Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Fritz Dossous (Papadòs)

Lafwa!

Si nou youn kwè nan lòt
n-ap plante bèl chato
bèl mèvèy youn pou lòt
menmsi wout nou glise
nan bon pò n-ap rive
depi youn kwè nan lòt.

Si nou youn kwè nan lòt
youn ap respekte lòt
mouchwa youn va siye
rigòl tristès nan je lòt
souri nan bouch youn
ap souri nan bouch lòt.

Ooo Lafwa se sewòm
ki fè-w mache sou dlo
ki fè-w kase tout chenn
ki fè-w vole byen wo
kou nenpòt ti zwazo
menm si zèl ou kase!

Ooo Lafwa se remontan
ki fòse lespwa donnen
lan tout nanm bandonnen
menmsi nou nan bouch twou
depi youn kwè nan lòt
Lavi pap di-n babay!

Lafwa efase lapenn
li chase chagren
li kraze dezespwa
li pote lajwa
li pote Lanmou
li pote lespwa tou
kè n-ap toujou jwaye
depi youn kwè nan lòt.

Lafwa se fòs, pasyans
pèseverans, Lavi
menmsi tanpèt ap soufle
menmsi move dlo bare nou
yo pap ka detwi nou nèt
depi youn kwè nan lòt.

Si nou youn kwè nan lòt
youn ap renmen lòt
youn pap bay lòt manti
Lanmou nou ap anbeli
tout sa nou manyen.

Ooo si nou youn kwè nan lòt
n-ap keyi bèl flè santibon
bèl zetwal youn pou lòt
youn lalin koulè zoranj mi
byen ba nan syèl la
va klere bèl chedèv
Lanmou nou ap simen
Lanmou nou ap bati!

Ooo si nou youn renmen lòt
lè jounen nou fini
nou vire do bay latè
y-ap kole foto
imaj, pòtre nou
sou tout panno
miray, poto eletrik
epi ak bèk, zong yo
ti zwezo nan bwa
va grafouyen non nou
sou tout fèy bwa
tout bèl flè santibon!

Refren:
Lafwa se remontan
ki fòse lespwa donnen
nan tout nanm bandonnen
menmsi nou nan bouch twou
depi youn kwè nan lòt
Lavi pap di-n babay!

