Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Editoryal

An respè pou memwa Pè Gérard Jean-Juste (1946–2009)

Mwen aprann avèk anpil lapenn nouvèl lanmò Pè Gérard Jean-Juste (Jera Janjis) nan jounen 27 me 2009, nan lopital Jackson Memorial nan Miyami, aprè konplikayon yon konjesyon serebral e ak pwoblèm poumon, daprè sa frè li Kernst Jean-Juste te rapòte. Misye te gen 63 zan.

Lanmò Pè Janjis se yon gwo pèt pou mouvman pou defans dwa Ayisyen, ann Ayiti kou aletranje, k’ap mennen depi nan ane milnèfsanswasant ak milnèfsanswasantdis yo, e ki vin pran jarèt nan ane katreven yo avèk enpilsyon Pè Janjis e Sant Refijye nan Miyami an. Natirèlman se yon lit k’ap mennen jouk jounen jodia. Se byen ironik ke landmen menm lanmò Janjis, gadkòt etazinyen mete men sou 35 refijye ayisyen pami yon santènn ki t’ap sove kite malsite nan peyi Dayiti. Yo pompe yo retounen ann Ayiti kou move pwason pechè pran sou lanmè.

Opresè yo di pèp gen memwa kout eke s’ak te pase lontan pa konte ; men gen anpil nan nou nan Boston ki sonje jan Pè Janjis te kanpe pou l defann dwa Ayisyen nan Miyami nan yon tan kote sa te ka koute w movez pas avèk lapolis, kout baton, kout prizon e menm pafwa lanmò. Li te defann dwa Ayisyen botpipol (boat-people), ki pat gen ankenn moun pou defann yo lè gadkòt meriken lese yo nwaye nan lanmè olye ba yo refij sou yon tè ansyen mèt li, Endyen yo, te bay tout moun labyenveni.

Se Pè Janjis, avèk èd yon gwoup patriyòt ayisyen nan Sant Refijye Ayisyen nan Miyami an ke l te ede restriktire e kèk pwogresis Etazinyen, ki te kenbe djanm ap defann botpipol yo lè makout-meriken nan Florid mete lamen sou yo e jete yo nan prizon federal, malmennen yo, oubyen retounen yo nan lanfè krazezo ak malsite rejim Bebe Doc la.

Akoz de militans Pè Janjis, anpil moun, Ayisyen kou non-Ayisyen, kèk ladan yo avoka, desann nan lari oubyen al nan tribinal pou al defann dwa pou trete refijye yo kòmsadwa, kou refijye politik k’ap sove kite lanfè malsite divalyeryen ann Ayiti a—olye de « refijye ekonomik » k’ap vin souse myèl nan Etazini, kouwè jan administrasyon Ronald Reagan ak papa George Bush t’ap ensiste defini yo.

Kouwè yon atik nan New York Times 28 me 2009 di sou misye : « Pè Janjis vin atire tou tout rayisman Acheveche Miyami an lè l vin ap fè mès fineray pou moun ki pat katolik ki te nwaye yo e lè l’al manifeste devan kay Achevèk Miyami an, Edward mcCarthy, yon nonm li di ki se yon rasis ki refize defann dwa refijye ayisyen yo. »

Goumen militans Pè Janjis nan Sant pou Refijye Ayisyen an konn pote anpil viktwa, youn nan pi enpòtan ladan yo se lè an 1980 yon tribinal te pote jijman ke Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon te komèt prejije rasyal lè l t’ap depòte Ayisyen an grann mas, tribinal la di Imigrasyon te dwe swiv « lalwa kòmsadwa » (« due process »). Plent pou jijman kolektif reprezantan refijye yo te pote kont malveyans te vin enfliyanse pozitivman fason pou trete tout refijye Ozetazini. Youn nan avoka Janjis yo, Ira Kurzban, di de misye : « Li te yon vizyonè, li ede chanje lalwa sou azil politik avèk jefò militans li… Sa li fè pou Ayisyen yo vin benefisye tout moun. » (New York Times, 28 me 2009)

