidi.

—Yves-Mary Fontin yvesmaryfontin@yahoo.fr

Kèk dokimantè sou Dous Makòs

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com