Andre Fritz Dossous (Papadòs), ekstrè nan Pikankwenna, 2006

Powèm pa Denizé Lauture

Kout manch pilon nan mitan sèvèl tèt

Sete yon apremidi
Yon apremidi
Toupre lanjelis
Toupre lannuit
Yon apremidi modi
Yon madi apremidi
Premye jou madi
Apre premye soti Madigra
Yon jou madi madichon
Yon jou madi lanfè.
Sanble pim vant latè te vid
Li te bezwen moun pou li manje
Li te bezwen san pou li bwè
Sanble zantray latè
T ap vale lòt zantray latè
Sanble trip latè t ap kode
Sanble twou goj li te sèk
Li te bezwen manje moun
Li te bezwen bwè san.
Li koube vye zo do long li
Tankou yon koulèv lanfè
K kite sèlman tye li ak tèt li
Touche atè
Li soukwe kò li
Li soukwe ko li
Tankou yon move milèt plen pis
Tankou yon baka mil pye mil men
K mande anraje
Mèt Agwe di li non
Li pa tande
Ayida Wedo di li non
Li pa tande
Simbi Nan Dlo di li non
Li pa tande
Menm Papa Legba
Ansanm ak Papa Danbala di li non
Li pa tande
Li pa okipe yo
Li pa pran ka yo
Li pouse yon wonf
Yon wonf ki pi fò
Pase kout kanno lanmè Jakmèl
Yon wonf tankou
Bri loray nan syèl
Tout sa ki te debou
Tout sa ki t ap mache
Menm tout sa ki te kouche
Te chavire adwat
Te chavire agòch
Te tonbe agòch
Te tonbe adwat
Yo blayi tounen farin atè
Depi Potoprens rive jis Jeremi.
Beton glasi te fann di mil kote
Pou san kretyen vivan
Te ka antre nan gagann latè.
Yon katafal nyaj blanch
Yon poud desounen blanch
Yon poud lanmò blanch
Kouvri tout vil yo.
Timoun tankou granmoun
Vivan tankou mò
Tounen zonbi blanch
Zonbi blanch k ap rele Anmweee !
Moun tonbe moun tonbe moun tonbe
San vide san vide san vide
Sezon Madigra nou
Ak sezon Rara nou
Antre nan twou
Anba pye sabliye
Nou pa tande ni wonf banbou
Ni son tanbou
Nou tande sèlman
Son tris lanbi lanmò.
Je ki te rete ouvè
Wè A B C lanmò toupatou
Wè pil liv lanmò toupatou
Wè bibliyotèk lanmò toupatou
Nan vwal lanmò blanch lan
Nan letan pousyè blanch lan
San Ayisyen trase piramid
Li trase chimen k fè de branch
Li trase ling dwat twonse
Li trase kwa
Ayisyen rich tankou malere
Tounen fèy papye anba mi kay
Pye nou tankou janm nou
Janm nou tankou ponyèt nou
Ponyòt nou tankou tèt nou
Kraze anba mi pwa senkant
Tankou si yo te pase
Nan moulen mayi
Tankou si yo te pase
Nan moulen kann.
Kadav Ayisyen blayi
Sou tout twotwa
Nan tout kafou
Nan mitan tout lari
Gri anba sann nan
Tankou kò gwo mabouya.
Moun ki gen yon tikras chans
Janbe kadav apre kadav
Kadav ranje tankou lèt A
Ranje tankou lèt Y
Ranje tankou lèt I
Ranje tankou lèt T
Ranje tankou lèt I
AYITI menm tounen kadav.
Anba pye yo wouj
Ak san frè yo ak sè yo
Yo mache de men nan tèt
De men dèyè tèt
De men nan machwè
Vant mare byen sere
Lè yo pantan sou kò zanmi yo
Kò granpapa yo
Kò grann yo
Kò fre yo
Kò se yo
Kò papa yo
Kò manman yo
Kò pitit yo
Yo rete san mouvman
De bra ouvè
Tankou kwa
De bra ouvè tankou kwa
O pòv pitit te manman m nan!
De bra ouvè!
Se Jezikri k desann
Fè plas pou nou sou kwa?
Kwa Kwa Kwa!
Kwa isit
Kwa lòt bò fontye
Kwa lòt bò lanme
Ala kwa nou gen pou nou pote!
Nou fout pote kwa
Jous nou tounen kwa
Nou swe san anba kwa
Nou vonmi san anba kwa
Nou pise san anba kwa
Nou poupou san anba kwa
Kwa avan yè
Kwa ayè
Kwa jounen jodi a
Annou fout di kwa denmen an
NON ! NON ! NON !
N ap fout lage kwa nou
Sou zepòl Granmèt
Sou zepòl Papa Legba
Sou zepòl Met Danbala
Zepòl Larenn Ezili
Mèt Agwe
Ayida Wedo
Sou zepòl tout tèt sankò yo
Tout lèspri sankò yo.
N ap ranmase mò nou yo
N ap benyen yo ak fèy santi bon
N ap antere yo nan yon fòs lavi
Sou tèt fòs lavi a
N ap kanpe yon pye Mapou Renmen
Renmen a tonbe pou lavi
Lavi a tonbe pou renmen
Pitit nou yo a grandi
Ak renmen ak lavi nan kè yo
Ak lavi ak renmen nan tèt yo
Y a renmen tout moun nan lavi yo.
Malfini a sispann fè bap piyank
Sou tipoul nou k san manman
Nou pran yon kout manch pilon
Nan mitan sèvèl
Men fout lè tèt nou fann
Se lavi ak renmen
K antre anndan li
Lespwa toujou ap fè miyan miyan
Nan kè nou
N ap jwenn bon chimen nou
Nou nan yon chimen lanfè
Men nou se pitit pitit gran Ginen
Ginen k konn manje dife
Ginen k konn danse nan lav volkan
Ginen k konn vole dife solèy
N a rive! Wi n a Rive !

—Denizé Lauture

Powèm pa Tontongi

Michan malè dekonstonbray
(Konplent lespwa pou tout sa k ale yo)

Li rive jouk konsa
sibitman soti nan Dangololay
li blayi sou kat pwen kadino
nan nannan nanm Montay Nwa
nan Petyonvil delalay
Otèl Montana bakalaw
desann lavil kouwè fou pèdi
k’ap voye wòch toupatou je fèmen.

Li rive jouk konsa
anba vant lanmè rad wout sid
lè solèy te pare pou l ale leve rak
lè yo pat atann lavi ka pi mal.
Se te yon malè ki koze laterè
ka sa yo ki pat benefisye malvi lòt
kou lòt yo ki te pwopriye swe bourik.