Pè Janjis se youn nan moun mwen ka di mwen regrèt mwen pat konnen pi plis, men anvè ki, menm de lwen, mwen toujou gade yon respè ki pa janm flechi. Mwen konnen gen moun ki rayi li akoz de sipò total, san machande, li bay mouvman Lavalas la. Yo ka repwoche li pi patikilyèman sipò li pou Aristid menm lè li te pi fasil pou w demake ou de li. Pou defans li, mwen ka di anpil nan moun sa yo te deja rayi Janjis pou zaksyon politik li t’ap mennen, toujours à son corps défendant, pou l defann dwa refijye ayisyen yo oubyen moun pòv ann Ayiti. Misye rantre ann Ayiti an 1991 kote li kolabore avèk nouvo gouvènman popilè a ; li rete nan kache apre koudeta 30 septanm 1991 lan. Apre dezyèm koudeta kont gouvènman Aristid la an fevriye 2004, misye rete sou plas pou l lite kont aksyon an ke l denonse kou ilegal. Rejim defakto a arete l plizyè fwa sou divès pretèks kouwè pote zam, trayizon kont gouvènman an, elatriye.

Mwen pat janm wè l kou yon enkondisyonèl fanatik, yon lavalas revanchis, kouwè jan lenmi l yo vle desinen li. Mwen te wè l plis kou yon evèk konsyantize ki te vle itilize entilijans li, resous disponib yo ansanm ak praxis (praksis) ekzistansyèl li osèvis dwa pèp ayisyen an. Dispozisyon sa a fè l jwenn tou natirèlman ak mouvman Lavalas la ki te orijinèlman yon mouvman pou defans dwa pèp oprime ayisyen an, ke opresè a se peyi etranje oubyen tirani chèf lakay. Misye toujou rete yon pasifis ki kwè nan « nonvyolans aktif » pou reziste opresyon.

Ann fè remake tou, pou Pè Janjis, e pou anpil pwogresis ayisyen, mouvman revandikatif Lavalas la, sa li te reprezante, diferan de Aristid e de fason gouvènman Lavalas la te gouvène. Lavalas se kanalizasyon mouvman liberasyon ayisyen nan yon konfigirasyon politik pou l ka pran e ekzèse pouvwa politik la. Li te ekspresyon yon volonte popilè pou chanje lavi sou yon plan pratik. Espwa sa a te la anvan Aristid e l’ap kontinye apre Aristid. Se malere jefò sa a vin pot move non akoz de move zaksyon kèlke gwoupman ak grenn moun ki te swaf pouvwa total, san pataj, anpil nan yo moun san ankenn etik sèvis piblik.

Antanke prèt limenm ki enspire pa mouvman teoloji liberasyon ki t’ap nouri nan sen Legliz Katolik e nan sen sosyete oprime nan Amerik Latin lan, Pè Janjis te santi yon solidarite òganik avèk Pè Aristid e mouvman politik Lavalas la, e mwen pat janm wè l otreman ke yon patriyòt k’ap defann Ayisyen kèlkeswa kote li ye, ke l nan Pòtoprens, ke l nan Boston oubyen nan Miyami.

Se te yon moman trè tris e infàm nan listwa Ayiti lè gouvènman de fakto Latortue-Boniface la te arete Pè JanJis jou 21 jiyè 2005 lè l te rantre ann Ayiti, de Miyami, pou l te al patisipe nan antèman Jacques Roche. Yo akize l de asasinasyon Roche, yon moun li vini pou ede chante antèman li ! Yon akizasyon absid men ki pat ebranle konsyans « kominote entènasyonal » la e ki t’ap rizib si li pat koze malè e soufrans reyèl ka yon konpatriyòt konsekan.

