Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Tanbou libète

(pou TontonGuy)
men-n ap bat tanbou
men-n ap frape solèy
dwèt nou se bagèt
chak kout tanbou se limyè
van ap soufle
loraj ap gwonde
chak kout tanbou se zèklè
sot l’Afrik
al Sen Domeng
sot Sen Domeng
al Ayiti
soti Ayiti
al kiba
tanbou ap kata
depi Kaonabo
jouk Tousen-Louvèti
depi Desalin
jouk Peralt
depi Akao
jouk Kastro
tanbou loraj ap gwonde
tout nèg mawon kanpe
tout fanm vanyan ap danse
tanbou sila-a
se dife lan chan kann
tanbou sila-a
se tanbou revolisyon
se tanbou
libète

—Paul Laraque

Mwen konnen yon vòlè

—par Kwitoya

mwen konnen yon vòlè
mètdam pase tout vòlè
se nan non libète
li fè tout malpwòpte
sèmante sou labib
pou l louvri mache lib
akoukouman sosyete
ak kowosòl egalite
«frè se frè sè se sè»
nanpwen pi bèl vè
chapit fratènite
nan liv limanite
bèl diskou san manti
si konsa l te pati
poutan boujwa manti
menm avèk lekriti
li vòlò legalman
plen pòch li-menm sèlman
ou fin «masèl-kòkòb»1
lò l ba ou vennsenkòb
jou ou mande pi plis
ou gentan teworis
pi devan anachis
osnon kominis
esklav nan tan lontan
te goumen tanzantan
kont gran mèt bitasyon
dèyè liberasyon
bon rèv limanite
bwase ak libète
pou n pa pèdi lespwa
fò n mare «mimi-myaw»2 ak boujwa.

—Kwitoya

1.tèm anplwaye pou deziye yon eksplwate, yon egare, yon moun sosyete an rann li fou pou tank yo toupizi l, yo chawonyen l, yo meprize l, etsetera…
2.anplwaye tanzantan pou di: «entèl se gwo vòlè»; egzanp: «ou wè pitit madan Pyè an, se gwo mimi-myaw… sa vòlè twa jou anvan chat».

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com