Anba detrès yon vil ann agoni
rivyè dlo nan je ak lapenn
timoun ki pedi paran
paran ki pèdi pitit
menm Palè Nasyonal senbòl gwokòlèt
senbòl pouvwa malfezan kraze zo
akwoupi anba kout pye latè andyable
ki demantibile san l pa gade dèyè.

Ni Bondye ni Ledyab pa gen anyen nan sa
se koz kwazman kolè latè ak fayit imen
pou demantibile sa ki ekziste
se tout kesyon ki pou poze
lè se lavi ak lanmò moun ki an kesyon.

Kesyon mèt latè dwe poze
ke l se lapè ant tout pèp pou bati Miyòla
nan espas kolektif bèlte apwopriye
oubyen rapas Bon Papa malfini
kache anba jakèt dan sourit manitè:
Èske se konchon nwa yo ki retounen
oubyen kochon blondèl prensès ki rete?
Èske bouch li tulututu oubyen li woukonnen?
Èske l se sa Ginen vle?
Èske l se sa Ginen ye?
Èske l pa boutik sikisal bèl vitrin
reprezantan lakoloni nan kapital?
Èske l pa modèl levanjil globalite
sou nouvo plantasyon modènite?
Se tout kesyon ki pou poze
paske se sa avni nou ap vin ye.

Anba kout beton ak fèy tòl k’ap vole
yon latè andyable ak lanmè menasan
moun yo rele anmwe, yo soti nan lari;
anba sakay dekonstonbray ki pote ale
Katedral Pòtoprens ki te drese kò li
kou yon majeste, silwèt li anpenpan
lonbray li blayi lespas ak mistè;
li te yon pwotektrès tout lavi sou Bèlè.

Anba kout masou replik aprèchòk
enprevizib kou malfini sou savann
ki ka pote w ale kou ou vire tèt ou
nan espas yon sekond movèz sò;
devan malfezè lafirè lanfè sou latè
nou te wè byenfezans menm sa yo ki viktim
pou ede frè ak sè yo kan Leta ape dodomeya;
moun yo louvri bra bay bonte letranje
voye bèl lwanj bay pou solidarite
tout sa yo k sot alawonnbadè sou latè
pou sove lespwa nan kè malakwa.

Devan frajilite desten kretyenvivan
ki nan lespas yon sekond kapab tounen fatra
pou gozye fòs komin nan mitan Montay Nwa;
anba rèl toupatou pou pote sekou
nou salye tout sa yo, grenadye limanite,
ki fè desandelye osèvis sa ki bon
nou leve bra louvri
pou sa yo ki pote sitèn dlo ak ponpye
ak manje pou sove lavi
nou leve bra louvri
nou onore bèl kalite yo reprezante.

Ginen pap asepte twonkay mèt lakay
pou redevans anvè mizè dekonstonbray
nou kwè konsyans tout pèp latè
ap kontinye voye je pou sove memwa
sove memwa verite libète
sove memwa 1791 lespwa li te limen
sove aspirasyon Ginen ki t’ap krapinen
nan lanfè zile labatwa negriye.

Labyenveni pou sa yo ki sot lwen
sa yo ki swiv chimen ideyal fon kè yo
sa yo ki konnen soufrans yon manman
se soufrans yon lòt manman
sa yo ki kwè se yon sèl mond ki genyen
nou salye ou
oumenm ki swiv bonnanj ou
pou pote lavi bay malvi nan ziltik;
nou salye kouraj pèp nonm Toma
ki pote sekou ak bra vid
nou salye sa yo
manm ki deja kofre anba chay
ki vin louvri tinèl pou solèy lavi;
nou salye limanite ann aksyon
pou transande malè pa bèlte
pou louvri je lespwa nan lenwa
pou afime esans sa lavi ye.

Nou salye tout sa yo
ki wè latè anvan kalvè
nou salye w
oumenm ki kwè tout moun se moun
nou salye w
oumenm ki pataje rèv nou.

Nou onore Beyonse ki voye halo pou Ayiti,
halo pou tout nanm zansèt yo k nan zafra
halo pou kenbe lespwa djanm
pou drese orizon pou yon lòt demen
pou bati yon Ayiti miyò
pou renouvle konfyans nan zile madichon
pou resoude lyen ki ini tout konsyans
halo pou fè leve yon lòt jou.

—Tontongi, 5 fevriye 2010

Home Page • Table of Contents • Send your writings and your letters to: Editors@tanbou.com