Natirèlman rezon magouy sa yo kont Pè Janjis, se te pou kenbe misye nan prizon defason pou l pa patisipe nan eleksyon prezidansyèl 2006 la. Antanke pèsonalite politik popilè, rejim defakto a ansanm ak milye boujwazi reyaksyonè a pat vle pou vin gen yon « Lavalas » opouvwa. Akoz de objektif sila a, otorite neo-enperyalis yo, avèk bonjanri ak « bonnes auspices » Loni, ki te okipe Ayiti yo, ansanm ak kliyan lokal yo, pat fè anyen pou yo redrese enjistis kont Janjis la. Li pas plis ke 6 mwa nan prizon. Se te yon zaksyon vrèman kriyèl, malfezan, lè yerachi Legliz Katolik la chwazi momam tribilasyon sa a pou l wetire pawas Saint Claire a nan men Pè Janjis.

Kondisyon yo gade misye nan prizon vin gen yon konsekans terib sou sante li. Se nan prizon yo vin aprann li soufri de kansè leusemi an desanm 2006. Evantyèlman gouvènman pwovizwa defakto a—apre levekanpe anpil konsyans moun nan lemond, espesyalman yon apèl pa doktè Paul Farmer, sekonde pa revi Tanbou ak lòt vwa moun—, vin dakò lage Pè Janjis jou 29 janvye 2006. Pita gouvènman an vin elimine tout chaj yo. Men lemal te deja fèt, stress, tètchaje, tribilasyon vi prizon te deja fè dega sou sante l.

Se pa san fondman anpil moun rele li yon Martin Luther King ayisyen. Apre etid sou teoloji nan Kanada, misye antre Ozetazini e vin premye prèt ayisyen yo konsakre Ozetazini (nan legliz Saint Theresa of Avila nan Brooklyn an 1971). Li antre nan Boston kote li viv pou yon ti tan e etidye enjeneri. Apre l kite Boston e antre nan Miyami, li sèvi de mwayen ak taktik mouvman dwa sivil Nwa Etazinyen yo (denonsyasyon piblik, sit-in, manifestasyon, apèl nan jijman, elatriye) pou l fè opinyon piblik pote atansyon sou pwoblèm refijye ayisyen yo. An fèt, kouwè MLK te fè, Janjis chanje matirizman otorite nan Florid yo t’ap fè refijye ayisyen yo sibi, an yon paradigm de vyolasyon dwa moun, li chanje legalite malfezans la an yon kesyon vyolasyon dwa sivil moun, kote li plase li devan lajistis e devan konsyans pèp etazinyen an e mande sipò yo. Pou li se pat yon pwoblèm charite kouwè yerachi Legliz Katolik la nan Miyami te wè l, men yon kesyon de enjistis kont dwa èt imen.

Mwen te rankontre Pè Janjis yon fwa nan ane 1983, nan yon reyinyon nan sant Saint Mary nan Cambridge (pre Boston). Li mande pou tout Ayisyen leve kanpe pou defann dwa Ayisyen e fòse tolerè nan Washington yo fòse pwoteje l yo respekte dwa demokratik pèp ayisyen ann Ayiti. Lè w t’ap koute misye k’ap pale ou konprann poukisa gwo bacha yerachi Legliz Katolik yo pat alèz avèk li e fè tout sa yo kapab pou te pouse l kenbe silans. Kèk tan apre reyinyon nan Cambridge la, mwen telefòne Pè Janjis e mande pou l vini nan Boston kòm « envite donè » nan youn nan yon seri konferans « pou yon nouvèl estrateji » pou goumen kont diktati a, nou te konn òganize alepòk la. Men malerezman misye pat ka vini akoz de deblozay ki te pete nan Miyami. Konsil gouvènman Divalye a nan Miyami, Alexandre Paul, te fè yon seri de deklarasyon rasis kont Nwa Etazinyen yo, e deklarasyon sa yo te riske mete kominote nwa etazinyen an dozado avèk kominote ayisyen an. Janjis te sètoblije ret sou plas pou l ka de-eskalade kriz la (tcheke lèt Janjis nou repwodui pi ba a).

Wi lanmò Pè Janjis se yon gwo pèt pou mouvman liberasyon pèp ayisyen an jeneral, e pou goumen pou pwoteksyon dwa moun, keseswa dwa imigran Ayisyen ak pòv Ozetazini, oubyen dwa ti malere ak malerèz ansanm ak dwa timoun pouvwa malouk ak lelit dominan yo ap malmennen ann Ayiti.

