Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Estilistik:

Osijè tradiksyon òganik la

N ap eseye pou n wè si nan chak atik oubyen etid ki sòti nan jounal la pou genyen yon entwodiksyon òganik ki akonpaye li e ki ap non sèlman prezante sijè a, men tou ki ap chache fè sòti, reflekte, esans lang orijinèl sijè a te prezante bay piblik la. Pa ekzanp si yon atik sou agrikilti parèt an franse nan revi a, prezantasyon kreyòl la ap di ke se yon atik sou plantasyon, sevraj ak rekòlt. E si nan atik oubyen etid la gen keksyon enpòtan ki lye keksyon agrikilti a avèk lòt keksyon sou kondisyon sosyo-politik, jewopolik oswa pratik agrikilti ap dewoule, fòk prezantasyon kreyòl la kapab di sa e eksplike l avèk yon kantite de fraz ki pa nesesèman bezwen long. Nou gen pou n itilize teknik tradiksyon òganik lan tou nan filozofi ak nan literati, patikilyèman nan pwezi, kote n ap tradwi yon metafò non pa mo pou mo, men nan esans, espri ak santiman powèm orijinèl la te eksprime l la. N ap vin anplwaye sistèm sa nan tout lòt lang revi a ap vin itilize. Nou chwazi elabore sistèm sa a, paske nou pa vle pou lang oksidantal yo kontinye ap monopolize eritaj ak konesans inivèsèl ke tout pèp, kilti ak lang sou latè a akimile e kontribye pou jwisans entèlektyèl tout moun.

—Tambour/Tanbou, Boston desanm 1993

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com