Youn nan batay k’ap mennen koulyea se demand pou otorite etazinyen yo bay dèdizèn de milye refijye ayisyen yo vle depòte sa yo rele Temporary protected status (TPS), sètadi yon eksepsyon ki pwoteje yo kont depòtasyon nan yon peyi k’ap viv nan kondisyon malouk, kouwè Ayiti apre ravaj 4 siklòn ane pase yo. Yo bay anpil sitwayen lòt peyi eksepsyon sa a. Se yon diskriminasyon ki fè jiskamètnan yo poko bay Ayisyen yo li.

Ann espere—e kenbe lite pou—lavi Pè Jera Janjis, devouman li, jenerozite li, lanmou li pou moun ak kouraj li montre devan advèsite sèvi kòm enspirasyon pou jenerasyon Ayisyen ak Ayisyèn koulyea ak tout lòt jenerasyon k’ap vini yo. Konba pou defann dwa refijye toujou ap kontinye jouk jounen jodia.

Antèman Pè Jera Janjis te chante jou 6 jen 2009, nan Legliz Notre Dame nan Miyami.

—Tontongi

Li nimewo espesyal Tanbou te pibliye sou kesyon anprizonnman Pè Janjis : http://www.tanbou.com/2006/index.htm

Le révérend-père Gérard Jean-Juste, décédé à Miami, États-Unis, le 27 mai 2009, due à une complication suite à une congestion cérébrale et infection pulmonaire, l’a bien mérité quand on dit qu’il était le Martin Luther King d’Haïti, le grand champion des droits des démunis, des exploités et des méprisés.

Il a utilisé les mêmes méthodes de protestation pour les droits civils employées par les Noirs étatsuniens dans les années 1950 et 1960 (dénonciations publiques, sit-ins, manifestation de rue, etc.) pour défendre les droits des réfugiés haïtiens qu’on malmenait en Floride, États-Unis, dans les années 1970 et 1980—changeant les mauvais traitements assénés aux réfugiés haïtiens en des violations des droits de la personne qui exigeaient rectification par les tribunaux.

Je reproduis ci-après une courte lettre qu’il m’a envoyé en avril 1984 pour s’excuser de ne pouvoir venir à Boston pour participer à une conférence où il était l’un des deux invités spéciaux, dans le cadre d’une série de conférences que nous organisions à l’époque sur une « nouvelle stratégie » pour combattre la dictature duvaliériste et l’impérialisme. Il était retenu à Miami à cause des déclarations désobligeantes, à caractère racistes, le consul du gouvernement de Duvalier à Miami, Alexandre Paul, proférait à l’encontre de la communauté noire étasunienne. Une crise menaçait de mettre les deux communautés en conflit.

Autres articles sur la mort du révérend Gérard Jean-Juste :

Le Miami Herald du 27 mai 2009 : “Haitian priest who helped immigrants dies in Miami” by Laura Wides-Munoz : http://www.miamiherald.com/news/florida/AP/story/1068907.html

Le Nouvelliste du 28 mai 2009 : « Haïti ; Le prêtre catholique et leader communautaire, Gérard Jean-Juste, s’est éteint » : http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=70657

Le New York Times du 29 mai 2009 : “The Rev. Gérard Jean-Juste, Champion of Haitian Rights in U.S., Dies at 62”—by William Grimes: http://www.nytimes.com/2009/05/29/world/americas/29jean-juste.html?_r=1

« Miami : Des milliers rassemblés pour honorer le Père Jean-Juste » —par Kim Ives, Haïti Liberté du 10 au 16 juin 2009 : http://haitiliberte.com/page20a.php

“Miami: Thousands Turn Out for Jean-Juste’s Funeral” —by Kim Ives, Haïti Liberté of June 10–16, 2009: http://haitiliberte.com/page9a.php

“Justice Begins in the Heart” —by Ira Kurzban, Haïti Liberté of June 10–16, 2009: http://haitiliberte.com/page9a.php

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com